BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 mas p. 14-19
  • Pa kite anyen anpeche w fè sa ki pi enpòtan an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa kite anyen anpeche w fè sa ki pi enpòtan an
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA K KA FÈ N DISTRÈ?
  • KI SA JEZI TE FÈ POU L PA T KITE ANYEN FÈ L DISTRÈ?
  • KI SA N KA FÈ POU N PA KITE ANYEN FÈ N DISTRÈ?
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon ak reprezantan filyal la 2025-2026
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 mas p. 14-19

18-24 ME 2026

KANTIK 35 “Verifye bagay ki pi enpòtan yo”

Pa kite anyen anpeche w fè sa ki pi enpòtan an

“Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye.” — EFE. 5:17.

PWEN KLE

Fason pou n ret konsantre sou aktivite k ap ede n rete pwòch ak Jewova, menm lè gen sitiyasyon ki ta ka fè n distrè.

1-2. Ki jan yon bagay ki enpòtan ta ka fè n distrè?

KI DÈNYE fwa ou te lite pou w pa t kite yon bagay fè w distrè? Petèt te gen yon bagay ki te atire atansyon w pandan w t ap fè yon lòt aktivite e w te bezwen deside ki sa ki pi enpòtan. Pa egzanp, imajine telefòn ou sonnen pandan w ap kondui. Apèl la ka enpòtan, men w rann ou kont li ka fè w distrè nan moman sa a. Li pi enpòtan pou w ret konsantre pandan w ap kondui.

2 Nou gen anpil bagay pou n fè ki enpòtan. Nou konnen sa k pi enpòtan se ret konsantre sou aktivite n ap fè nan sèvis Jewova a (Mat. 6:33). Menm jan ak tout bon chofè, pèp Jewova a chèche wè sa k ta ka anpeche yo bay Jewova premye plas nan lavi yo. — Pwo. 4:25; Mat. 6:22.

3. Ki sa n pral wè nan atik sa a, e ki jan sa ap ede n?

3 Pa gen youn nan nou ki ta renmen kite yon bagay fè n distrè nan sèvis n ap bay Jewova a. Sepandan, gen anpil bagay ki ka fè n distrè byen fasil (Lik 21:​34-36). Donk, pou n ret konsantre nan sèvis n ap bay Jewova a, ann wè 1) sa k ka fè n distrè, 2) sa Jezi te fè pou l pa t kite anyen fè l distrè, e 3) sa n ka fè pou n pa kite anyen fè n distrè jodi a.

KI SA K KA FÈ N DISTRÈ?

4-6. Ki bagay konsa ki ta ka fè n distrè byen fasil?

4 Nou tout gen anpil bagay nan lavi nou ki mande pou n ba yo atansyon. Pa egzanp, nou ka gen pwoblèm sante oswa nou ka gen kèk bagay enpòtan nou bezwen fè pou fanmi nou oswa pou tèt nou. Nòmalman bagay sa yo enpòtan, e nou bezwen ba yo atansyon. Men, èske bagay sa yo ta ka fè n distrè? Sa ka rive si n ret ap panse ak yo e si n kite yo pran tout tan nou ak tout fòs nou.

5 Mete sou sa, anpil nan nou ap viv kote ki gen pwoblèm politik. Li ka difisil pou n jwenn kantite kòb nou bezwen pou n viv, maladi ka ap gaye byen vit e nou ka viktim akoz vyolans ki gen toupatou (2 Tim. 3:1). Lè konsa, nou ka vin tèlman ap enkyete n, se ak sa n ap panse toutan.

6 Petèt nou konn moun sitiyasyon sa yo boulvèse lavi yo. Nou konprann sa ka fè yo ap enkyete yo anpil. Jewova pa t kreye nou pou n toujou anba strès. Nou pa sezi dèske gen moun ki santi yo pa gen yon vi nòmal ankò akoz y ap andire sitiyasyon difisil sa yo! Se sa k fè gen moun ki pase anpil tan ap distrè yo pou yo ka bliye pwoblèm yo. Ki sa n ka fè si n ta remake nou nan youn nan sitiyasyon sa yo? Ann wè sa n ka aprann nan egzanp Jezi k ap ede n pou n pa kite anyen fè n distrè nan adorasyon n ap bay Jewova a.

KI SA JEZI TE FÈ POU L PA T KITE ANYEN FÈ L DISTRÈ?

7. Ki sa k te ka fè Jezi distrè?

7 Gen anpil bagay ki te ka fè Jezi distrè, tankou pwoblèm ki te gen nan sosyete a ak pwoblèm politik. Nan epòk Jezi t ap viv sou tè a, te gen anpil moun ki te pòv e ki te malad (Mat. 14:14; Mak 14:7). Yo te sibi enjistis anba men Women yo ak Juif parèy yo. Lè moun yo te wè Jezi ap fè mirak, yo te vle fè l vin wa (Jan 6:​14, 15). Mete sou sa, Satan te tante Jezi, li te ofri l pou l fè l vin chèf monn nan tousuit (Mat. 4:​8, 9). Lè Jezi te kòmanse esplike disip li yo tout soufrans li t apral andire, apot Pyè, youn nan pi bon zanmi l yo, te di l: “Pa di bagay konsa non, Seyè.” Pawòl sa yo te ka fè Jezi pran yon desizyon ki t ap pi fasil pou li. — Mat. 16:​21, 22.

8. Ki sa Jezi te fè pou l pa t kite anyen fè l distrè?

8 Ki sa Jezi te fè pou l pa t kite anyen fè l distrè? Li te fè twa bagay. Premyèman, li te panse menm jan ak Jewova (Jan 8:28; 14:9). Dezyèmman, li te ret okipe nan sèvis Jewova a (Mat. 9:35). E twazyèmman, li te byen konprann sa ki te vrèman enpòtan (Jan 4:34). Li te refize òf Satan te fè l yo e l pa t aksepte konsèy Pyè te ba l la ki pa t ann amoni ak volonte Jewova, byenke Pyè te gen bon entansyon (Mat. 4:10; 16:23). Jezi pa t kite sa moun yo panse, sa yo di oswa sa yo fè fè l distrè pou anpeche l fè volonte Bondye. Nòmalman, sa ki ka fè nou distrè ka pa menm ak sa ki te ka fè Jezi distrè. Men, si n suiv egzanp Jezi, n ap konn ki sa pou n fè pou n pa kite anyen fè nou distrè.

KI SA N KA FÈ POU N PA KITE ANYEN FÈ N DISTRÈ?

9. Ki sa “kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye” vle di? (Efezyen 5:17).

9 Aprann panse menm jan ak Jewova. Lè w fè sa, sa ka ede w pou w “kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye”. (Li Efezyen 5:17.) Nou ka aprann konnen sa k fè Jewova plezi lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo. Nou ka fè sa menmsi Bib la pa di anyen sou yon sitiyasyon n ap viv. Ki jan? Lè n chèche byen konnen fason Jewova panse e lè n kite sa n aprann yo gide nou.

10. Ki jan n ka aprann konnen fason Jewova panse?

10 Nou ka aprann konnen fason Jewova panse lè n etidye Bib la e lè n reflechi sou fason l aji ak moun (Jer. 45:5). Lè n ap li istwa ki nan Bib la, nou kapab mande tèt nou: ‘Ki sa istwa sa a aprann mwen sou Jewova? Ki jan l ka ede m pou m wè bagay yo menm jan ak Jewova?’ Nòmalman, fason Jewova panse pi bon lontan pase fason nou panse (Eza. 55:9). Se sa k fè n priye l pou n mande l aprann nou ki jan pou n fè volonte l (Sòm 143:10). Donk, nou priye l pou l ede n konprann fason l panse e pou l ede n panse menm jan avè l. — 1 Jan 5:14.

11. Ki sa Jewova vle pou nou?

11 Tank n ap aprann panse menm jan ak Jewova, nou vin konprann li vle n evite yon seri bagay ki ka fè n distrè pou n ka pare lè lafen an rive (Mat. 24:44). Li pa vle n tèlman ap enkyete n, pou sa fè n santi n about (Mat. 6:​31, 32). Se sa k fè li ban nou bonjan konsèy pou n ka konn ki sa pou n fè lè n ap enkyete n pou sante nou, pou travay nou, pou fanmi nou, anrapò ak yon kote pou n rete oswa pou lòt bagay ankò. Si nou mande l sajès ak fòs pou n fè fas ak pwoblèm nou yo, l ap ede n. — Sòm 55:22; Pwo. 3:​5-7.

12. Bay youn nan fason nou ka fè fas ak enkyetid nou ka genyen akoz evènman k ap pase nan monn nan. (Matye 5:3).

12 Ret okipe nan sèvis Jewova a. Evènman k ap pase nan monn nan konn fè nou tout ap enkyete pafwa, men nou pa ka fè anyen pou n anpeche yo rive. Donk, pou n pa kite yon seri bagay nou pa gen kontwòl sou yo fè n distrè, nou konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. Nou kapab gen kè kontan lè n fè yon seri bagay k ap ede n rete pwòch ak Jewova, paske Jewova kreye nou ak bezwen sa a. (Li Matye 5:3.) N ap rive fè sa lè n etidye Labib, Pawòl li a, pou n aprann konnen l e lè n fè tout sa n kapab nan sèvis sakre n ap ba li a. Konsa, n ap fè Jewova plezi tou paske n ap byen sèvi ak tan nou. — Pwo. 23:15.

13. Ki jan n ka “byen sèvi ak tan nou”?

13 Antanke kretyen, nou pran detèminasyon pou n “byen sèvi ak tan nou”. (Efe. 5:​15, 16.) Nou rann nou kont Bib la pa jis ankouraje n pou n byen sèvi ak tan nou nan aktivite n ap fè chak jou. Men, li ankouraje n tou pou n byen egzamine fason n ap sèvi ak tan nou anvan Jewova detwi monn sa a ki chaje ak mechanste. Ki jan n ap montre nou byen sèvi ak tan nou? Si n pase anpil tan ap fè nouvèl sou move bagay k ap pase, sa ka fè n distrè, sa ka fè n dekouraje e sa ka pran anpil nan fòs nou genyen nou ta ka itilize nan sèvis Jewova. Li pi bon pou nou lontan lè n pa pase anpil tan ap li oswa fè nouvèl! Konsa, nou pap vin gen twòp tètchaje, e n ap gen plis tan ak fòs pou n fè yon seri bagay Jewova vle nou fè. Epitou, li bon pou n chèche wè ki jan pou n eseye fè plis nan travay fè disip la nenpòt kote nou ye, depi sa posib. Pa egzanp, nou ka fè plis nouvèl vizit. Nou konprann jan l enpòtan pou n pwofite tout okazyon n jwenn pou n ede moun yo pou yo ka “sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:4.

14. Lè n ret okipe nan sèvis Jewova a, ki fason sa ede n? (Gade foto a tou.)

14 Lè n ret okipe nan sèvis Bondye, sa ede n sonje nan ki tan n ap viv. Nou pa panike lè n wè vyolans ki genyen, lamizè ak maladi ki gaye toupatou, paske nou konnen Labib te anonse tout bagay sa yo te gen pou yo rive. Nou pa kite laperèz anvayi nou, okontrè, nou gen konfyans objektif Jewova gen pou nou an ap reyalize. Annatandan, nou kapab rete kalm, toutpandan nou kontinye gen konfyans Jewova ap ede n pou n andire. — Sòm 16:8; 112:​1, 6-8.

15. Lè n gen “bonsans”, ki sa sa ap ede n fè? (1 Pyè 4:7).

15 Sonje sa ki vrèman enpòtan. Sa k plis enterese moun yo nan monn nan jodi a se pran plezi yo, men yo pa met nan tèt yo monn nan pral detwi talè konsa. Byenke pa gen anyen ki mal pou n pran plezi nou, nou bezwen gen “bonsans” pou n pa kite fason moun nan monn nan panse detenn sou nou. (Li 1 Pyè 4:7.) Ki sa sa vle di pou nou? Sa vle di nou chèche gen bon jijman pou n pa lage kò n nan plezi sèlman e pou n pran bon desizyon. Konsa, desizyon nou yo ap montre nou panse menm jan ak Jewova e y ap montre nou konprann sa ki vrèman enpòtan. — 2 Tim. 1:7.

16. Yon ti tan anvan Jezi mouri, ki sa l te montre ki te pi enpòtan pou li?

16 Jezi te toujou sonje sa ki pi enpòtan. Menm nan dènye moman anvan l mouri, sa k te pi enpòtan pou li se ret fidèl ak Jewova e fè volonte l. Se poutèt sa li te priye anpil. Men, olye disip yo te ret je klè menm jan ak Jezi, yo te kite dòmi pran yo. Yo te “faya akoz lapenn yo [te] genyen”. — Lik 22:​39-46; Jan 19:30.

17. Poukisa anpil moun itilize rezo sosyal, e ki jan sa ka fè yo distrè? (Gade foto a tou.)

17 Menm jan ak disip Jezi yo, pafwa nou ka santi n faya e n ka santi n tris. Evènman k ap pase nan tan lafen an ka fè n gen tètchaje. Anpil moun jodi a pase yon pakèt tan sou rezo sosyal pou yo ka bliye pwoblèm yo. Yo sèvi ak rezo sosyal tou pou yo ret an kontak ak zanmi yo ak fanmi yo, kèlkeswa kote yo ye nan monn nan, pou yo ba yo nouvèl yo, pou yo voye foto pou yo ak lòt bagay ankò. Epitou, yo sèvi avè l pou yo gade anpil videyo ak fim e pou yo jwe yon seri jwèt. Sepandan, tèlman gen nouvo bagay pou moun gade e pou yo li, sa fè moun sa yo pase pifò tan yo ap chèche konn dènye enfòmasyon ki parèt yo. Pou n pa tonbe nan menm pyèj la, nou ka mande tèt nou: ‘Èske fason m itilize rezo sosyal fè m santi m pi byen, oswa èske sa anpeche m wè sa ki vrèman enpòtan?’

18. Poukisa nou bezwen gen bon jijman lè n ap chwazi detant n ap pran?

18 Nou bezwen gen bon jijman tou lè n ap chwazi sa n ap gade, kit se nan televizyon kit se sou Entènèt, oubyen lè n ap jwe jwèt videyo. Nou ka pran plezi nan aktivite sa yo e yo ka fè n santi n rilaks. Men, nou bezwen veye pou n byen chwazi kalite detant n ap pran ak kantite tan n ap pase ladan yo. Pa egzanp, lè n fin gade yon videyo e gen lòt ki parèt sou ekran an, nou ka gen tandans gade yo youn apre lòt. Kèk nan videyo sa yo ka gen vyolans oswa imoralite ladan yo. Sa te rive yon frè nou ann Azi. Li te kòmanse gade apèsi sou plizyè fim sou Entènèt. Pandan li te kontinye ap gade videyo ki t ap parèt yo, li te tonbe gade bagay ki imoral, e finalman li te vin ap gade pònografi. Erezman, grasa èd ansyen yo ak kèk bon zanmi, li te sispann fè sa, li te efase yon seri aplikasyon li te genyen e l te fikse kantite tan l ap fè ap itilize telefòn li. Eksperyans sa a montre poukisa nou bezwen gen bon jijman lè n ap chwazi detant n ap pran.

19. Ki sa k ka rive si nou pase twòp tan ap detann nou?

19 Nou ka bezwen gen bon jijman tou lè n ap distrè n ak lè n an vakans. Pafwa, nou tout konn bezwen rilaks epi pran yon ti repo paske sa bon pou nou e sa pèmèt nou ret an sante. Men, si n pase twòp tan nan detant, sa ka pran nan tan nou ta dwe pase nan bagay ki pi enpòtan yo (Flp. 1:10). Se chak moun ki dwe deside ki sa l ap fè e ki kantite tan l ap pase ladan l. Lè w ap pran desizyon konsa, mande tèt ou: ‘Èske kantite tan m pase nan detant ak vakans montre m gen bon jijman? Èske m veye pou m bay sa ki vrèman enpòtan yo premye plas la, e èske m montre m pare pou fen sistèm nan?’

20. Lè n pa kite anyen fè n distrè, ki jan sa bon pou nou?

20 Lè n veye pou n pa kite anyen fè n sispann bay sa ki pi enpòtan an, premye plas la, anpalan de sèvis n ap bay Jewova a, sa bon pou nou (Eza. 48:17). Grasa èd Jewova, n ap kapab andire pwoblèm nou jwenn yo pi byen. Nou pap kite evènman k ap pase nan monn nan fè n panike. Epitou, n ap evite pase twòp tan ap detann nou. Kidonk, ann kontinye pran detèminasyon pou n panse menm jan ak Jewova, pou n ret okipe nan sèvis li e pou n kontinye sonje sa ki vrèman enpòtan yo. Lè n fè sa, nonsèlman nou pap kite anyen fè n distrè, men tou, n ap “kenbe lavi toutbon an fèm”. — 1 Tim. 6:19.

POU N PA KITE ANYEN FÈ N DISTRÈ, POUKISA L ENPÒTAN POU N...

  • aprann panse menm jan ak Jewova?

  • ret okipe nan sèvis n ap bay Jewova a?

  • sonje sa ki vrèman enpòtan?

KANTIK 129 N ap kontinye andire

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki ret konsantre sou travay predikasyon an. Yo pa kite bagay k ap pase nan monn nan ki bay kè kase fè yo distrè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje