FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Yon fason ki pi senp pou n enprime piblikasyon n yo pou n ede “tout kalite moun”
1ye OKTÒB 2025
Jewova vle “ pou tout kalite moun […] gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:3, 4.) Sepandan, frè ak sè nou yo ansanm ak moun nou preche yo pa pale menm lang, yo pale plizyè santèn lang diferan. Chak ane, nou enprime prèske de milya piblikasyon nan lang sa yo. Men, ki jan nou rive pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la nan tout lang sa yo toutpandan nou byen sèvi ak ofrann yo?
Mwens enprimri, pi bon ekipman
Pandan ane 1980 yo, nou te enprime peryodik nan plis pase 40 peyi. Depi lè sa a, tikras pa tikras, nou vin òganize lòt fason pou n enprime piblikasyon nou yo, e kounye a, nou enprime sèlman nan nèf peyi. Nan menm peryòd sa a, kantite lang nou pwodui piblikasyon nou yo regilyèman ogmante prèske 500 pousan! Ki jan nou rive enprime nan plis lang pandan nou gen mwens enprimri? Youn nan rezon yo se paske nou gen pi bon ekipman.
Nouvo machin nou yo pèmèt nou enprime plis piblikasyon nan mwens tan. Lè n te konn sèvi ak ansyen machin yo, chak fwa nou te fin enprime yon kalite piblikasyon, nou te oblije pase anpil tan ap fè chanjman nan machin nan pou n ka enprime yon lòt kalite piblikasyon. Kounye a, grasa pi bon ekipman yo, chanjman yo fèt kat fwa pi rapid. Nou ka enprime plis piblikasyon pi rapid, e nou ka menm enprime mwens piblikasyon nan lang anpil moun pa pale. Chak piblikasyon te bezwen yon nouvo plak an metal pou n enprime l. Sa pa gen lontan, nan yon espas 12 mwa, nou te depanse prèske de milyon dola pou n achte nouvo plak an metal pou n enprime.a Men, nou itilize près dijital ki pa bezwen plak an metal pou enprime piblikasyon ki pa anpil. Machin sa yo, sa gen ladan l enprimant k ap sèvi ak teknoloji ki yon lazè, ban nou posiblite pwodui ti kantite piblikasyon ki koute n mwens kòb e san nou pa itilize anpil resous.
Y ap chanje plak metal pou enprime lòt piblikasyon.
Pandan twa ane ki sot pase yo, sa te koute nou plis pase dis milyon dola pou n amelyore enprimant yo ak ekipman nesesè yo toupatou sou tè a. Ann pale sou fason nou itilize kèk nan ekipman sa yo pou n enprime Bib yo. Nan tan lontan, te gen 40 bagay frè yo te bezwen fè pou enprime yon Bib, tankou koud li, koupe l, taye paj yo, fè l swa e fè l bèl. Anplis, byen souvan, nou te bezwen deplase Bib yo e mete yo youn sou lòt san machin apre chak etap nou fèk site la yo. Jodi a, se sèlman 10 etap frè yo bezwen fè, paske anpil etap vin fè yon sèl sou machin nou genyen k ap pote Bib soti nan yon etap pou al nan yon lòt etap. Donk, kounye a, pou n enprime Bib yo, sa pran nou mwatye tan nou te konn itilize pou n fè travay la. Nan filyal peyi Japon, machin pou enprime Bib te pwodui 2 000 Bib chak uit èdtan. Kounye a, nan menm peryòd sa a, nou pwodui 35 000 Bib!
Nou itilize kodba yo pou idantifye, ranmase epi separe chak seksyon nan Bib la.
Mwens piblikasyon stoke, mwens depans
Piske nou fè tout chanjman nou fèk site anwo a, nou depanse mwens nan ofrann volontè yo. Pa egzanp, piske nou enprime mwens epi nou fè yon seri chanjman anrapò ak piblikasyon n ap enprime, nou vin gen mwens piblikasyon ki stoke nan chak kote nou enprime yo. Gary, yon frè ki travay nan filyal Etazini, fè konnen: “Okòmansman, li te difisil pou n konprann se yon bon ide pou n enprime yon ti kantite piblikasyon, men pou n fè sa pi souvan.” Gary te admèt: “Nou te panse li t ap pi bon pou n enprime anpil piblikasyon, men mwen souvan.” Epi Gary di ankò: “Nan premye ane apre nou te enprime mwens piblikasyon, men pi souvan, nou te peye 60 000 dola anplis pou plak metal yo ak papye. Sepandan, nou te sove plis pase 1,5 milyon dola nan ane sa a, se yon lajan nou t ap itilize nan stoke papye ak piblikasyon!” Nou ka sèvi ak lajan sa a pou lòt bagay enpòtan tankou konstriksyon Sal Wayòm ak bay èd apre yon katastwòf.
Piske nou pa bezwen tout espas pou stoke piblikasyon yo ankò, nou vin gen plis espas nan kèk filyal. Filyal sa yo kapab itilize espas sa a pou lòt bagay. Epitou, piske nou enprime nan mwens kote, souvan, nouvo filyal nou yo ka pi piti. Pa egzanp, lè n te fè konstriksyon nan filyal Grann Bretay nan ane 2018, se filyal Amerik santral ak lòt filyal ki te enprime piblikasyon yo. Konsa, nou te konsève plizyè milyon dola nan konstriksyon nan nouvo filyal nan Chelmsford la, ann Angletè.
“Ou sonje m!”
Sa ki pi enpòtan, piske nou fè fason nou enprime piblikasyon n yo pi senp, gen plis moun ki vin konnen Jewova. Kounye a, nou kapab enprime nan plis lang, e gen lang, se sèlman kèk santèn piblikasyon nou bezwen pou yo. Pa egzanp, gen sèlman 35 000 moun ki pale walizyen k ap viv Nouvèl Kaledoni, Wallis ak nan Futuna. Men, nan out 2024, Labib — Tradiksyon monn nouvo a okonplè te parèt nan walizyen. Men sa yon pwoklamatè ki rele Selafina ki pale walizyen di: “Mwen te konn li pawòl mwen pa konprann nan Bib fransè a. Donk, lè m te resevwa Bib an walizyen an, dlo te koule nan je m. Mwen te di: ‘O Jewova, ou sonje m! Ou se yon Dye ki pa gen patipri.’”
Kounye a, Tradiksyon monn nouvo a okonplè disponib nan lang walizyen.
Menmsi gen mwens pase 500 000 moun nan Repiblik demokratik Kongo ki pale sanga, liv Viv ak kè kontan pou toutan! an disponib nan lang sa a. Yon frè ki rele Josué ki nan yon kongregasyon ki pale sanga fè konnen: “Nou te travay anpil pou n esplike oubyen pou n tradui kèk pawòl ak ekspresyon pou etidyan Labib nou yo. Menmsi nou te fè sa, pafwa, etidyan m yo pa t ka konprann sa liv la t ap di. Se sa k fè nou kontan kounye a nou gen liv la nan lang sanga! Kounye a, etidyan m yo konprann sa yo aprann epi mwen pa bezwen bay yo esplikasyon ki long.”
Yon etid biblik k ap fèt nan Ondiras avèk liv Viv ak kè kontan pou toutan! an nan garifouna, yon lang anviwon 120 000 moun pale.
Nou pibliye epi bay plis piblikasyon ki baze sou Labib nan plis lang pase nenpòt lòt epòk. Ofrann volontè nou yo, san wete ofrann nou fè sou donate.jw.org, ede nou fè sa. Mèsi anpil pou ofrann sa yo!
a Dola nou site nan atik sa a se dola ameriken.