Fason n itilize ofrann nou yo?
Inisyativ yo pran ki bon ni pou frè nou yo ni pou tè a
1ye AVRIL 2025
Antanke Temwen Jewova, nou konnen talè konsa Jewova pral aji pou l repare dega lèzòm fè sou tè a (Revelasyon 11:18). Byenke nou konn sa, nou toujou fè sa nou kapab pou nou pran swen tè a kounye a. Pa egzanp, nou fè plan konstriksyon lokal pou n bay Jewova adorasyon yo fonksyone yon fason ki pap deranje anviwònman an.
Inisyativ konsa, oswa solisyon ki bon anviwònman se pwojè nou fè avèk objektif pou gen mwens dega posib ki fèt sou anviwònman an. Ki pwojè konsa nou fè nan domèn sa a? E ki jan pwojè sa yo ede nou sèvi ak lajan frè ak sè yo bay yo yon fason ki saj?
Fason n fè pou yon Sal Asanble kenbe fre
Anvan sa, yo te konstwi Sal Asanble Matola a nan peyi Mozanbik ak sou kote yo ouvè e yon twati an fè. Twati sa a rale anpil chalè solèy e li lakòz oditoryòm nan fè cho anpil. Gen yon frè nan zòn nan ki di: “Chalè a fè nou swe! Lè pwogram nan fini, frè yo kouri sot deyò pou yo jwenn yon ti lè fre e pou yo pa cho ankò.” Ki sa nou te rive fè pou Sal Asanble a ka yon kote ki pi konfòtab pou frè yo kapab byen aprann?
Nou te deside rezoud pwoblèm nan yon fason ki pa gen move efè sou anviwònman an. Nou te mete vantilatè ki mache ak fòs van an epi nou te mete izolan anba tòl yo. Izolan yo te lakòz mwens chalè solèy antre nan oditoryòm nan, e vantilatè yo te fè gen yon bon lè fre ki t ap antre. Vantilatè yo pa sèvi ak kouran, men yo sèvi ak van ansanm ak kourandè a pou retire lè cho k ap antre nan oditoryòm nan. Vantilatè sa yo koute anviwon 50 dolaa.
Vantilatè ki mache ak van nan Sal Asanble Matola a
Solisyon sa a te fè l pi bon pou frè ak sè yo respire nan Sal Asanble a. Akoz lè a t ap antre soti nan bilding nan, li pa t fè mwezi menm jan l te konn fè anvan an. Epitou, te gen mwens diyoksid kabòn anndan an e plis oksijèn te antre. Kòm rezilta, asistans lan kapab pi konsantre e yo kapab santi yo alèz. Menm frè ki te pale pi wo a di: “Kounye a, nou pa kouri soti deyò ankò lè pwogram nan fini. Okontrè, nou rete anndan oditoryòm nan pandan poz la pou n pale ak zanmi nou yo. Lè nou chita anba nouvo twati sa a, nou byen fre, se kòmsi nou te chita anba yon gwo pyebwa.”
Kounye a, frè nou yo pi byen pwofite kongrè ak asanble yo
Nou sèvi ak enèji solèy la
Nan anpil nan lokal nou sèvi pou n adore Jewova yo, toupatou sou tè a, nou sèvi ak sistèm pano solè a, ki konvèti limyè solèy la, ki se yon sous enèji ki pap fini, pou bay kouran. Kòm rezilta, nou pa depann de bagay tankou chabon, luil ak gaz ki fè anpil polisyon. Sistèm pano solè a fè mwens polisyon epi li pèmèt nou fè plis ekonomi.
Nan ane 2023, yo te enstale yon sistèm pano solè nan filyal Sloveni an. Li bay 30 pousan nan enèji yo itilize nan bilding yo. Si gen yon lè sistèm nan bay plis kouran pase sa yo bezwen, se kominote nan zòn nan ki sèvi avèk sa ki anplis la. Sistèm pano solè sa a te koute 360 000l dola. Piske filyal la pa gen pou l peye bil pou kouran, nan katran sèlman, nou fè plis ekonomi nan sèvi ak sistèm sa a pase sa nou depanse pou n fè l.
Filyal Sloveni
Nan ane 2024, nou te enstale sistèm pano solè nan filyal Sri Lanka a. Pwojè sa a te koute twa milyon dola, e sistèm nan te bay 70 pousan nan kouran filyal la te bezwen. Nan twazan, n ap fè ekonomi plis lajan pase sa nou te depanse pou fè sistèm nan. Nan menm ane sa a, nou enstale yon sistèm pano solè nan filyal Peyiba. Sistèm sa a te koute 1,1 milyon dola e li te bay 35 pousan nan kouran filyal la te bezwen. Sistèm pano solè sa a ap kouvri depans ki te fèt pou li a nan nevan.
Filyal Peyi Ba
Nou te enstale sistèm pano solè nan plizyè nan biwo tradiksyon adistans (BTA) nou yo nan peyi Meksik. Ann pran yon egzanp: nan BTA Tarahumara (santral) la ki nan Chiwawa. Ann ivè, tanperati a ka tonbe pi ba pase zewo degre Sèlsiyis (32°F), e ann ete, kèk fwa, li ka monte pi wo pase 40 degre Sèlsiyis (104°F)! Epi, akoz kouran koute chè, frè ak sè yo pa eseye sèvi ni ak klimatizè, ni ak chofaj. Jonatan, yon frè k ap travay nan BTA a di: “Nou sèvi ak lenn epi rad pwès lè gen fredi epi nou ouvri fenèt yo ann ete.”
Nan ane 2024, yo enstale yon sistèm pano solè nan BTA a. Sistèm nan te koute 21 480 dola, men ekonomi l ap fè a ap kouvri depans ki te fèt la nan senkan. Frè nou yo ka sèvi ak chofaj la ak klimatizè a pi souvan kounye a. Men sa Jonatan di: “Nou pi renmen travay n ap fè a e nou anmezi pou n fè plis pase anvan. E nou santi nou kontan paske nou konnen BTA a ap sèvi ak kòb òganizasyon an yon fason ki saj e ki pap deranje anviwònman an.”
Ekip tradiksyon Tarahumara (nan mitan) ap travay nan yon anviwònman ki pi konfòtab kounye a
Nou sèvi ak dlo lapli
Ann Afrik, gen kèk Sal Wayòm ki pa gen dlo ki pwòp pou yo sèvi. Se sa k fè, frè yo konn oblije al pran dlo byen lwen pou yo pote nan Sal sa yo. Nan lòt Sal Wayòm, frè yo achte dlo nan kamyon, men sa koute chè e li gen move efè sou anviwònman an.
Pou frè n yo ka gen dlo ki pwòp pou yo sèvi, nou te enstale goutyè e nou mete gwo tank nan anpil Sal Wayòm nan plizyè kote ann Afrik. Anvan yo enstale ekipman yo, frè yo chèche konnen ki jan tanperati yo ak klima yo ye nan zòn sa yo, pou yo ka jwenn pi bon fason pou yo kapte dlo a pou Sal sa yo. Sa ka koute ant 600 a 3 000 dola pou yo enstale ekipman sa yo nan yon Sal Wayòm. Kidonk, sa vin pa koute chè pou Sal yo jwenn dlo pou yo fonksyone, etandone frè yo pa bezwen achte dlo ankò.
Yon tank dlo nan yon Sal Wayòm nan Phuthaditjhaba, Afrik disid
Sistèm sa yo pou kapte dlo lapli a pwofitab pou frè ak sè yo anpil. Noemia, yon sè nan peyi Mozanbik, di: “Anvan sa, te gen 32 frè ak sè, nan diferan okazyon, ki te konn al byen lwen pou al chèche dlo pou mete nan Sal la. Nou te konn rive nan Sal la fatige anpil. Piske l te difisil pou n jwenn dlo, li te difisil pou n rete pwòp. Kounye a, tout moun ka lave men yo. Nou ka rive nan Sal la san nou pa twò fatige pou nou suiv reyinyon yo. Mèsi anpil pou sa!”
Yon sè ak pitit gason l k ap sèvi ak dlo lapli yo kapte, Afrik disid
Ki jan òganizasyon an rive fè depans pwojè sa yo te mande yo? Grasa ofrann ki fèt pou travay mondyal la, e anpil nan ofrann sa yo fèt sou donate.jw.org. Mèsi pou ofrann nou fè yo ki montre renmen bay!
a Tout dola yo pale nan atik sa a se dola ameriken.