25-31 ME 2026
KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”
Montre w gen bon konprann e w ap ‘reyisi nan sa w ap fè’
“Moun ki montre li gen bon konprann nan ap reyisi nan sa l ap fè.” — PWO. 16:20.
PWEN KLE
Lè n montre nou gen bon konprann, sa kapab ede n byen reyaji nan sitiyasyon ki difisil.
1-2. Ki sa bon konprann ye, e ki jan l ka ede n?
ÈSKE yon lè ou te santi yon moun pa t montre l gen respè pou ou? Èske yon lè yon moun te mal jije w oswa l te mal aji avè w? Oubyen èske w te viv yon sitiyasyon ki te fè w pè anpil? Si sa te rive w, sandout ou konnen jan sa ka difisil pou w byen reyaji nan sitiyasyon konsa. Erezman, Labib montre gen yon kalite ki kapab ede n nan sitiyasyon sa yo ak nan anpil lòt sitiyasyon, se bon konprann.
2 Lè n gen bon konprann, nou pa pran desizyon ki baze sèlman sou sa n wè, men, nou gen kapasite pou n pi byen konprann yon sitiyasyon. Pa egzanp, li ede n konprann sa k fè petèt yon bagay rive oswa poukisa yon moun aji yon fason. Konsa, bon konprann ka ede n pou n aji avèk sajès. Li kapab ede n pou n “kontwole bouch” nou e pou n konnen ki lè pou n “fè silans”. (Pwo. 10:19; Sòm 4:4.) Epitou, li ka ede n pou n rete kalm lè n fache e pou n padone. Li ka ede n tou pou n aksepte konsèy ak disiplin (Pwo. 19:20). Lè n montre nou gen bon konprann, pawòl nou di ak sa nou fè nonsèlman ap fè Jewova plezi, men tou, sa ap bon pou nou e sa ap bon pou lòt moun. Sa ap ede n sitou nan sitiyasyon kote nou ka gen tandans aji san reflechi oswa nou santi n pa ka kontwole fason n ap reyaji. Ann egzamine twa istwa nan Bib la ki montre jan bon konprann kapab ede n pou n kontinye gen imilite, pou n rete kalm e pou n konte nèt sou Jewova.
AJI AVÈK IMILITE OLYE W AJI AK ÒGÈY
3. Kiyès Naaman te ye?
3 Si n vle reyisi toutbon nan sa n ap fè, nou bezwen evite gen ògèy (1 Pyè 5:5). Bon konprann kapab ede n nan sans sa a. Ki jan? Ann pran egzanp Naaman. Li t ap viv nan peyi Siri ki nan nò Izrayèl. Li te nan gwo pozisyon, e li te chèf lame peyi Siri. Men, li te gen lèp, yon maladi po ki grav anpil. — 2 Wa 5:1.
4. Ki jan fason Naaman te reyaji anrapò ak sa tifi a te di a te montre l gen imilite?
4 Madan Naaman te gen yon tifi izrayelit ki te ret avè l ki te di l te gen yon pwofèt ann Izrayèl ki te ka geri maladi mari l genyen an (2 Wa 5:2, 3). Naaman te ka di tèt li: ‘Èske yon senp ti esklav ki soti nan yon nasyon ki ènmi nou ka vrèman di m yon bagay k ap ede m?’ Men, Naaman te reflechi sou sa tifi a te di a. Li pa t kite ògèy fè l pa t koute konsèy li te jwenn nan. Okontrè, li te aji avèk imilite e l te fè sa tifi a te di a. Wa peyi Siri a te ba l pèmisyon pou l t al ann Izrayèl pou l al chèche gerizon pou maladi l te genyen an. — 2 Wa 5:4, 5.
5. Ki sa k te pase lè Naaman te rive ann Izrayèl?
5 Naaman te rive nan palè Jeworam, wa Izrayèl la, ak espwa li t ap geri anba maladi lèp li te genyen an. Men, Jeworam te panse se kont wa peyi Siri a t ap chèche l. Lè pwofèt Elize te aprann sa, li te mande Jeworam pou l voye Naaman kote l (2 Wa 5:6-9). Bagay yo pa t pase jan Naaman te panse a. Elize pa t menm soti pou l t al resevwa Naaman oswa pou l t al pale avè l. Olye de sa, li te voye yon moun al di Naaman sa l te bezwen fè pou l te ka geri. — 2 Wa 5:10.
6. a) Ki sa petèt ki te fè Naaman aji avèk ògèy lè l te tande sa Elize te voye di l fè yo? b) Ki jan sèvitè Naaman yo te montre yo gen bon konprann, e ki rezilta sa te bay? (2 Wa 5:13, 14).
6 Okòmansman, Naaman pa t renmen sa moun ki te vin ba l mesaj la te di l fè yo. Li te “fache anpil” e li t al “fè wout li byen fache”. (2 Wa 5:11, 12.) Poukisa? Petèt li te santi Elize pa t ba l respè li merite antanke yon ofisye ki nan gwo pozisyon nan lame. Mete sou sa, Naaman te ka santi sa Elize te di l fè yo te montre li pa gen respè pou peyi Siri. Kèlkeswa rezon an, Naaman te deside retounen lakay li tou malad la. Men, sèvitè l yo te montre yo gen bon konprann lè yo te sipliye l pou l reflechi sou desizyon l te pran an. Naaman te montre l gen sajès lefètke l te sispann aji avèk ògèy e l te mete l toupiti pou l fè sa Elize te di l fè yo. Se sa k fè li te geri. — Li 2 Wa 5:13, 14.
7. Ki sa nou ka aprann nan eksperyans Naaman te fè a? (Pwovèb 22:4). (Gade foto yo tou.)
7 Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Nou montre nou gen bon konprann lè n pa pran desizyon ki baze sèlman sou sa nou wè, sa ki ka mande tou pou n pa gade sou aparans. Nou montre nou gen bon konprann tou lè n pa aji san reflechi. Bon konprann kapab ede n pou n gen imilite. Anfèt, nou rekonèt nou pa konn tout bagay. Nou ka bezwen lòt moun ede n pi byen konprann yon sitiyasyon, e se sitou Jewova ki kapab ede n nan sans sa a. Naaman potko ap sèvi Jewova. Aktout sa, li te montre l gen bon konprann lè l te mete l toupiti pou l koute lòt moun. Pa egzanp, li te koute sa tifi izrayelit ki te esklav madanm li an te di a, li te koute pwòp sèvitè l, e sa k pi enpòtan an, li te koute Elize, yon reprezantan Jewova. Naaman te sispann aji avèk ògèy. Alafen, li te pran yon bon desizyon ki te bay bon rezilta. Lè yo ban n yon konsèy ki baze sou Bib la nou pa fin dakò avè l oswa òganizasyon an bay yon enstriksyon nou pa konprann, anvan nou reyaji, èske li pa t ap pi bon pou n pran yon ti tan pou n reflechi pou n wè si fason n ap reyaji a ap montre nou gen ògèy oswa imilite? — Li Pwovèb 22:4.
RETE KALM OLYE W FÈ KÒLÈ
8. Nan ki sitiyasyon nou ka twouve l difisil pou n rete kalm?
8 Bon konprann kapab ede n pou n rete kalm e pou n pa fè kòlè lè yon sitiyasyon kontrarye nou. An reyalite, sa pa toujou fasil paske nou ka santi n gen rezon fache akoz move bagay lòt moun di nou oswa fè nou (Efe. 4:26). Ann wè ki jan David ak Abigayil te montre yo gen bon konprann nan yon sitiyasyon ki te difisil.
9. Ki jan Nabal te aji ak David?
9 Eseye imajine sitiyasyon an: David ak mesye l yo ap viv nan mawon nan Dezè Paran (1 Sam. 25:1). Pandan yo la, yo pwoteje gadò mouton ak twoupo bèt yon mesye ki rich yo rele Nabal (1 Sam. 25:15, 16). Lè sezon pou yo taye lenn mouton yo rive, David voye kèk nan mesye l yo al kot Nabal. Li voye salye l e l voye di l tanpri si l ka fè yo jwenn nenpòt sa l kapab (1 Sam. 25:6-8). Men, Nabal pa montre l gen okenn rekonesans pou tout sa David ak mesye l yo fè pou li. Li pale byen rèd ak yo, e l menm manke David ak mesye l yo dega. — 1 Sam. 25:10, 11.
10. Ki jan David ak Abigayil te montre yo gen bon konprann? (1 Samyèl 25:32, 33). (Gade foto a tou.)
10 Si w te nan plas David, ki jan w t ap santi w? David te fache anpil, e l fasil pou n konprann rezon ki fè l te santi l konsa. Li te tèlman fache, li te vle touye Nabal (1 Sam. 25:13, 21, 22)! Anfèt, David te gentan sou wout pou l t al touye Nabal lè Abigayil, madan Nabal, yon dam ki te gen anpil sajès, te vin rankontre l pou anpeche l fè sa. Ki jan Abigayil te montre l gen bon konprann? Li te rann li kont malgre David te fache anpil, li te yon bon moun. Se sa k fè l te fè tout sa l kapab pou l te ede l bese kòlè l. Li te pot yon pakèt bagay fè l kado e l te ba l kèk bon konsèy (1 Sam. 25:18, 23-31). David te montre l gen bon konprann lefètke l te koute Abigayil, e l te rekonèt pawòl Abigayil te di yo montre li panse menm jan ak Jewova. Se sa k fè David te kalme l, e sa te ede l pou l pa t fè yon gwo erè. — Li 1 Samyèl 25:32, 33.
11. Lè n montre n gen bon konprann, ki jan sa kapab ede n lè yon moun fè n fache? (Pwovèb 19:11).
11 Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Lè n montre nou gen bon konprann, sa kapab ede n pou n byen reyaji nan yon sitiyasyon menmsi n gen bonjan rezon pou n fache. Sa ka ede n pou n reflechi sou konsekans pawòl nou ak aksyon nou kapab genyen. (Li Pwovèb 19:11.) Lè Abigayil te fè David sonje jan sa l t apral fè yo t ap fè Jewova santi l, sa te fè David kalme l. Si gen yon bagay ki fè w fache oswa ki fè w kontrarye, fè efò pou w pa kouri aji san reflechi (Jak 1:19). Priye Jewova e pran tan pou w chèche konprann sa Jewova panse sou sitiyasyon an. Sandout, sa ap ede w rete kalm.
12. Ki jan lòt moun kapab ede n pou n gen bon konprann e pou n rete kalm?
12 Menm jan Jewova te sèvi ak Abigayil pou ede David wè jan sa l t apral fè a t ap grav, li kapab sèvi ak lòt moun pou ede n konprann yon sitiyasyon. Donk, anvan w reyaji lè yon sitiyasyon fè w fache, chèche pale ak yon moun ki wè bagay yo menm jan ak Jewova e ki ka ede w fè menm jan an tou (Pwo. 12:15; 20:18). Yon lòt bò, si w gen okazyon ede yon zanmi w ki nan yon sitiyasyon konsa, èske w ka suiv egzanp Abigayil? Èske w ka ede zanmi w lan wè sitiyasyon an menm jan ak Jewova? Se sèten, Jewova ap beni efò w fè pou w ede lòt moun montre yo gen bon konprann e pou yo rete kalm.
FÈ JEWOVA KONFYANS LÈ W PÈ
13. Lè n gen bon konprann, ki jan sa ka ede n lè n pè?
13 Pafwa, n ap jwenn sitiyasyon k ap fè nou pè. Si n reflechi sou jan Jewova gen plis pisans pase nenpòt bagay oswa nenpòt moun, bon konprann ka ede n pou n fè l konfyans, menm lè nou pè (Sòm 27:1). Jewova kapab ede n nan nenpòt sitiyasyon, menm nan sitiyasyon kote n pa wè ni devan ni dèyè. Pwofèt Jonas te viv sa. Li te renmen Jewova, men l te bezwen gen plis bon konprann pou l te rive fè yon travay Jewova te voye l fè ki te difisil.
14. Sa k fè Jonas te ka renka pou l te aksepte travay Jewova te ba l fè a?
14 Jewova te voye Jonas al fè yon travay ki te difisil anpil. Li te voye l Niniv pou l t al fè moun ki t ap viv nan vil sa a konnen li pral detwi yo (Jon. 1:1, 2). Si se te ou menm Jewova te voye al fè travay sa a, ki jan w t ap santi w? Pou Jonas te sot nan peyi Izrayèl pou l t al nan vil Niniv, yon vil ki te nan peyi Asiri, li t ap gen pou l fè anviwon yon mwa ap mache e vwayaj la t ap difisil anpil. Moun peyi Asiri yo te vyolan anpil. Yo te konn menm rele Niniv “vil k ap fè san koule a”. (Naw. 3:1, 7.) Olye Jonas te fè sa Jewova te mande l fè a, li te sove al yon lòt kote. — Jon. 1:3.
15. Ki sa k te ede Jonas vin gen plis konfyans nan Jewova? (Jonas 2:6-9).
15 Pandan Jonas t ap sove pou l pa t al Niniv, Jewova te fè l sonje jan L gen pouvwa lè l te fè yon bagay estrawòdinè pou l te sove lavi l (Jon. 1:15, 17). Jonas te aprann yon leson. Li te vin rann li kont li pa t bezwen pè al Niniv paske Jewova te kapab pwoteje l pou anyen mal pa t rive l. (Li Jonas 2:6-9.) Lè Jewova te bay Jonas yon dezyèm chans pou l al Niniv, Jonas pa t chape poul li fwa sa a. Vrèmanvre li t ale, moun yo te koute sa l te di e yo pa t detwi. — Jon. 3:5.
16. Ki jan lè n gen bon konprann sa kapab ede n lè n nan sitiyasyon ki fè n pè? (Pwovèb 29:25). (Gade foto yo tou.)
16 Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Nou pa vle kite anyen, sitou sa moun kapab fè nou, fè n tèlman pè, pou n ta dezobeyi Jewova. (Li Pwovèb 29:25.) Lefètke Jonas te montre l gen bon konprann, sa te ede l pou l pa t ret konsantre sou pwoblèm li te ka jwenn nan travay Jewova te ba l fè a, men pou l te konsantre sou jan Jewova te kapab ede l. Menm jan an tou, n ap kapab sispann panse ak yon seri bagay ki fè n pè si n reflechi sou jan Jewova te deja ede n e l te pwoteje n. Epitou, nou kapab medite sou egzanp frè ak sè ki te rive fè fas ak sitiyasyon ki te fè yo pè oswa ki te rive fè yon seri travay difisil yo te ba yo fè paske yo te konte sou Jewovaa (Ebre 13:6). Ann montre nou gen bon konprann lè n met tout konfyans nou nan Jewova e lè n ede lòt moun pou yo fè menm jan an tou.
KONTINYE APRANN PANSE MENM JAN AK JEWOVA
17. Ki jan n ka vin gen plis bon konprann?
17 Jan nou sot wè sa, lè n montre n gen bon konprann, sa kapab ede n nan sitiyasyon ki difisil. Ki jan n ka vin gen plis bon konprann? Se Jewova ki gen plis bon konprann, e l bay sèvitè l yo bon konprann pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen lespri sen l (Ney. 9:20; Sòm 32:8). Li ban nou konsèy ki kapab ede n pou n pran bon desizyon e pou n pa aji san reflechi (Sòm 119:97-101). Nou vin gen bon konprann lè n byen egzamine sa Bib la di e lè n priye Jewova pou n mande l lespri sen ki gen anpil fòs. Sa ap ede n pou n pi byen konprann yon sitiyasyon e pou n konnen pi bon fason pou n fè fas ak sitiyasyon an yon fason pou sa n di ak sa n fè montre nou panse menm jan ak Jewova. — Pwo. 21:11, nòt.
18. Ki detèminasyon w pran?
18 Ann kontinye mande Jewova pou l fè n gen bon konprann e ann kontinye bay sa anpil valè (Sòm 14:2). Si n fè sa, nou pap janm kite “chemen ki fè moun gen bon konprann nan”. (Pwo. 21:16.) Men, n ap vin pi detèmine pase nenpòt lòt lè pou n montre n gen bon konprann toutan ak nan tout sitiyasyon. Konsa, n ap “reyisi nan sa [n] ap fè”.
KANTIK 42 Priyè yon sèvitè Bondye fè
a Pa egzanp, gade eksperyans Georgiy Porchulyan nan seri atik ki gen tit “Byografi Temwen Jewova” nan JW Library® oswa sou jw.org.