BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Vandredi 16 oktòb

Pa kite kè nou fè n chankre al nan wout fi sa a. Pa vire al nan chemen l yo. — Pwo. 7:25.

Istwa Salomon an montre sa k ka rive nenpòt sèvitè Jewova. Li ka fè yon peche ki grav, e pou li menm, se “menm kote a” tout bagay rive. Oswa li ta ka di: “Sa rive m sanzatann.” Epoutan, si l reflechi sou sa k pase a, sandout l ap rann li kont li te pran yon seri move desizyon ki lakòz li peche. Petèt li te chwazi fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova, petèt li te pran detant ki pa kòrèk, oswa li t al yon seri kote yon kretyen pa ta dwe ale, kit se an pèsòn oswa sou Entènèt. Epitou, li ka te sispann priye, li Labib, asiste reyinyon oswa patisipe nan travay predikasyon an. Menm jan ak jèn gason nan liv Pwovèb la, petèt li pa t tonbe nan peche “menm kote a”, men se apre li te fin pran yon seri move desizyon sa te rive l. Ki leson nou aprann? Nonsèlman nou bezwen evite fè peche, men tou, nou bezwen evite kèlkeswa sa ki ka mennen nan peche. Se egzakteman sa Salomon te esplike apre l te fin rakonte istwa a. — Mat. 5:​29, 30. w24.07 16 § 10-11.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Samdi 17 oktòb

Nou gen trezò sa a nan veso ki fèt an tè. — 2 Kor. 4:7.

Ki sa trezò sa a ye? Se travay preche mesaj Wayòm nan, yon travay ki ka sove lavi moun (2 Kor. 4:1). Ki sa veso ki fèt an tè yo ye? Yo reprezante sèvitè Bondye yo k ap fè lòt moun konn bon nouvèl la. Nan epòk Pòl la, komèsan yo te konn sèvi ak ja ki fèt ak ajil pou yo transpòte bagay ki gen valè, tankou manje, diven ak lajan. Menm jan an tou, Jewova konfye nou mesaj bon nouvèl la ki gen anpil valè. Avèk èd Jewova, n ap jwenn fòs nou bezwen pou nou kontinye preche. Pafwa, nou ka pè moun oswa nou ka pè pou moun pa fè nou malonèt. Ki sa nou ka fè nan moman sa yo? Ann sonje priyè apot yo te fè lè yo te ba yo lòd pou yo sispann preche. Yo pa t kite laperèz fè yo sispann preche. Okontrè, yo te mande Jewova ede yo “kontinye pale ak kran”. Jewova te reponn priyè yo a lapoula (Tra. 4:​18, 29, 31). Si pafwa ou pè moun, mande Jewova ede w vin pi renmen moun pou w ka pa pè pataje bon nouvèl la avèk yo. w24.04 16 § 8-9.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Dimanch 18 oktòb

Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.

Piske nou renmen Jewova nou vle fè non l vin sen. Sa vle di, nou vle fè lòt moun konnen vye bagay Satan di sou Jewova yo se manti (Jen. 3:​1-5; Jòb 2:4; Jan 8:44). Nan travay fè disip la, nou kontan pran pozisyon pou Bondye nou an lè n fè tout moun ki vle koute konnen laverite sou li. Nou vle tout moun konnen pi bèl kalite l genyen se lanmou, li dirije yon fason ki dwat e avèk jistis, epitou talè konsa, Wayòm li an pral elimine tout soufrans e l pral fè lèzòm viv nan lapè ak kè kontan (Sòm 37:​10, 11, 29; 1 Jan 4:8). Lè n defann repitasyon Jewova nan travay fè disip la, nou fè non l vin sen. Epitou, nou kontan paske n fè sa n dwe fè antanke Temwen Jewova. w24.05 18 § 12.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje