BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 8-13
  • Sa batèm vle di ak enpòtans li genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa batèm vle di ak enpòtans li genyen
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA BATÈM VLE DI
  • FASON BATÈM KRETYEN YO DWE FÈT
  • “NAN NON PAPA A, NAN NON PITIT LA AK NAN NON LESPRI SEN AN”
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki sa batèm ye?
    Repons Bib la bay
  • Siyifikasyon batèm ou
    Adore sèl vrè Dye a
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 8-13

13-19 AVRIL 2026

KANTIK 52 Ve kretyen yo fè

Sa batèm vle di ak enpòtans li genyen

“Fè disip [...]. Batize yo.” — MAT. 28:19.

PWEN KLE

Sa batèm vle di, enpòtans li genyen ak fason l dwe fèt.

1. Ki sa k montre batèm se yon ansèyman ki enpòtan anpil nou jwenn nan Bib la?

NOU kontan anpil lè gen moun ki batize! Èske w te konnen premye kretyen yo te kontan anpil tou lè te gen yon pakèt moun ki te batize nan Pannkòt ane 33 epòk nou an? Lè sa a, apot Pyè te fè yon diskou kote l te esplike jan l enpòtan pou moun batize (Tra. 2:​38, 40, 41). Pi devan, apot Pòl te ekri “doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo” gen ladan l “ansèyman sou batèm”. (Ebre 6:​1, 2.) Byenke ansèyman sou batèm nan ka sanble yon ansèyman de baz, nou bezwen byen konprann li. Poukisa?

2. Poukisa nou bezwen byen konprann sa Labib anseye sou batèm?

2 Lè fondasyon yon kay solid, sa ka fè kay la rete djanm. Menm jan an tou, lè n byen konprann sa Labib anseye sou batèm, sa ka fè n gen yon lafwa ki solid. Nou bezwen konprann sa kit n ap fè pwogrè pou n batize kit nou gen anpil ane depi n batize. Donk, nan atik sa a, nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki sa batèm vle di? Ki jan batèm kretyen yo dwe fèt? E poukisa nou batize nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an?

SA BATÈM VLE DI

3. Lè w batize, ki sa w montre?

3 Lè w batize, ou montre 1) ou aksepte laverite sou Jewova Dye ak Kris Jezi, 2) ou repanti pou peche w, 3) ou fè chanjman nan lavi w pou w sèvi Jewova, 4) ou rekonèt Jezi se mwayen Bondye itilize pou l sove n, e 5) ou pwomèt Bondye nan yon priyè pou w fè volonte l ak tout kè w e pou w fè pati òganizasyon l lan. Apre w fin fè pwomès sa a oswa ve sa a e w batize, ou kòmanse yon kous k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.

4. Lè yo plonje w nèt anba dlo e yo leve w sot anba dlo a, ki sa sa montre? (Gade foto a tou.)

4 Lè w batize, yo plonje w nèt anba dlo, e apre sa, yo leve w sot anba dlo aa, kòmsi yo te antere w e apre sa ou resisite. (Konpare ak Kolosyen 2:12.) Batèm nan montre gwo chanjman w fè nan lavi w. Ki jan? Lè yo plonje w anba dlo a, sa montre ou sispann viv fason w te konn viv anvan. Lè yo leve w sot anba dlo a, sa k vin pi enpòtan nan lavi w se fè volonte Bondye.

5. Ak ki sa w ka konpare efò w fè pou w prepare w pou w batize, e poukisa? (1 Pyè 3:​18-21).

5 Li 1 Pyè 3:​18-21. Nan yon sans, nou ka konpare efò w fè pou w prepare w pou w batize ak travay Noye te fè pou l konstwi lach la. Si w fèk kòmanse aprann konnen Jewova, efò w ap bezwen fè yo ka parèt twòp pou ou. Petèt yo ka menm parèt anpil menm jan ak kantite travay Noye te bezwen fè pou l te konstwi lach la. Èske l vrèman nesesè pou w fè tout efò sa yo? Se sèten Noye te bezwen fè anpil efò. Bondye te di Noye egzakteman ki jan pou l fè lach la, e Noye te bezwen byen suiv enstriksyon sa yo pou l te ka sove lavi l pandan delij la. Noye te obeyi Bondye e l te rive konstwi lach la paske l te gen lafwa e paske Bondye te ede l. Menm jan ak Noye, ou kapab rive “fè tout sa Bondye [ba w] lòd fè”. — Jen. 6:22.

6. Nan ki sans batèm kapab sove w?

6 Nan vèsè 21 an, apot Pyè te ekri batèm ap “sove nou”. Nòmalman, se pa paske yo annik plonje w anba dlo ki fè w ap sove, ni sa pa vle di se sa sèlman ou bezwen fè pou w jwenn padon pou peche w. Se sèlman san Jezi ki kapab fè w jwenn padon pou peche w (1 Jan 1:7). Sepandan, li enpòtan anpil pou n batize paske se Bondye ki mande n fè sa. E lè w batize, “se yon demann [ou] fè Bondye pou [w] gen yon konsyans ki klè”. Jewova ap kontan ba w sa w mande l la. Se nan sans sa a batèm ap “sove” w oswa l ap fè w jwenn posiblite pou w viv pou toutan.

FASON BATÈM KRETYEN YO DWE FÈT

7. Ki jan yon batèm dwe fèt?

7 Labib fè konnen lè y ap batize yon moun yo bezwen plonje l nèt anba dlo, men, li pa bay anpil detay sou batèm. Sepandan, li ede n konnen sa ki akseptab. Pa egzanp, prensip ki nan Bib la ede moun k ap batize yo konnen fason pou yo abiye. Epitou, li ede moun k ap asiste yo konnen fason pou yo konpòte yo (1 Kor. 14:40; 1 Tim. 2:9). Nan epòk pa nou an, an jeneral, se yon ansyen ki batize moun, e nou veye pou n pa bay frè ki gen privilèj sa a twòp enpòtans (1 Kor. 1:​14, 15). Bondye rekonèt yon batèm kit gen anpil moun ki asiste kit pa gen anpil moun ki asiste. — Tra. 8:36.

8. Ki kesyon yo poze moun k ap batize yo, e poukisa? (Travay 2:​38-42). (Gade foto a tou.)

8 Labib montre nou dwe fè “deklarasyon piblik pou [n] ka sove”, sa vle di nou fè konnen nou gen lafwa (Wom. 10:​9, 10). Nou konprann rezon ki fè li bon pou n fè sa lè n ap batize paske sa enpòtan anpil pou n ka sove! Se poutèt sa yo poze moun k ap batize yo de kesyon. Men premye a: “Èske w repanti pou peche w, èske w vwe tèt ou bay Jewova e èske w aksepte delivrans Jewova ofri pa mwayen Jezi Kris la?” Kesyon sa a montre sa yon moun deja fè pou l ka batize, e l sanble ak pawòl Pyè te di foul moun ki te nan fèt Pannkòt la. Men dezyèm kesyon an: “Èske w konprann batèm ou an idantifye w kòm Temwen Jewova, e w fè pati òganizasyon Jewova a?” Kesyon sa a fè n sonje nou viv ann amoni ak ve nou te fè a lè n suiv direksyon òganizasyon Jewova a bay e lè n sèvi Bondye ansanm ak frè n ak sè n yo, jan disip yo te fè sa nan premye syèk la. (Li Travay 2:​38-42.) Moun ki reponn wi pou toule de kesyon sa yo kapab batize.

9. Ki sa tout moun dwe fè pou yo ka jwenn favè Bondye?

9 Menm anvan w te kòmanse aprann laverite, petèt ou t ap mennen yon vi ki plizoumwen san repwòch e w pa t janm fè okenn peche grav. Oswa, petèt paran w t ap sèvi Jewova e yo te ede w aprann renmen l. Aktout sa, èske w bezwen repanti e èske w bezwen batize pou w ka jwenn favè Bondye? Wi. Kèlkeswa jan nou t ap viv, nou tout dwe rekonèt nou eritye peche, e sa anpeche n gen bon relasyon ak Bondye (Sòm 51:5). Sepandan, lè n vin aprann konnen Jewova, nou chwazi bay volonte l plis enpòtans pase volonte pa nou. Yonfwa nou fè sa, nou ka repanti pou fason n te konn ap viv epi kase tèt tounen, sa vle di nou vin ap viv yon fason ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Apre sa, nou kapab batize. — Tra. 3:19.

10. Ki sa w bezwen fè si w te deja batize pandan w te nan yon lòt relijyon?

10 Si w te deja batize pandan w te nan yon lòt relijyon, ou bezwen batize kanmenm pou w vin Temwen Jewova. Poukisa? Paske lè sa a ou pa t byen konprann laverite sou Jewova Dye ak Jezi. E menmsi w te fè yon priyè pou w te vwe Bondye lavi w, pwomès ou te fè a pa t gen valè paske w pa t byen konprann volonte Bondye. Lè apot Pòl te rankontre yon seri mesye nan vil Efèz ki te deja batize alòske yo pa t konprann laverite sou Jezi, li te pran dispozisyon pou yo batize ankòb (Tra. 19:​1-5). Menm jan an tou jodi a, pou Jewova aksepte yon batèm, moun k ap batize a bezwen byen konprann sa Jewova ap anseye l yo ak sa L vle l fè.

“NAN NON PAPA A, NAN NON PITIT LA AK NAN NON LESPRI SEN AN”

11. Ki sa batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an” vle di? (Matye 28:​18-20).

11 Jezi te bay lòd pou yo batize moun ki fèk vin disip li yo “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. (Li Matye 28:​18-20.) Ki sa l te vle di? Nan Bib la, mo “non” an gen rapò byen souvan ak repitasyon yon moun. Li kapab gen rapò tou ak pozisyon ak otorite ki makònen ak non yon moun. Donk, lè nou fè yon bagay “nan non” yon moun oswa “nan non” yon bagay, nou rekonèt otorite ki dèyè non sa a. (Konpare ak Matye 10:41.) Ann wè ki jan nou ka rekonèt pozisyon ak otorite Papa a ak Pitit la ansanm ak wòl lespri sen.

12. Ki sa batize nan non Papa a vle di? (Revelasyon 4:11). (Gade foto a tou.)

12 Nan non Papa a. Nou rekonèt Jewova se Papa nou ki nan syèl la oswa Sila a ki ban nou lavi a. Li se Bondye toupisan an, Sila a ki kreye tout bagay. (Li Revelasyon 4:11.) Nou konnen li se Sila a ki tande lapriyè a, nou sèvi ak non l avèk respè lè n ap priye l ak lè n ap fè lòt moun konnen l, e n santi n alèz pou n fè sa (Sòm 65:2). Sepandan, batize nan non Papa a pa vle di sa sèlman. Moun ki t ap koute Pyè nan fèt Pannkòt la te deja konnen Jewova, men kounye a, yo te bezwen konprann se sèlman pa mwayen Jezi Kris Jewova ap bay lavi ki pap janm fini an. — Wom. 5:8.

13. Ki sa batize nan non Pitit la vle di? (Gade foto a tou.)

13 Nan non Pitit la. Nou rekonèt Jezi se sèl Pitit Gason Bondye fè a. Jezi se “chemen an”, se li menm sèl ki kapab pèmèt nou gen yon bon relasyon ak Jewova (Jan 14:6). Jezi se Sovè nou tou, li menm ki te mouri pou nou pou n ka gen lavi. Lefètke nou konn sa, nou vle suiv egzanp li chak jou nan lavi n, se pa jou nou batize a sèlman (1 Jan 2:6). Se sa k fè nou preche ak tout kè n, menm jan Jezi te fè sa, e n pa kite anyen anpeche n fè travay sa a (Lik 4:43). Nou menm pare pou n andire pèsekisyon poutèt n ap sèvi Bondye fidèlman (2 Tim. 3:12). Nou respekte Jezi antanke “chèf kongregasyon an”, se sa k fè nou kontan suiv direksyon frè li chwazi pou dirije disip li yo e pou pran swen yo. — Efe. 4:​8, 11, 12; 5:23.

14. a) Ki sa batize nan non lespri sen an vle di? (Gade foto a tou.) b) Ki lòt batèm moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa? (Gade kare ki gen tit “Lòt batèm moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa”.)

14 Nan non lespri sen an. Nou aksepte laverite sou lespri sen. Li pa yon moun oswa li pa fè pati yon Trinite, men li se fòs Bondye itilize pou l aji. Nou rekonèt lespri sen te gide pwofèt yo ak moun ki te patisipe nan ekri Bib la, se sa k fè nou li Bib la regilyèman e nou suiv sa l di (2 Pyè 1:​20, 21). Epitou, nou veye pou n pa fè peche ki grav paske, si n ta fè sa, nonsèlman sa ka fè n pa jwenn lespri sen Bondye, men tou, sa ka anpeche lespri sen aji nan kongregasyon an. — Efe. 4:30.

Lòt batèm moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa

Nonsèlman kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo batize nan dlo, yo resevwa batèm ki annapre yo tou.

  • Yo batize nan lespri sen lè Bondye chwazi yo pou y al sèvi ansanm ak Kris nan syèl la (Mat. 3:11).

  • Yo “batize nan Kris”, sa vle di yo tèlman vin pwòch ak Kris, yo kapab rele yo kò Kris (Gal. 3:​27, 28; 1 Kor. 12:27).

  • Yo batize nan lanmò Kris, sa vle di yo kontinye suiv egzanp li jiskaske yo mouri e yo resisite pou yo viv nan syèl (Wom. 6:​3-5).

15. Ki detèminasyon nou bezwen pran?

15 Si w deja batize, pran detèminasyon pou w konprann tout sa “ansèyman sou batèm”c nan gen ladan l e pou w viv ann amoni ak pwomès ou te fè Jewova a lè w te vwe l lavi w e w te batize. Men, e si w poko batize? Èske petèt gen yon bagay ki anpeche w fè sa? Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan w ka kontinye fè chanjman pou w ka batize.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Lè w batize, ki sa w montre?

  • Ki kesyon yo poze moun ki pral batize yo, e poukisa?

  • Ki sa batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an” vle di?

KANTIK 161 Mwen pran plezi fè volonte w

a Mo grèk batisma a, lè yo tradui l yo mete “batèm” pou li a, vle di “plonje” oswa “tranpe”. Donk, batèm se lè yo plonje yon moun nèt anba dlo. Se pa lè yo annik voye yon ti dlo sou moun nan jan kèk relijyon anseye sa.

b Se “batèm Jan an” moun nan vil Efèz yo te resevwa (Tra. 19:3). Jan ki te konn batize moun nan te ankouraje Juif yo pou yo repanti pou peche yo te fè kont Lalwa Moyiz la e l te batize moun ki te repanti yo (Mak 1:​4, 5). Sepandan, batèm Jan an te vin pa gen valè ankò lè Lalwa Moyiz la te rive nan bout li. Depi lè sa a, se “yon sèl batèm” Bondye rekonèt ki kapab pèmèt moun sove. — Efe. 4:5.

c Gade atik ki gen tit “Ki sa batèm ye?” nan seri atik “Repons Bib la bay” ki sou jw.org ak nan JW Library®.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan yon asanble, moun ki pral batize yo kanpe pou yo fè yon deklarasyon piblik pou montre yo gen lafwa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje