4-10 ME 2026
KANTIK 53 N ap prepare nou pou n al preche
Fè efò pou w amelyore “fason w ap anseye” nan travay fè disip la
“Preche pawòl la [...], fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye.” — 2 TIM. 4:2.
PWEN KLE
Twa bagay nou ka fè k ap ede n amelyore fason n ap anseye nan travay fè disip la.
1. Ki kapasite nou bezwen chèche genyen, e poukisa? (2 Timote 4:2). (Gade foto a tou.)
JEZI te di disip li yo: “Fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Mat. 28:19, 20). Sa vle di Jezi bay tout kretyen lòd pou yo anseye lòt moun. Anfèt, Jewova rale moun ki “nan bon dispozisyon” yo vin sèvi l, e zanj yo ede n jwenn moun sa yo (Tra. 13:48; Jan 6:44; Rev. 14:6). Men, nou bezwen jwe wòl pa nou. Ann reflechi sou egzanp apot Pòl ak Banabas. Labib fè konnen lè yo te preche nan sinagòg ki te nan Ikónyòm nan, “fason yo te pale te fè yon gwo foul moun vin kwè, Juif kou Grèk”. (Tra. 14:1.) Pa gen dout, Pòl ak Banabas te vin gen “ladrès nan fason [yo t ap] anseye”. (Li 2 Timote 4:2.) Tout kretyen bezwen aprann fè sa.
2. Sa k fè gen kretyen ki ka santi yo pa ka amelyore fason y ap anseye?
2 Gen moun ki ka santi yo pa ka amelyore fason y ap anseye paske yo pa fè gwo klas oswa yo pa fò nan esplike. Gen yon seri mesye Bib la pale de yo ki te santi yo pa t gen kapasite tou (Egz. 4:10; Jer. 1:6). Gen lòt moun ki ka santi yo pa konn ki jan pou yo anseye byen paske yo pa gen moun y ap etidye avè yo oswa yo pa fè bèl eksperyans nan travay predikasyon an menm jan ak lòt moun. Nòmalman, se pa tout moun nou pale avè yo oswa nou rankontre k ap vle tande bon nouvèl la. E se pa sèlman efò nou fè k ap fè nou jwenn bon rezilta. Jan n te wè sa, Jewova ak zanj yo ede n jwenn moun ki gen kè sensè yo. Sepandan, nou vle fè tout sa n kapab pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun yon fason k ap fè yo anvi tande nou. Pou n rive fè sa, atik sa a pral ede n wè twa bagay nou ka fè k ap ede n amelyore fason n ap anseye nan travay fè disip la.
MONTRE W GEN SOUSI POU MOUN K AP KOUTE W YO
3. Sa k fè Jezi te rive touche kè moun ki t ap koute l yo?
3 Labib di Jezi “te konn sa k nan lòm”. (Jan 2:25.) Pawòl sa a montre Jezi te konnen fason lèzòm panse ak sa ki konn pouse yo aji. Jezi te rive touche kè moun ki t ap koute l yo paske li te konprann sa yo bezwen. Li te ka wè yo te bezwen moun pou gide yo e pou konsole yo, e l te ka wè tou chèf relijye yo te met yon pakèt tradisyon ak règ ki te fè lavi a difisil pou yo (Mat. 9:36; 23:4). Jezi te pale sou sa nan Diskou li te bay sou mòn nan. Anpil moun te renmen koute Jezi paske l te konn pale sou yon seri bagay ki t ap trakase yo.
4. Ki jan n ap montre nou gen sousi pou moun yo? (Gade foto yo tou.)
4 N ap montre nou gen sousi pou moun nou rankontre yo lè n fè efò pou n konprann sa k ap trakase yo. Gen anpil mechanste k ap fèt nan monn Satan an. Donk, chak moun nou preche gen yon pwoblèm ki lakòz swa l ap enkyete oswa l ap soufri. Lè n sonje sa, sa kapab ede n pou n mete n nan plas moun n ap preche yo. Pa egzanp, èske gen yon bagay ki fèk pase nan zòn kote w ap viv la ki ka fè moun yo ap enkyete? Èske gen paran k ap enkyete pou yon bagay mal pa rive pitit yo? Èske l difisil pou anpil moun nan zòn kote w ap viv la jwenn travay? Eseye imajine jan lavi a ye pou moun yo k ap viv nan “tan” sa yo ki “di” san yo pa konnen bon bagay Bib la pwomèt yo. — 2 Tim. 3:1; Eza. 65:13, 14.
5. Ki jan Jezi te montre l pa t menm jan ditou ak Farizyen yo? (Matye 11:28-30).
5 Jezi te renmen moun ki t ap koute l yo, e yo te ka wè sa nan fason l te aji ak yo. Jezi pa t menm jan ditou ak Farizyen yo ki te panse yo pi bon pase lòt moun yo, e byen souvan ki te konn rabese yo (Mat. 23:13; Jan 7:49)! Okontrè, Jezi te aji ak moun yo avèk jantiyès e avèk respè. Li te gen “tanperaman dou e [li te] gen imilite nan kè” l, sa ki te ede l pou l yon bon anseyan. (Li Matye 11:28-30.) Nou menm tou, nou dwe aji ak moun n ap preche yo avèk jantiyès e nou dwe montre nou gen respè pou yo.
6. Ki jan n ka demontre jantiyès ak respè pou moun ki pa vle tande mesaj n ap preche a oswa ki opoze avè l?
6 Gen moun ki pa vle koute mesaj n ap preche a oswa ki menm opoze avè l. Ki jan n ta dwe reyaji? Jezi te aprann nou pou n pa mal aji ak moun ki opoze avè n. Epitou, li te di n pou n fè yon lòt bagay. Li te di pou n “fè byen pou moun ki rayi nou”, pou n “mande Bondye pou l beni moun k ap ban nou madichon”, e menm “priye pou moun k ap manke nou dega”. (Lik 6:27, 28.) Donk, nou bezwen aji avèk jantiyès ak respè menm ak moun konsa. L ap pi fasil pou n fè sa si n sonje petèt gen yon rezon ki fè moun yo pa vle koute n. Se vre, gen moun ki jis pa vle wè nou. Sepandan, gen lòt moun ki ka ap enkyete paske yo gen yon pwoblèm nan fanmi yo oswa paske yo gen yon lòt pwoblèm, men se pa anyen yo gen avè n. Petèt, nou jis al lakay yo nan yon move moman. Kèlkeswa jan sa ye, nou bezwen suiv konsèy Bib la bay ki di: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” (Kol. 4:6). Si n mete n nan plas moun yo e n fè efò pou n konprann sitiyasyon yo, nou pap kouri fache lè yo mal aji avè n e n ap yon pi bon anseyan.
SÈVI AK PAWÒL BONDYE A
7. Lè Jezi t ap anseye, ki jan l te montre li te konte sou Pawòl Bondye a? (Jan 7:14-16).
7 Jezi pa t konte sou konesans li te genyen. Lè l t ap anseye moun yo, li te baze sa l t ap di yo sou Pawòl Bondye a e l te itilize l yon fason pou moun ki t ap koute l yo te kapab konprann sa l t ap di yo byen fasil e pou yo te kapab sonje yo. Labib fè n konnen Jezi pa t anseye “tankou espè nan Lalwa yo”, men, li te anseye “avèk otorite”. Sa te fè moun yo “ret bouch ouvè”. (Mak 1:22.) Nan epòk Jezi te sou tè a, lè espè nan Lalwa yo t ap anseye moun yo, yo te konn site sa lòt chèf relijye ki gen gwo renome te di pou kore sa yo t ap di yo. Yon lòt bò, Jezi te toujou fè moun yo konnen sa Pawòl Bondye a di. Lefètke Jezi se Pitit Bondye e l t ap viv nan syèl la anvan l te vin sou tè a, li te ka itilize pakèt sajès li genyen an pou l te enpresyone moun ki t ap koute l yo e pou l te menm fè yo santi yo pa konn anyen. Men, li pa t fè sa. Okontrè, li te sèvi ak Pawòl Bondye a pou l anseye moun yo sa Bondye vle yo fè. (Li Jan 7:14-16.) Jezi kite yon bèl egzanp pou disip li yo.
8. Ki jan apot Pyè te suiv egzanp Jezi?
8 Disip Jezi yo te sèvi ak Pawòl Bondye a tou lè yo t ap anseye. Pa egzanp, apot Pyè te fè sa lè l t ap bay diskou nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Pyè pa t fè gwo etid. Epoutan, li te rive touche kè moun ki t ap koute l yo paske li te baze esplikasyon li te bay yo sou Ekriti yo pou l te montre fason Jezi te reyalize pwofesi Bondye te anonse yo (Tra. 2:14-37). Ki sa k te rive apre sa? “Moun ki te byen kontan aksepte pawòl li te di yo te batize, e jou sa a te gen anviwon 3000 moun ki te vin ajoute sou kantite disip yo.” — Tra. 2:41.
9. Poukisa nou bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a lè n ap anseye?
9 Se sèl Pawòl Bondye a ki gen pouvwa pou l touche kè moun k ap koute n yo (Ebre 4:12). Se sa k fè nou bezwen itilize Labib lè n ap anseye. Nou vle “preche pawòl la”, nou pa vle bay pwòp ide pa nou (2 Tim. 4:2). Pwovèb 2:6 di: “Se Jewova menm ki bay sajès, se nan bouch li pawòl ki fè moun gen konesans ak bon jijman soti.” Donk, lè n itilize Bib la lè n ap anseye, nan yon sans se Jewova nou kite pale (Mal. 2:7). Nou vle moun yo konnen konsèy Bib la bay pi bon lontan pase nenpòt konsèy moun ka bay. Se Bondye ki fè ekri Bib la e Bib la fè n konnen sa n bezwen fè pou n fè Kreyatè nou an plezi e pou n gen kè kontan ak satisfaksyon nan lavi n. — 2 Tim. 3:16, 17.
10. Ki jan n ka atire atansyon yon etidyan sou Pawòl Bondye a?
10 Anvan w al fè yon etid, pandan w ap prepare etid la, chèche wè ki jan w ka atire atansyon etidyan an sou sa Bib la anseye. Etidyan w lan bezwen konprann, menm lè n itilize foto ak videyo pou n ka ede l pi byen konprann sa l ap aprann yo, se Labib ki pi enpòtan. Donk, lè w ap fè etid la, li vèsè k ap ede etidyan w lan pi byen konprann pwen ki enpòtan yo, epi ede l reflechi sou sa l ka aprann nan vèsè sa yo. Lè w ap sèvi ak foto ak videyo yo, ede etidyan w lan wè leson li bezwen aprann nan Bib la. Ou pa bezwen di anpil bagay oswa li yon pakèt vèsè pou w rive fè sa. Okontrè, bay etidyan an tan pou l konprann sans chak vèsè w li ansanm avè l, menmsi sa ta mande pou w reli yon vèsè avè l ankò. Lè n fè sa, nou pap aprann moun nan sa ki gen nan yon liv, nan yon foto oswa nan yon videyo, men n ap montre l sa Labib di. — 1 Kor. 2:13.
11-12. a) Ki jan n ka pran pasyans ak etidyan nou yo? (Travay 17:1-4). (Gade foto a tou.) b) Ki sa kèk moun ka pa konnen sou Bib la, e ki jan n ka ede yo?
11 Si etidyan w lan twouve l difisil pou l aksepte yon bagay w ap aprann li, sonje “preche pawòl la, [...] avèk anpil pasyans”. Tout moun pa pwogrese menm jan. Gen etidyan ki ka bezwen plis tan pou yo konprann yon seri verite ki fasil pou n konprann. Pòl te oblije preche Juif ki t ap viv Tesalonik yo nan divès okazyon, li te rezone avèk yo sou Ekriti yo anvan kèk nan yo te rive konprann sa l t ap anseye yo. — Li Travay 17:1-4.
12 Yon lòt fason nou kapab montre nou gen pasyans, se lè n poze etidyan yo kesyon e n ba yo tan pou yo reponn ak lè n fè efò pou n pa pale twòp. Fè efò pou n byen koute yo lè y ap pale e pou n konprann sa yo panse. Apre sa, chwazi ki vèsè n ap li avè yo, epi fè yon ti pale sou vèsè sa yo pou n ede yo konprann sa Bondye panse sou pwen n ap egzamine avè yo a. Epitou, sonje gen moun ki pa janm wè yon Bib e ki pa konn anyen sou sa k ladan l. Èske sa t ap ede yo si w ta montre yo yon Bib enprime? Ou ta ka montre yo pati ki gen tit “Kèk bagay nou ka aprann nan Pawòl Bondye a” ki nan kòmansman Tradiksyon monn nouvo a pou yo ka wè tout enfòmasyon y ap jwenn nan Bib la. Apre sa, ou ta ka montre yo youn oswa de vèsè ki nan kesyon 15 lan pou w esplike yo jan Bib la kapab ede n gen kè kontan. Donk, si w montre etidyan w yo pouvwa Pawòl Bondye a genyen, y ap aplike sa y ap aprann yo nan lavi yo e y ap anvi konn pi plis toujou.
EDE YO KONN JEWOVA
13. Lè n ap anseye, sou kiyès nou dwe atire atansyon? Bay yon egzanp.
13 Objektif nou se ede moun k ap koute nou yo pou yo konn Jewova e pou yo pwoche bò kote l (Jak 4:8). Nan sans sa a, nou ka konpare travay n ap fè a ak lè n ap ede yon moun wè yon bagay nan fènwa. Si n ap itilize yon flach pou n ede yon moun wè yon bagay nan fènwa, nou pap fikse flach la sou nou. Okontrè, n ap fikse l nan direksyon bagay nou vle l wè a. Lè n ap anseye, nou bezwen fè menm bagay la tou: nou dwe atire atansyon sou Jewova, nou pa dwe atire atansyon sou nou.
14. Ki jan n ka ede yon etidyan pou l fè Jewova plezi?
14 Lè w ap etidye Labib ak yon moun, ou bezwen ede l aprann renmen Jewova. Konsa, l ap vle fè l plezi (Pwo. 27:11). Ou pa jis ap aprann etidyan an pou l fè sa ki byen e pou l evite fè sa ki mal pou l ka vin Temwen Jewova. Ou ta renmen etidyan w lan fè chanjman pou l ka fè Jewova plezi. Pa egzanp, si etidyan w lan ap lite ak yon vye abitid li genyen, ou kapab poze l kesyon tankou: “Poukisa Jewova rayi abitid sa a? Poukisa Jewova mande w sispann fè yon bagay ou renmen? Lefètke Jewova mande w sa, ki jan sa montre l renmen w?” Plis ou ede etidyan w lan medite sou Jewova e sou kalite l genyen yo, se plis l ap wè jan nou gen yon Papa ki estrawòdinè. Konsa, sa ap ede l pou l vle fè Jewova plezi.
KONTINYE AMELYORE FASON W ANSEYE
15. Ki sa w ka fè pou w kontinye amelyore fason w anseye?
15 Ou kapab priye Jewova pou w mande l ede w egzamine fason w anseye pou w wè ki jan w ka amelyore (1 Jan 5:14). Apre w fin priye, ou bezwen aji ann amoni ak priyè w. Se sa k fè, lè w nan reyinyon, ou ret konsantre sou fòmasyon Jewova ap bay la. Ou kapab mande yon frè oswa yon sè ki anseye byen pou l al fè etid ansanm avè w. Apre sa, ou kapab mande l ki jan l wè ou ka amelyore fason w anseye. Ou bezwen sonje tou, se ou menm ki konnen sijè w ap anseye a, etidyan w lan pa konnen l. Eseye mete w nan plas li pou w konprann fason l wè sa w ap anseye l yo. Apre sa, ede etidyan w lan pou l wè jan sa w ap anseye l yo bon pou li ak jan Jewova pwomèt nou bon bagay. Sa kapab ede l pou l vin pwòch ak Jewova e sa kapab ede l gen kè kontan toutbon. — Sòm 1:1-3.
16. Lè n kontinye amelyore fason n anseye, ki jan sa ap itil nou?
16 Youn nan bagay ki bay anpil kè kontan, se aprann lòt moun konnen Jewova. Nan monn nouvo a, nou pral aprann anpil moun konnen Jewova. Kidonk, ann kontinye montre nou renmen moun k ap koute n yo. Ann kontinye sèvi ak Pawòl Bondye a, e ann kontinye ede moun yo aprann konnen Jewova. Lè n fè sa, n ap kapab amelyore fason n anseye nan travay fè disip la.
KANTIK 65 Kontinye pwogrese!