BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 14-19
  • Kontinye fè chanjman pou w ka batize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye fè chanjman pou w ka batize
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ GEN MOUN KI RENKA POU YO BATIZE
  • REZON KI FÈ NOU BEZWEN SONJE LAFEN AN PA LWEN RIVE
  • REZON KI FÈ LI BON POU N AJI DEPI KOUNYE A
  • Sa batèm vle di ak enpòtans li genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Èske w pare pou w vwe Jewova lavi w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “Kontinye suiv” Jezi apre w fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Pa pèdi tan pou w batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 14-19

20-26 AVRIL 2026

KANTIK 49 Annou fè kè Jewova kontan

Kontinye fè chanjman pou w ka batize

“Kounye a se vrèman moman mwen apwouve a.” — 2 KOR. 6:2.

PWEN KLE

Kounye a se moman pou w chèche vin bon zanmi Jewova e pou w batize.

1. a) Bay kèk nan byenfè nou jwenn lè nou batize. b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

ÈSKE W vwe Jewova lavi w e w batize? Si w deja fè sa, sa montre ou te mande Bondye pou w gen yon konsyans ki klè (1 Pyè 3:21). Lefètke w te fè sa, ou bay moun ki poko batize yo yon bèl egzanp. Donk, se pi bon desizyon ou te pran! Men, e si w poko batize? Sandout ou renmen Jewova e w vle fè volonte l. Ou konnen li enpòtan anpil pou w batize pou w ka jwenn padon pou peche w e pou w ka jwenn favè Jewova (Tra. 2:​38-40). Men, aktout sa, ou ka santi w renka pou w fè sa. Ki sa k ka ede w? Nan atik sa a, nou pral wè: 1) rezon ki fè gen moun ki renka pou yo batize, 2) rezon ki fè li bon pou n sonje lafen an pa lwen rive, e 3) rezon ki fè l enpòtan pou w fè chanjman ki nesesè yo pou w ka batize san pèdi tan.

REZON KI FÈ GEN MOUN KI RENKA POU YO BATIZE

2. Poukisa gen moun ki renka pou yo batize?

2 Gen moun ki renka pou yo batize paske yo pè. Pa egzanp, byenke yo vle sèvi Jewova, yo pè pou yo pa janm ka fè l plezi. Si se konsa w santi w, li vèsè ki kapab ede w kwè Jewova pa atann pou w pafè e l kontan lè w fè tout sa w kapab pou w sèvi l (Sòm 103:​13, 14; Kol. 3:23). Si w pè pou lòt moun pa opoze avè w, mande Jewova pou l ede w gen menm konviksyon ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” — Sòm 118:6.

3. Ki lòt bagay ki ka fè gen moun ki renka pou yo batize? (Gade foto a tou.)

3 Gen moun ki renmen Jewova ki poko vle batize paske yo panse yo pa gen ase konesans sou Jewova ak sou Bib la. Men, èske w bezwen konn tout bagay sou Bib la pou w batize? Non! Ann pran yon egzanp ki nan Bib la. Apre yon tranblemanntè te fin souke prizon kote apot Pòl ak Silas te ye a, yo te bay gadyen prizon an ak moun nan fanmi l temwayaj. Sanble mesye a ak moun nan fanmi l te konprann Bondye te fè yon mirak pou l te fè sèvitè l yo sot nan prizon an. Anplis de sa, jou swa sa a, yo te aprann anpil bagay sou Jewova ak Jezi. Se sa k fè yo te vle “batize san pèdi tan”. (Tra. 16:​25-33.) Si w konn Jewova, ou renmen l ak tout kè w, ou konn ansèyman de baz ki nan Bib la, ou repanti pou peche w yo e w pran detèminasyon pou w obeyi l, ou pare pou w batize. — Mak 12:30.

4. Bay yon lòt rezon ki fè gen moun ki renka pou yo batize. (Gade foto a tou.)

4 Gen moun ki vle fè Bondye plezi k ap reflechi ak sa sa ap koute yo si yo ta fè sa. Nòmalman, lè n gen yon desizyon pou n pran, li bon pou n reflechi sou sa sa ap koute n (Lik 14:​27-30). Men, gen moun ki reflechi twòp sou sakrifis y ap bezwen fè pou yo sèvi Bondye. Candace, ki te aprann laverite pandan l t ap grandi, te santi l konsa lè l te rekòmanse etidye Labib lè l vin gran. Men sa l di: “Mwen te konnen sa Jewova vle m fè, men m te renmen fason m t ap viv la, menmsi m te konnen sa pa t fè l plezi. Mwen te konnen l t ap difisil pou m te fè chanjman nan lavi m.” Gen lòt moun k ap mande tèt yo si y ap ka viv fason Jewova vle yo viv la apre yo fin batize. Yo pè pou yo pa fè yon peche grav apre yo fin batize e pou yo pa retire yo nan kongregasyon an. Si se sa k anpeche w batize, ki sa w ka fè?

5. Si n renka pou n batize, sou ki sa n ta dwe reflechi? (Matye 13:​44-46).

5 Lè n vle achte yon bagay, nou pa sèlman gade konbyen l ap koute, men, nou gade tou si se yon bon bagay. Si sa n ta renmen achte a vo plis pase pri yo mande a, se sèten n ap kouri achte l. Menm jan an tou, lè n ap reflechi pou n wè si n dwe batize, nou pa dwe ret ap panse sèlman ak tout sakrifis sa ap mande pou n fè chanjman nan lavi n. Okontrè, nou dwe plis reflechi sou jan nou pral viv pi byen lè n vin gen yon bon relasyon ak Jewova. Jezi te bay de egzanp pou l esplike sa. (Li Matye 13:​44-46.) Chak egzanp yo pale konsènan yon mesye ki te kontan vann tout sa l te posede pou l te ka achte yon bagay li te jwenn ki gen anpil valè. Ou menm tou, ou jwenn yon bagay ki gen anpil valè: Ou vin konn laverite sou Wayòm nan. Donk, si w renka pou w fè chanjman ki nesesè yo pou w batize, byen reflechi sou egzanp Jezi te bay yo. Ou ka mande tèt ou: ‘Èske m vrèman kwè sa m jwenn yo gen tout valè sa a? Èske relasyon m gen ak Jewova a, esperans mwen genyen pou m viv pou toutan an ak bèl fanmi frè ak sè nou genyen an gen anpil valè pou mwen?’ Repons ou bay pou kesyon sa yo ka ede w wè ki sa w ka bezwen fè pou w pran desizyon pou w batize.

6. Ki sa k ka ede n aplike sa n ap aprann yo?

6 Nan egzanp Jezi te bay konsènan mesye k ap simen semans lan, li te montre eta kè yon moun ka anpeche l fè pwogrè. Men, Jezi te montre tou gen moun ki t ap tande mesaj Wayòm nan “ak yon kè ki pwòp e ki bon” ki t ap byen reyaji (Lik 8:​5-15). Si w ap bay tèt ou pwoblèm paske w pa fin sèten si w ap ka aplike sa w ap aprann yo, pa kite sa fè w dekouraje. Bondye kapab ede w “fè chanjman nan kè” w pou w ka vle obeyi l. Priye Jewova pou l ede w renmen sa w ap aprann yo e pou w aplike yo nan lavi w. — Eze. 18:31; 36:26.

7-8. Poukisa gen jèn ki pa rive fè pwogrè pou yo batize? (Gade foto a tou.)

7 Gen jèn ki renmen Jewova ki pa fè pwogrè pou yo batize paske yo kite lòt moun jwe nan tèt yo. Pa egzanp, gen pwofesè ki ka ankouraje elèv yo pou yo dakò ak fason yon seri moun chwazi viv, menmsi Bondye pa dakò ak sa moun sa yo ap fè yo. Konsèy konsa ka lakòz gwo dega (Sòm 1:​1, 2; Pwo. 7:​1-5). Ou ka evite danje sa a lè w suiv egzanp youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di Jewova: “Mwen gen plis bon konprann pase moun k ap anseye m yo, paske, mwen reflechi sou rapèl ou yo.” — Sòm 119:99.

8 Sanble gen paran Temwen Jewova ki pa ankouraje pitit yo pou yo batize. Yo plis ankouraje pitit yo pou yo fè gwo etid e pou yo chèche jwenn gwo djòb, oswa yo pa ede yo gen objektif k ap fè yo vin pi pwòch ak Jewova. Ki sa w ka fè si w santi paran w te ka ede w plis pou w fè pwogrè pou w batize? Sa w panse si w ta pale sou sa avè yo? Kèlkeswa laj ou, ou kapab fè efò pou w gen yon bon relasyon ak Jewova. — Pwo. 20:11.

9. Ki sa k fè gen moun ki ka poko vle batize?

9 Gen moun ki pare pou yo batize, men ki ka poko vle fè sa paske petèt yo santi yo oblije tann yon lòt moun pran menm desizyon an. Pa egzanp, yo ka ta renmen batize menm jou ak yon zanmi yo oswa yon moun nan fanmi yo. Nòmalman, pa gen anyen ki mal pou w batize menm lè ak moun ki pwòch avè w. Men, èske w ta dwe kite sa anpeche w batize, alòske w pare pou w fè sa? Sonje, lè w vwe Bondye lavi w, se yon pwomès ou fè l pèsonèlman. Ou pa dwe gade sa lòt moun ap fè pou w deside ki lè w ap batize. — Wom. 14:12.

REZON KI FÈ NOU BEZWEN SONJE LAFEN AN PA LWEN RIVE

10. Sa k fè gen moun ki ka poko vle fè pwogrè pou yo batize?

10 Anplis rezon nou sot wè pi wo yo, gen moun ki ka poko vle fè pwogrè pou yo batize paske yo met nan tèt yo lafen an poko prèt pou l rive. Men, èske l bon pou yon moun panse konsa? Men avètisman Jezi te bay disip li yo: “Montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” — Lik 12:40.

11. Lè n aprann konnen Jewova pi byen, ki jan n ap wè kòmandman l yo? (Sòm 119:60).

11 Se lanmou nou gen pou Jewova ki dwe pouse n vwe l lavi nou. Plis nou aprann konnen Bondye nou an ki renmen nou, se plis n ap vin renmen kòmandman l yo e n ap vle obeyi yo. (Li Sòm 119:60.) Disip Jak te montre gen yon lòt rezon ki fè l enpòtan anpil pou n obeyi kòmandman Jewova yo san pèdi tan: Pa gen nou youn ki konnen sa demen ap pote. Nou ka pa menm gen yon jou anplis pou n “fè sa ki jis”, se sa k fè, lè n konnen sa Jewova vle nou fè, nou dwe aji san pèdi tan. — Jak 4:​13-17.

12. Ki sa n ka aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan jaden rezen an?

12 Aktout sa, gen moun ki ka panse, kit yo batize kounye a kit yo batize pi devan, se menm bagay. Yo ka sonje egzanp Jezi te bay konsènan jaden rezen an. Èske Jezi pa t fè konnen gen moun ki te fè inèdtan sèlman ap travay, epoutan yo te peye yo menm kantite kòb ak moun ki te fè tout jounen an ap travay? Wi, se vre. Men gad ki rezon moun ki te fè inèdtan ap travay yo te bay ki fè yo pa t kòmanse pi bonè. Yo te di: “Se paske pèsonn pa ban nou travay.” Travayè sa yo pa t ap rale kò yo dèyè pou yo pa t travay tout jounen an. Yo te jis pa t ba yo travay. Kou yo te rele yo, yo te kòmanse travay menm kote a (Mat. 20:​1-16). Jodi a, Jezi mande n pou n vin disip li e pou n patisipe nan travay Wayòm nan. Nou dwe fè sa l mande n fè a kou n aprann sa.

13. Ki sa n ka aprann nan istwa madan Lòt?

13 Gen moun ki ka ap tann pou yo fè chanjman pou yo vin sèvi Bondye paske yo panse y ap gentan fè chanjman sa yo yon ti tan anvan lafen an rive. Men, plis ou tann, se plis l ap difisil pou w fè chanjman pou w sèvi Bondye. Jezi te konn sa e l te avèti disip li yo lè l te di yo: “Sonje madan Lòt.” (Lik 17:​31-35). Madan Lòt te byen konnen Bondye t apral egzekite jijman l sou Sodòm ak Gomò nan yon tikras tan. Malgre sa, sanble li te ret atache ak bagay li te kite dèyè yo (Jen. 19:​23-26). Eksperyans madan Lòt la fè n sonje tou Jewova bay moun yo ase tan pou yo fè chanjman ki nesesè pou yo vin sèvi l. Lè lè Bondye fikse a rive, l ap twò ta pou yo. — Lik 13:​24, 25.

14. Ki sa pwofesi Bib la te anonse konsènan lafen an ta dwe pouse w fè?

14 Sa k ap pase chak jou nan monn nan montre pwofesi Bib la anonse konsènan lafen an ap reyalize. Menmsi gen kèk nan bagay Bib la te anonse ki poko fèt nan zòn kote w ap viv la, lefètke w wè anpil nan bagay sa yo ap fèt plizyè lòt kote nan monn nan, sa ta dwe pouse w fè chanjman ki nesesè pou w batize kou sa posib. Ann pran yon egzanp nan premye syèk la. Apot Pyè te ankouraje kretyen yo pou yo “gen bonsans” paske “lafen tout bagay vin pi pre”. (1 Pyè 4:7.) Sanble “lafen” y ap pale de li nan vèsè sa a gen rapò ak fen sistèm juif la. Kretyen Pyè te ekri yo t ap viv lwen Jerizalèm, donk, yo pa t ap nan vil la lè l detwi (1 Pyè 1:1). Men, yonfwa yo ta wè pwofesi sa a reyalize, yo t ap vin gen plis konfyans toujou nan tout lòt pwomès Jewova te fè yo. Menm jan an tou, lè w wè pwofesi Bib la te anonse konsènan lafen an ap reyalize, sa ta dwe pouse w fè sa ki nesesè pou w batize.

15. Ki jan n ka prepare n pou lè jou Jewova a rive? (2 Pyè 3:​10-13).

15 Nan dezyèm lèt Bondye te fè apot Pyè ekri a, Pyè te esplike fason n kapab prepare n pou lè jou jijman Jewova a rive. Pou kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, jou sa a t ap pran anpil tan anvan l rive. Sepandan, Pyè te di yo pou yo “kenbe [jou sa a] nan lespri” yo oswa pou yo “gen gwo anvi” pou l vini. (Li 2 Pyè 3:​10-13; nòt.) N ap rive kenbe jou sa a nan lespri nou lè n prepare n e lè n vrèman swaf pou l vini. N ap montre sa lè n “gen yon konduit ki sen e [lè n] montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye”. Reflechi sou jan sa t ap fè Jewova plezi pou l wè w ap fè yon seri “aksyon [ki montre ou] gen atachman” pou li! Se sèten li t ap kontan anpil pou l wè w vwe l lavi w e w batize.

REZON KI FÈ LI BON POU N AJI DEPI KOUNYE A

16. Ki pi bon lè pou yon moun fè pwogrè pou l batize? (2 Korentyen 6:​1, 2). (Gade foto yo tou.)

16 Pi bon lè pou yon moun fè pwogrè pou l batize se kounye a. (Li 2 Korentyen 6:​1, 2.) Etyopyen ki te nan gwo pozisyon Filip te rankontre a te konprann li te bezwen aji san pèdi tan. Kou l te konprann bon nouvèl la e l te jwenn okazyon pou l batize, li pa t di tèt li: ‘Mwen ta renmen aprann plis bagay sou bon nouvèl la anvan. M ap jwenn yon lòt kote ki gen dlo sou wout la.’ Okontrè, li te mande Filip: “Ki sa k anpeche m batize?” (Tra. 8:​26, 27, 35-39). Ala yon bèl egzanp! Apre mesye ki te nan gwo pozisyon an te fin batize, “li te kontinye wout li ak kè kontan”.

17. Ki asirans nou kapab genyen?

17 Si w renka pou w batize, ou mèt gen asirans Jewova vle ede w vin gen yon bon relasyon avè l (Wom. 2:4). Li kapab ede w si w pè, si w ap bay tèt ou pwoblèm oswa si gen moun k ap dekouraje w pou w pa fè pwogrè. Lè konsyans ou vin klè devan Bondye apre w fin batize, se sèten w ap rann ou kont “bagay ki dèyè yo” pa gen valè pou ou ankò (Flp. 3:​8, 13). Lè sa a, w ap kapab ret konsantre sou “bagay ki devan yo”, anpalan de bagay Jewova pwomèt moun ki vwe l lavi yo e ki batize. — Tra. 3:19.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa k ka fè gen moun ki renka pou yo batize?

  • Sa k fè li pa t ap bon pou n di n a gentan batize?

  • Ki pi bon lè pou yon moun fè pwogrè pou l batize?

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Menm jan Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an te di Filip li te vle batize, yon etidyan Labib al kot ansyen yo pou l fè yo konnen li ta renmen batize.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje