BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 mas p. 8-13
  • Fè Souvren linivè a konfyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè Souvren linivè a konfyans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SATAN TE ANTRE NAN MITAN YO
  • JEWOVA PA PÈMÈT SATAN FÈ TOUT SA L VLE
  • JEWOVA TE MET FEN NAN SOUFRANS JÒB
  • JEWOVA RENMEN SÈVITÈ FIDÈL LI YO
  • FÈ JEWOVA KONFYANS JE FÈMEN
  • Liv Jòb la ka ede w lè w ap soufri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Jòb te onore non Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Met espwa nou nan Jewova”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ki jan w ka vin zanmi Bondye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 mas p. 8-13

11-17 ME 2026

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

Fè Souvren linivè a konfyans

“Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — SÒM 83:18.

PWEN KLE

Nou pral aprann rezon ki fè nou kapab gen yon konfyans total Jewova se Souvren linivè a e l ap ede n fè fas ak eprèv nou jwenn depi kounye a e alavni.

1. Ki bagay terib ki te rive Jòb?

JÒB, yon moun ki te gen lafwa ki t ap viv nan tan lontan, te pèdi prèske tout sa l te genyen: Li te pèdi pitit li, sante l ak richès li te genyen. Anplis de sa, moun te vin pa gen respè pou li ankò. Anpil nan pawòl swadizan zanmi l yo te di l yo te fè l santi l pi mal toujou. E menm madanm li li te renmen anpil te tèlman nan lapenn, li te di l: “Sa k fè w pa manke Bondye dega, epi w mouri mouri w!” (Jòb 2:9; 15:​4, 5; 19:​1-3). Bagay terib ki te rive Jòb yo te ka fè l vin pa gen konfyans nan vrè Dye a ankò, sa te ka fè l sispann kwè Jewova pwoteje moun ki renmen l e k ap sèvi l.

2-3. a) Ki sa nou ka vin ap mande tèt nou? b) Ki sa n pral aprann nan liv Jòb la?

2 Pafwa, nou menm tou nou konn fè fas ak yon seri sitiyasyon difisil ki ka fè n ap mande tèt nou èske n ka fè Jewova konfyans toutbon. N ap viv nan “tan [ki] di [e ki] difisil pou moun sipòte”. (2 Tim. 3:1.) Lè n pa sispann jwenn eprèv, nou ka santi bagay yo twòp pou nou e nou pa kapab ankò. Sitiyasyon konsa ka menm fè yon seri moun vin ap panse Jewova pa renmen yo ankò e li pa vle ede yo.

3 Si w te janm santi w konsa, pa dekouraje. Jòb te aprann Jewova pa janm abandone moun ki fidèl avè l. Nou menm tou, nou kapab chèche vin gen yon konfyans total nan Papa nou ki nan syèl la. Pou n ka gen asirans sa a, nou pral egzamine liv Jòb la e nou pral wè de pwen enpòtan k ap ede n pou n toujou fè Jewova konfyans. Premyèman, se sèl Jewova ki Souvren linivè a. Dezyèmman, Jewova gen pouvwa pou l fè sa l di reyalize. Epitou, li pwoteje nou lè l ban nou sa n bezwen pou n kontinye gen bon relasyon avè l.

SATAN TE ANTRE NAN MITAN YO

4. Kiyès ki te nan reyinyon ki te fèt nan syèl la liv Jòb la pale de li a?

4 Yon jou, “pitit vrè Dye a genyen yo” te rasanble devan Jewova nan syèl la. Apre sa Bib la di: “Satan te antre nan mitan yo tou.” (Jòb 1:6). Se moun ki te ekri liv Jòb la ki te premye itilize non “Satan” an lè l t ap pale konsènan pi gwo ènmi Jewova a. Yo rele l konsa paske li opoze ak Jewova. Lè sa a, Satan pa t yon pitit Bondye ki fidèl ankò. Li te vin yon ènmi Jewova, ènmi zanj ki fidèl yo, e li te vin ènmi tout sèvitè fidèl Jewova ki sou tè a. Anfèt, lè Jewova te di pawòl nou jwenn nan Jenèz 3:15 yo, li te montre aklè Satan pa t fè pati fanmi l ki nan syèl la ankò “fi a” reprezante a.

5. Ki sa n aprann lè n egzamine sa k te di nan reyinyon ki te fèt nan syèl la?

5 Jewova te fè ekri nan Bib la sa k te di nan reyinyon sa a ki te fèt nan syèl la. Pawòl Satan te di yo te montre aklè li se yon medizan ki san pitye. (Jòb 1:9; konpare ak Revelasyon 12:10.) Lefètke Jewova te fè mete sa k te pase nan syèl la nan Bib la, sa ban nou asirans, lè Jewova ap sèvi ak pouvwa li genyen an ki san limit, li toujou fè sa yon fason ki dwat e ki jis. Sa montre tou, antanke Toupisan an, li fikse limit anrapò ak sa k ka fèt oswa sa k pa dwe fèt.

JEWOVA PA PÈMÈT SATAN FÈ TOUT SA L VLE

6. Nan reyinyon ki t ap fèt nan syèl la, ki jan Jewova te montre li gen kontwòl tout bagay? (Jòb 1:​7, 8).

6 Li Jòb 1:​7, 8. Jewova te gen kontwòl tout sa k t ap pase nan reyinyon sa a. Li te mande Satan: “Èske w wè Jòb, sèvitè m nan?” Wi, Jewova te byen konnen Satan te deside atake Jòb, yon moun ki te fidèl. Ann wè ki jan Jewova te itilize pouvwa li genyen an pou l ede Jòb.

7. Selon Jòb 1:​10, 11, ki sa Satan te fè konnen konsènan rezon ki fè moun ap sèvi Jewova?

7 Li Jòb 1:​10, 11. Jewova se Souvren toupisan an ni nan syèl la ni sou tè a. Li gen pouvwa pou l fè sa l vle e l toujou konnen sa k ap bay pi bon rezilta nan chak sitiyasyon (Jer. 32:17; Dàn. 4:35). Aktout sa, Satan te fè konnen Jewova te mal itilize pouvwa li genyen an. Anfèt, Satan te fè konnen Bondye bay lèzòm, pa egzanp Jòb, anpil bon bagay pou yo ka sèvi l. Epitou, Satan te fè konnen moun ap sèvi Jewova pou avantaj sèlman. Ki sa Jewova te deside fè?

8-9. Ki limit byen klè Jewova te bay Satan, e poukisa? (Jòb 1:12). (Gade foto a tou.)

8 Li Jòb 1:12. Jewova te bay Dyab la posiblite pou l pwouve sa l te di a, men li te ba l yon limit. Bondye te di l byen klè: “Pinga w touche [Jòb]!” Tout zanj ki t ap asiste reyinyon sa a te tande lè Jewova te bay Satan lòd sa a. Satan pa t ka pa obeyi. Li te oblije ret nan limit Jewova te ba li a. E menm jodi a, Ii pa ka fè yon bagay Jewova pa pèmèt li fè. Donk, Jewova te itilize otorite ak pouvwa li genyen pou l te pwoteje Jòb e pou l te pwoteje repitasyon L.

9 Atak Satan te fè a te yon echèk total. Jòb te ret fidèl ak Papa l ki nan syèl la (Jòb 1:22). Men, Opozan an potko fini ak Jòb. Li t apral kontinye pase l anba eprèv pou l fè l sispann sèvi Jewova.

10. Poukisa Jewova te kite Satan pase Jòb anba eprèv pi plis toujou? (Jòb 2:​2-6).

10 Li Jòb 2:​2-6. Fwa sa a, se atò Satan te lage nan kò Jòb pou l fè l sispann sèvi Jewova. Satan te fè konnen depi Jòb wè lanmò devan l li t ap sispann sèvi Jewova. Pou Jewova te montre sa Dyab la te di a se pa vre, li te kite l fè Jòb vin malad anpil. Men, yon lòt fwa ankò, Jewova te bay Satan limit lè l te di l: “Pinga w retire lavi l.” Satan te oblije respekte limit Jewova te ba li yo. Yon lòt fwa ankò, nou wè Toupisan an te gen kontwòl tout sa k t ap pase lè Jòb te anba eprèv, paske Satan pa t ka depase limit Jewova te ba l yo.

JEWOVA TE MET FEN NAN SOUFRANS JÒB

11. Apre Jewova te met fen nan eprèv Jòb yo, ki jan l te rekonpanse Jòb? (Jòb 42:​10-13).

11 Li Jòb 42:​10-13. Lè Jòb te montre byen klè li pa t ap sispann ret fidèl ak Jewova, Jewova pa t kite Satan kontinye atake Jòb. Jewova te aji pou sèvitè fidèl li a te ka sispann soufri. Yon lòt fwa ankò, Opozan an pa t gen pouvwa pou l bloke desizyon Jewova pran. Jewova pa t pèmèt Satan kontinye atake Jòb, sèvitè L li te renmen anpil la, dirèkteman.

12. Bay yon egzanp ki montre sa Jewova fè pou moun ki met konfyans yo nan pouvwa l genyen pou l sove yo.

12 Pandan dènye jou sa yo, anpil nan sèvitè Jewova yo wè kòman Jewova sèvi ak pouvwa l genyen an pou l ede yo. Pa egzanp, an 1945, te gen sòlda ki te fòse 230 Temwen Jewova fè yon vwayaj byen long ki te gen anpil danje ladan l. Yo te fè yo mache sot nan yon kan konsantrasyon ann Almay pou yo t al nan yon zòn bò lanmè pou yo te ka touye yo. Men, pa t gen youn nan Temwen Jewova yo ki te mouri. Yo te ekri eksperyans yo te fè a, yo te di Jewova te sove yo menm jan li te sove twa Ebre yo te lage nan founèz dife a ki pa t menm gen sant lafimen dife sou yo lè yo te sot ladan l. Menm jan an tou, Temwen sa yo te fè fas ak yon eprèv ki te terib. Men, se atò lafwa yo te janm. Jewova te ba yo fòs. Epitou, yo te santi Jewova te sove yo menm jan li te sove Dànyèl nan twou lyon an. Depi lè sa a, yo te pran detèminasyon pou yo sèvi Jewova pou toutan. Epitou, yo te di lefètke yo gen posiblite kontinye sèvi Jewova pou toutan se pi gwo rekonpans yo te ka genyen. — Konpare ak Dànyèl 3:27; 6:22.

13. Ki asirans ou kapab genyen lè w ap fè fas ak eprèv? (Gade foto yo tou.)

13 Nou menm tou, petèt nou konn gen moman nan lavi nou kote n santi se kòmsi se nan twou lyon yo lage n (1 Pyè 5:​8-10). Pafwa n ka santi n dekouraje anpil e n ap mande tèt nou si pwoblèm nou yo ap janm fini. Lè konsa, lè n sonje eksperyans Jòb te fè a, sa kapab ede n. Nou kapab gen yon konfyans total Jewova gen pouvwa pou l met fen nan soufrans nou yo, kit li fè sa kounye a kit se nan monn nouvo a. Jewova chwazi yon lè pou l met fen nan vye monn sa a, e l pap kite l fè menm yon jou anplis!

JEWOVA RENMEN SÈVITÈ FIDÈL LI YO

14-15. Ki sa Jewova vle fè pou sèvitè fidèl li yo, e poukisa? (Jòb 14:15). (Gade foto a tou.)

14 Li Jòb 14:15. Papa nou ki nan syèl la gen yon atachman espesyal pou sèvitè fidèl li yo. Li tèlman renmen yo, si yo ta mouri, l ap reba yo lavi. Lè l resisite sèvitè l yo nan monn nouvo a, tout moun pral kontan anpil. — Eza. 65:17.

15 Menm lè Jòb te sispann soufri, li te kontinye viv nan monn Satan an ki chaje ak mechanste. Men, Bib la fè n konnen Jewova te rekonpanse Jòb yon fason ki estrawòdinè. Li te geri Jòb e l te beni l plis pase anvan. Benediksyon sa yo se te jis yon apèsi Jewova te bay sou sa l pral fè pou Jòb alavni. Jewova te montre li vle pou sèvitè fidèl li yo gen anpil kè kontan e pou yo gen satisfaksyon nan lavi yo. Anfèt, Jewova ap rekonpanse tout moun ki fidèl avè l e l ap fè yo viv pou toutan nan yon bèl paradi sou tè a (Rev. 21:​3, 4). Antanke Souvren linivè a, li vle fè sa. Lè n reflechi sou sa, sa kapab konsole n anpil lè n ap fè fas ak eprèv.

16. Bay yon lòt rezon nou genyen pou n fè Jewova konfyans antanke Souvren.

16 Apre Jòb te fin fè yon bann tan ap viv, rive yon lè li te mouri. Men, Jewova se Souvren an, Toupisan an, ki gen pouvwa menm sou lanmò (Det. 32:39). Donk, pèsonn pa kapab anpeche l resisite moun li renmen yo. E sa ap fèt nan lè li chwazi a. — Wom. 8:​38, 39.

FÈ JEWOVA KONFYANS JE FÈMEN

17. Ki jan n fè konnen Satan pa kapab detwi pèp Jewova a?

17 Istwa Jòb la ban nou bonjan rezon pou n fè Jewova konfyans je fèmen. Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li pa pèmèt Satan elimine pèp Li a! Lefètke gen anviwon nèf milyon moun k ap sèvi Jewova fidèlman jodi a, se bonjan prèv ki montre li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Pandan plizyè fwa, nou wè tout zam yo itilize kont sèvitè Jewova yo pa itil anyen (Eza. 54:17). Anpil gouvènman ak chèf relijye ki gen anpil pouvwa fè tout sa yo kapab pou anpeche sèvitè Jewova yo adore l e pou anpeche yo preche bon nouvèl la. Men, yo pa reyisi, paske Jewova ap ede n. E pa gen anyen ki ka anpeche n fè moun yo konn laverite sou Jewova epi fè yo konnen Satan se yon mantè e l se yon asasen. Menm lanmò pa ka anpeche n fè sa, paske Jewova ap resisite kèlkeswa sèvitè l ki ret fidèl avè l. — Oze 13:14.

18. Poukisa nou pa bezwen pè sa k pral rive alavni?

18 Lè n medite sou istwa lavi Jòb, sa fè n vin gen plis konfyans Jewova ap avè n kèlkeswa sa k rive alavni. Nou pa bezwen pè. Pandan gwo tribilasyon an, Satan ak akolit li yo pral panse yo ka elimine pèp Jewova a byen fasil e yo pral atake sèvitè Jewova yo. Men, menm jan ak nan epòk Jòb la, Jewova pral montre li gen kontwòl tout bagay e l pap kite Satan elimine pèp li a. Jou pou Jewova met fen nan soufrans Satan lakòz lèzòm ap sibi yo ap pwoche byen vit. Jezi pral lage Dyab la ak demon l yo nan twou san fon an pou 1000 an (Lik 8:31; Rev. 20:​1-3). Rive yon lè, Satan ak tout akolit li yo ap detwi (Rev. 20:10). Jan Jewova te di sa, yo pral kraze tèt Satan. L ap detwi nèt pou toutan gentan. — Jen. 3:15; Wom. 16:20.

19. Ki rekonpans k ap tann tout moun ki fè Jewova konfyans je fèmen? (Gade foto a tou.)

19 Se pa ti tann n ap tann monn nouvo ki gen pou vini an! Lè sa a nou pral pafè e nou pral gen kè kontan toutbon. Lavi a pral pi bèl lontan pase sa nou ka imajine. Men ki pwomès Jewova fè: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” (Rev. 21:5). Ki sa pawòl sa yo vle di? Depi plizyè milye ane, se premye fwa Satan ak demon l yo pap ka fè lèzòm mal oswa yo pap ka fè yo fè sa ki mal. Se pa ti soulaje nou pral santi n soulaje! Ou pap janm gen tètchaje ankò k ap fè w pa ka dòmi. Moun k ap chape nan Amagedon yo pral wè anpil mirak k ap fèt toupatou sou tè a. Moun ki te malad yo pral geri. Moun pa nou ki mouri yo pral resisite. Nou pral kapab viv jan Papa nou ki nan syèl la te toujou vle a!

20. Ki detèminasyon w pran?

20 Nan dènye jou sa yo, pa gen dout n ap jwenn plis eprèv e n ap bezwen met kouraj sou nou pou n ret fidèl. Donk, ann pran detèminasyon pou n fè Jewova konfyans nèt e pou n obeyi l antanke Chèf nou. Nou vle kontinye montre nou renmen Papa nou ki nan syèl la epi montre Satan se yon mantè. Nou kapab gen asirans si n ret fidèl ak Jewova, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, n ap gen yon bèl avni, paske Jewova vrèman vle rekonpanse sèvitè fidèl li yo, e l ap fè sa!

KI JAN ISTWA JÒB LA MONTRE...

  • Jewova se Sila a ki nan pi gwo pozisyon ni nan syèl la ni sou tè a?

  • Jewova vrèman vle rekonpanse sèvitè fidèl li yo?

  • ou ka fè Jewova, Souvren linivè a, konfyans je fèmen?

KANTIK 153 Fè m gen kouraj

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje