FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a: Sa k ap pase pa dèyè kamera a
1ye OKTÒB 2024
Ane sa a, youn nan bagay Temwen Jewova yo t ap tann anpil se premye epizòd nan seri videyo Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a. Gen plizyè milya moun ki deja gade l. E se sèlman premye nan 18 epizòd yo. Ki sa frè ak sè yo te fè pa dèyè kamera a pou n rive gen videyo sa yo e ki jan ou menm ou te bay èd pa w?
Yo pran swen aktè yo ak ekip k ap travay yo
Pifò sèn nan seri videyo Lavi Jezi a te fèt nan filyal Ostralazi a e te gen ant 50 a 80 moun ki te prezan pou chak sèn.a Chak jou, yo te bay frè ak sè sa yo manje ni a midi ni aswè e te gen lòt bagay pou yo pase nan bouch yo. Yo te planifye manje yo byen lontan alavans. Men sa Esther, yon sè ki travay nan depatman ki okipe kesyon manje a, di: “Nou achte manje nan men plizyè founisè pou nou ka jwenn pi bon kalite manje pou pi bon pri. Tanzantan, nou ajiste kantite manje nou fè yon fason pou n evite gaspiyaj.” Pou chak moun, chak jou nou depanse anviwon kat dola ameriken pou manje.
Anplis manje, aktè yo ak lòt moun nan ekip la bezwen pwoteksyon tou. Pwoteksyon kont ki sa? Ann Ostrali, byen souvan gen gwo solèy e li fè cho, e reyon solèy yo danjere anpil. Pou pwoteje tout moun kont reyon solèy danjere sa yo e pou yo pa endispoze akoz chalè a, frè ak sè k ap travay pou ede ekip pwodiksyon an monte tant e yo mete kote pou moun rafrechi yo. Anplis, yo mete krèm pou solèy, parasòl ak dlo disponib pou yo. Men sa Kevin, ki travay nan Depatman odyo videyo, di: “Pifò nan frè ak sè k ap fè travay la pa abite nan Betèl. Avèk imilite e ak kè kontan, yo fè travay sa a ak plizyè lòt kalite travay. Nou pa t ap ka rive fè pwojè sa a san yo.”
Filme sou teren
Gen kèk sèn ki pa t ap parèt reyèl si yo ta filme yo nan filyal la, kit se pa deyò kit se nan stidyo. Nan ka sa yo, y al filme sou teren. Pou yo ka filme sèn nan tan biblik yo, kote ki pa gen kab kouran, wout ki gen asfalt ak kay modèn, souvan tout ekip la bezwen deplase al nan zòn ki andeyò. Yo dwe rasanble rad yo, akseswa yo ak materyèl yo pou pote yo e mete tout bagay sa yo yon kote y ap an sekirite. Anvan yo kòmanse filme, frè ki sèvi kòm adjwen kowòdonatè pwodiksyon yo asire yo gen dèlko, dlo potab ak twalèt disponib nan lokal la. Aktè yo ak lòt manm ekip la rete lakay frè ak sè nan zòn nan, oswa nan konntenè, nan otèl oubyen nan ti kay an bwa.
Lè nou oblije al sou teren pou n filme, sa gen anpil difikilte.
Filme nan zòn sa yo ka koute chè, sa pran anpil tan e sa fatigan pou tout moun. Se sa k fè, nan ane 2023, Kolèj santral la te bay apwobasyon pou achte yon gwo ekran ki koute 2,5 milyon dola ameriken. Se yon ekran kote lè yo pase yon videyo, moun ki kanpe devan ekran an parèt kòmsi se nan videyo a li ye. Teknoloji yo sèvi pou ekran sa a fè bagay yo parèt klè e yo sèvi ak ekleraj ki adapte ak sa k ap pase sou ekran an yon fason pou l sanble se deyò yo ye toutbon. Sa ki fè, souvan nou evite fè gwo depans pou n filme deyò. Darren, yon manm Komite filyal Ostralazi a, di: “Lè n sèvi ak ekran sa a, sa fè aktè yo fatige mwens e yo ka refè kèk sèn plizyè fwa. Pa egzanp, se sèlman kèk minit nou t ap genyen pou n filme lè solèy la ap kouche. Men, avèk ekran an, nou ka montre solèy la k ap kouche kantite fwa nou vle jiskaske nou jwenn sa nou bezwen an.”
Anvan yo kòmanse filme, y ap ajiste e y ap teste gwo ekran yo fèk enstale a
“Mwen pa t santi sakrifis mwen te fè a”
Pou chak epizòd nan seri Lavi Jezi a yo bezwen plizyè santèn aktè e n bezwen plis moun toujou pou ede. Ki jan moun sa yo santi yo anrapò ak tout efò ki fèt pou pran swen yo?
Amber, ki fè yon vwayaj plis pase 700 kilomèt soti lakay li nan vil Mèlboun pou l vin patisipe nan pwojè a, fè konnen: “Depi nan ayewopò a, frè yo nan Betèl la te byen akeyi m. Anpil nan Betelit yo te envite m manje oswa pran yon ti te avèk yo. Kote yo t ap filme a, tout frè ak sè yo te fè m santi m alèz e yo te demontre lanmou pou mwen. Mwen te jwenn anpil benediksyon nan vwayaj sa a. Mwen pa t santi sakrifis mwen te fè a!”
Derek ap travay ak ekip videyo a. Men sa l di: “Depi lè pwojè a kòmanse, gen anpil depatman ki ede nou. Mwen gen rekonesans pou tout frè ak sè k ap travay bò kote m yo ki bay tan yo, bagay materyèl yo posede ak enèji yo pou soutni pwojè sa a. Yo ankouraje nou, yo dispoze travay e yo janti. Li klè, Jewova beni ni yo menm ni nou menm. Mwen gen konviksyon Jewova pa sèlman enterese nan rezilta travay la men tou, li enterese nan fason nou fè travay la.”
Mèsi pou ofrann nou fè pou n soutni pwojè pou filme seri videyo sa a, sa gen ladan l tou ofrann nou fè sou donate.jw.org.
a Filyal Ostralazi a sipèvize travay predikasyon an nan plizyè peyi, pami peyi sa yo gen Ostrali ak plizyè lòt peyi nan sid Pasifik la. Filyal la nan zòn andeyò nan vil Sidne, ann Ostrali.