1-7 JEN 2026
KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan
Rezon ki fè n kapab kontan lè yo rayi n
“Nou byennere lè moun rayi nou.” — LIK 6:22.
PWEN KLE
Rezon ki fè nou kapab kontan lè yo rayi n poutèt n ap sèvi Jewova.
1. Ki pawòl Jezi te di, e poukisa sa fè n sezi?
NAN Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te di: “Nou byennere lè moun rayi nou.” (Lik 6:22). Pawòl sa yo dwe te fè moun ki t ap koute l yo sezi. Dayè, pa gen moun ki renmen lè moun rayi yo. Poukisa Jezi te di pawòl sa a? Se yon bon kesyon pou moun poze, paske anpil moun rayi disip Jezi yo jodi a. Nou pral wè rezon ki fè yo rayi nou ak rezon ki fè n kapab kontan lè yo rayi n.
REZON KI FÈ YO RAYI NOU
2-3. a) Bay youn nan rezon ki fè y ap pèsekite vrè kretyen yo. b) Ki jan sa ka fè n wè moun ki opoze avè n yo? (Jan 16:2, 3).
2 Yo rayi nou poutèt n ap sèvi Jewova. Men sa Jezi te di konsènan moun ki t ap gen pou pèsekite disip li yo e ki t ap menm touye kèk nan yo: “Yo pa rive konnen ni Papa a ni mwen menm.” (Li Jan 16:2, 3.) Sa k fè yo pa rive konn Bondye, e kiyès ki responsab? Se Satan, “dye sistèm sa a”. (2 Kor. 4:3, 4.) Li bouche je moun yo pou yo pa konn laverite sou Jewova epi li fè yo opoze ak moun ki konnen Bondye e ki renmen Bondye (Jan 8:42-44). Lefètke nou konn sa, ki jan sa ka fè n wè moun ki opoze avè n yo? Lefètke nou konprann se Satan ki twonpe yo, sa ap ede n pou n pa rayi yo tou.
3 Ann pran egzanp Pavela k ap viv nan yon peyi kote yo entèdi travay n ap fè a. Piske l te kontinye adore Jewova fidèlman, yo te arete l, yo te bat li byen bat e yo te fèmen l yon kote poukont li pandan plizyè mwa. Men sa Pavel di kounye a: “Pou mwen, li klè se Satan ak demon yo k ap chèche anpeche n adore Jewova. Sanble pifò moun k ap travay nan prizon yo pa gen anyen kont nou pèsonèlman. Yo jis ap fè travay yo.” Men sa yon frè nan peyi Kwowasi paran l ki pap sèvi Jewova te pèsekite l anpil te di: “Mwen vin konprann se Satan ki vrè ènmi m nan, se pa paran m yo.” — Efe. 6:12.
4. Ki sa n ka aprann nan egzanp Jezi ak disip Etyèn? (Gade foto a tou.)
4 Nou pa rayi moun ki opoze avè n yo. Anfèt, nou kapab menm priye pou yo (Mat. 5:44). Nan sans sa a, gen yon bagay nou ka aprann nan egzanp Jezi ak nan egzanp disip Etyèn. Lè sòlda women yo te kloure Jezi sou poto soufrans lan, li te priye Papa l, li te di: “Papa, padone yo.” (Lik 23:34). Jezi te mande Jewova pou l padone sòlda sa yo ki te resevwa lòd pou yo touye l. Petèt, li t ap panse tou ak moun nan foul la ki t ap rele byen fò pou yo mande pou yo touye l paske chèf relijye ki pa t vle wè l yo t ap pouse yo fè sa. Jezi te rann li kont moun sa yo pa t vrèman konnen sa yo t ap fè a. Menm jan an tou, disip Etyèn te mande Bondye pou l padone moun ki t ap touye l yo (Tra. 7:58-60). Èske Jewova te reponn priyè Jezi ak Etyèn te fè yo? Wi. Anpil nan moun ki te vle yo touye Jezi yo te repanti annapre, yo te vin gen lafwa nan li e yo te batize (Tra. 2:36-41). E gen omwen youn nan moun ki te dakò pou yo touye Etyèn yo, anpalan de Sòl moun Tas, ki te vin kretyen e ki te vrèman regrèt move bagay li te konn fè yo paske l pa t konprann sa l t ap fè a. — 1 Tim. 1:13.
5. Ki sa w aprann nan eksperyans César te fè a?
5 Jodi a tou, Jewova kontinye reponn priyè nou fè pou moun ki opoze avè n yo. Ann pran egzanp César k ap viv nan peyi Venezyela. Papa l pa t dakò ditou pou li menm, manman l ak frè l ak sè l yo vin Temwen Jewova. Men sa César di: “Manman m se te pi bon madanm ak pi bon manman ki te ka genyen. Byenke l te toujou bay Wayòm nan premye plas nan lavi l, li pa t janm neglije papa m. Li te aprann mwen menm ak frè m ak sè m yo pou n respekte papa nou. Li te aprann nou tou pou n obeyi papa nou, depi l pa t mande n fè yon bagay ki kont volonte Bondye.” Rive yon lè, papa César te kòmanse chanje. Men sa César di: “Yon jou, apre m te fin priye Jewova ak tout kè m, m te mande papa m si m te ka etidye Labib avè l. Mwen pa ka esplike ki jan m te santi m lè papa m te di wi.” Rive yon lè, papa César te batize. Se pa tout moun ki opoze avè n ki fè chanjman konsa. Men, gen ladan yo ki konn chanje fason yo aji avè n lè yo wè fason nou pale ak moun avèk respè ak bon konduit nou genyen. Se pa ti kontan nou kontan lè yo fè sa! Nou pa ka tann pou n wè jan Jewova, “Jij tout tè a” ki gen mizèrikòd, petèt pral rale moun sa yo vin jwenn li. — Jen. 18:25.
6. Selon Mak 13:13, bay yon lòt rezon ki fè yo rayi nou.
6 Yo rayi nou paske n ap kolabore ak Jezi. Jezi te di tout moun t ap rayi vrè kretyen yo “poutèt non” l. (Li Mak 13:13.) Ki sa “non” Jezi reprezante? Non l reprezante repitasyon l ak otorite l genyen antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Moun ki rayi nou yo met konfyans yo nan dirijan yo sou tè a olye yo met konfyans yo nan Jezi Kris, sila a Jewova chwazi pou dirije linivè a. Jezi ap dirije antanke Wa nan Wayòm nan depi 1914. Talè konsa, li pral elimine tout gouvènman ki pa vle aksepte otorite l.
7-8. Poukisa yo konn pase kèk nan sèvitè Jewova yo nan rizib? (Jan 15:18-20). (Gade foto yo tou.)
7 Yo rayi nou paske nou pa vle sanble ak moun nan monn Satan an. Jezi te esplike yo t ap rayi disip li yo paske yo “pa fè pati monn nan”. (Li Jan 15:18-20.) Menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la, nou pa vle gen menm konpòtman ak moun nan monn nan, nou pa vle aji menm jan ak yo e n pa vle gen menm langaj ak yo. Se sa k fè yo pase anpil nan frè n ak sè n yo nan rizib nan travay yo oswa nan lekòl yo (1 Pyè 4:3, 4). Sepandan, nou kontan wè gen nan moun ki te opoze avè n yo ki vin chanje fason yo wè nou e ki vin gen respè pou nou.
8 Ann pran egzanp Ignacio k ap viv ann Amerik santral. Nan lekòl li te ye a, gen yon pwofesè ki te fè plizyè ane ap pase l nan rizib paske li te chwazi suiv prensip Bondye yo. Men, anvan Ignacio te gradye, pwofesè a te mande l ki jan l te fè rive viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la alòske anpil moun te derespekte l poutèt sa. Ignacio te esplike l li konsidere lwa Bondye yo kòm yon pwoteksyon. Annapre, li te envite pwofesè a nan yon reyinyon nan kongregasyon an. Ignacio te sezi wè pwofesè a te vini! Lè pwofesè a te wè lanmou ki gen nan kongregasyon an, sa te tèlman touche l, li te kontinye asiste reyinyon yo. Annapre, lefètke pwofesè a te vin ap etidye Labib, li te jwenn opozisyon. Men, li te kontinye fè pwogrè, e rive yon lè, li te batize.
9-10. a) Ki lòt rezon ki fè kretyen yo pa menm jan ak moun nan monn nan? b) Ki sa n ka aprann nan egzanp apot Pòl?
9 Nou pa menm jan ak moun nan monn Satan an paske nou pa mele nan politik ak nan gè k ap fèt yo (Jan 18:36). Nou suiv konsèy ki nan Women 13:1 an, se sa k fè nou fè efò pou n obeyi lwa gouvènman yo bay. Sepandan, antanke kretyen, nou pa mele nan politik, donk nou pa kandida nan eleksyon ni nou pa vote. Poukisa? Paske nou fidèl ak Jewova e ak Wayòm li an Kris ap dirije a. Yo met anpil Temwen Jewova nan prizon pou lafwa yo. Aktout sa, frè ak sè ki nan prizon yo kontinye preche. Konsa, yo imite apot Pòl ki te fè plizyè ane lakay li avèk sòlda ki t ap veye l e ki te fè plizyè ane nan prizon (Tra. 24:27; 28:16, 30). Li te kontinye pataje bon nouvèl la ak tout moun ki te vle koute, san wete gadyen prizon, jij nan tribinal, gouvènè, wa e petèt menm moun ki te nan gwo pozisyon nan gouvènman Newon an, anperè women an. — Tra. 9:15.
10 Menm jan an tou, frè n ki nan prizon yo preche tout moun ki vle koute, san wete jij, otorite nan gouvènman yo ak gadyen prizon yo. Gen yon frè ki te fè plis pase sizan nan prizon poutèt li pa t vle mele nan politik ki di li te konsidere tan li te pase nan prizon an kòm yon travay Jewova te ba l fè pou l chèche moun ki tankou mouton yo, men li pa t konsidere l tankou yon pinisyon. Nou kapab kontan anpil si Jewova itilize n pou n rive preche moun sa yo bon nouvèl la (Kol. 4:3)! Ann wè lòt rezon ankò nou genyen pou n gen kè kontan menm lè moun rayi nou poutèt n ap sèvi Jewova.
REZON KI FÈ N KAPAB KONTAN LÈ YO RAYI N
11. Lè n jwenn pèsekisyon, ki jan sa ka fè lafwa n vin pi solid? Bay yon egzanp.
11 Nou konnen lefètke monn nan rayi nou sa reyalize pwofesi ki nan Bib la. Nan premye pwofesi ki nan Bib la, Jewova te fè konnen Satan ak akolit li yo t ap rayi moun ki renmen L e k ap sèvi L (Jen. 3:15). Nan toule kat Evanjil yo, pandan plizyè fwa, Jezi te di yo t ap rayi moun k ap sèvi Jewova yo (Mat. 10:22; Mak 13:9-12; Lik 6:22, 23; Jan 15:20). E gen lòt kretyen Bondye te itilize pou ekri Bib la ki te fè konn sa tou (2 Tim. 3:12; Jak 1:2; 1 Pyè 4:12-14; Jid 3, 17-19.) Donk, nou pa sezi lè n jwenn pèsekisyon. Okontrè, nou kontan dèske pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Sa montre n ap sèvi vrè Dye a. Gen yon sè k ap viv nan yon peyi kote yo met restriksyon sou travay nou an ki di: “Lè m te vwe Jewova lavi m, mwen te konnen mwen t ap jwenn pèsekisyon yon lè kanmenm. Donk, lè m te jwenn eprèv, sa pa t fè m ni pè ni sezi.” Mari l se te youn nan moun ki te opoze avè l. Li te di l e l te fè l yon seri bagay pou imilye l. Li te menm boule Bib li ak piblikasyon li te genyen ki baze sou Bib la. Men, sè nou an pa t kite sa fè l pè. Okontrè, lafwa l te vin pi djanm (Ebre 10:39). Men sa l di: “Bib la te fè konnen nou t ap jwenn pèsekisyon, donk, mwen te konnen sa t ap rive. Lè m te jwenn pèsekisyon, mwen te gen konviksyon mwen nan vrè relijyon an.”
12. Ki sa k te ede yon frè andire pèsekisyon?
12 Byenke nou deja konnen n ap jwenn pèsekisyon, aktout sa, li ka difisil pou n andire. Men sa yon frè te ekri konsènan tan li te fè nan prizon: “Pafwa, m te konn santi m dekouraje oswa m te konn ap enkyete, e m te konn annik tonbe kriye.” Ki sa k te ede frè sa a nan sitiyasyon l te ye a? Li te di: “Mwen te toujou priye. Chak maten, premye sa m te konn fè, mwen te priye. Pandan jounen an, mwen te konn priye lè m te nan sitiyasyon ki difisil. Epitou, lè lòt moun te konn fè m enjistis e sa te konn fè m fache, m te konn antre nan twalèt la, mwen take pòt la epi m priye.” Frè nou an te konn medite tou sou egzanp moun nan tan lontan ak nan epòk nou an ki te jwenn pèsekisyon, men ki te ret fidèl. Sa te ede l pou l andire pèsekisyon an e pou l jwenn lapè Jezi te pwomèt disip li yo. — Jan 14:27; 16:33.
13. Ki sa k ka ede n andire lè yo rayi nou?
13 Lanmou n gen pou Jewova e n gen youn pou lòt ede n andire lè yo rayi nou. Jiskaske Jezi te rann dènye souf li, li pa t janm sispann renmen Papa l ak tout kè l. Jezi te renmen zanmi l yo tou (Jan 13:1; 15:13). Lè n vin gen kalite lanmou sa a pou Jewova e pou frè n ak sè n yo, n ap rive andire tou lè yo rayi nou. Sa k fè n ka di sa? Pou n jwenn repons lan, ann egzamine egzanp apot Pòl.
14. Ki sa k te ede Pòl ret fidèl ak Jewova menm lè yo t apral touye l?
14 Yon ti tan anvan yo te touye apot Pòl, li te ekri Timote, zanmi l li te renmen anpil la, li te di: “Lespri sen Bondye ban nou an pa fè nou lach, men li te fè nou vin gen pisans [ak] lanmou.” (2 Tim. 1:7). Ki sa Pòl te vle di? Pòl te vle di lè yon kretyen renmen Jewova anpil, sa kapab ede l pou l aksepte andire gwo eprèv (2 Tim. 1:8). E menm lè Pòl te konnen yo te ka touye l poutèt l ap sèvi Jewova, li te tèlman renmen Jewova, sa te ba l kouraj pou l ret fidèl avè l. — Tra. 20:22-24.
15. Jodi a, ki jan frè n ak sè n yo montre yo gen bonjan lanmou youn pou lòt? (Gade foto a tou.)
15 Se sèten nou renmen frè n ak sè n yo ki kenbe fèm lè yo jwenn pèsekisyon. Jodi a, gen nan nou ki riske lavi nou pou frè n ak sè n yo, menm jan Akila ak Prisil te riske lavi yo pou Pòl (Wom. 16:3, 4). Pa egzanp, nan peyi Larisi, gen anpil frè ak sè ki al nan tribinal pou yo ankouraje frè ak sè yo arete yo. Lè youn nan sè yo te arete yo te wè anpil frè ak sè nan tribinal kote yo t ap jije l la, li te tèlman sezi, li te fè yon ti tan li pa t ka pale. Bonjan lanmou frè l ak sè l yo te montre yo gen pou li te ba l fòs lè l te vrèman bezwen sa. Se pa ti kontan nou kontan dèske lanmou nou gen pou Jewova e n gen youn pou lòt pi fò pase lahèn!
16. Sa k fè apot Pyè te di moun yo maltrete poutèt y ap sèvi Bondye gen rezon pou yo gen kè kontan? (1 Pyè 4:14).
16 Nou konnen lè n ap andire poutèt yo rayi nou sa fè Bondye plezi. (Li 1 Pyè 4:14.) Apot Pyè te di moun ki andire lè yo jwenn pwoblèm poutèt y ap sèvi Bondye gen rezon pou yo gen kè kontan. Sa k fè sa? Paske, lè n jwenn pwoblèm e n andire, sa montre lespri Bondye avè n. Pyè te kontan lefètke l te konnen li gen favè Bondye e l te rive andire lè yo te maltrete l. Pa egzanp, yon ti tan apre fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, gad ki t ap veye tanp lan te arete Pyè ak kèk lòt apot poutèt yo t ap preche. Men, Pyè te met kran sou li pou l te defann lafwa l (Tra. 5:24-29). Menm apre yo te fin bat li menm ak lòt apot yo, yo pa t sispann preche. Okontrè yo te kontan paske “Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. Nou menm tou nou kapab kontan lè n ap andire eprèv. — Tra. 5:40-42.
17. Ki sa Jezi te di disip li yo lavèy jou li t apral mouri a, nan aswè?
17 Talè konsa, nan monn nouvo a, tout moun ap renmen nou poutèt n ap sèvi Jewova (2 Tes. 1:6-8)! Annatandan, nou swete pou pakèt rezon nou genyen pou nou kontan lè yo rayi nou ban nou fòs ak kouraj. Epitou, nou bezwen sonje sa Jezi te di disip li yo lavèy jou li t apral mouri a, nan aswè. Men sa l te di yo: “Moun [...] ki renmen m [...], Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l.” — Jan 14:21.
KANTIK 149 Yon chan viktwa
a Gen kèk non yo chanje.
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon foto ki montre yon bagay ki te rive toutbon: Ignacio k ap bay pwofesè l temwayaj.
c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon foto ki montre yon bagay ki te rive toutbon: Plizyè frè ak sè k ap ankouraje yon sè yo pral met nan prizon pou lafwa l.