BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 20-25
  • Prepare w pou pwoblèm ou ka jwenn apre batèm ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prepare w pou pwoblèm ou ka jwenn apre batèm ou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ YON FRÈ OSWA YON SÈ DI W OSWA FÈ W YON BAGAY KI FÈ W MAL
  • OU VIN AP SONJE SA W TE KITE DÈYÈ
  • LÈ YON MOUN SISPANN SÈVI JEWOVA
  • Jewova “geri moun kè yo ap fann yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Lè n chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, sa bon pou nou!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 20-25

27 AVRIL–3 ME 2026

KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè

Prepare w pou pwoblèm ou ka jwenn apre batèm ou

“Fè m kontinye mache nan chemen w yo.” — SÒM 17:5.

PWEN KLE

Fason frè ak sè ki fèk batize yo ka prepare yo pou pwoblèm yo ka jwenn apre yo fin batize.

1-2. Ki sa n ka fè pou n prepare n pou pwoblèm nou ka jwenn apre n fin batize? Bay yon egzanp.

NOU konnen n ap jwenn pwoblèm nan monn Satan an. Jezi te fè disip li yo konnen “ap gen obstak pou fè moun bite”. (Mat. 18:7.) Piske nou konn sa, nou bezwen prepare n pou pwoblèm nou ka jwenn, e sa gen ladan l pwoblèm nou ka gen ak kwayan parèy nou.

2 Ann pran yon egzanp. Detanzantan, yo fè pèp Jewova a sonje pou yo prepare yo pou lè gen katastwòf natirèl. Ki jan n fè sa? Toudabò, nou chèche konnen ki katastwòf ki ka gen nan zòn kote n ap viv la. Li enpòtan pou n fè sa, sitou si nou fèk vin abite nan zòn nan. Lè n konn ki katastwòf ki ka genyen, nou bezwen planifye pou n konnen ki sa n ka fè pou n pare pou lè sa rive (Pwo. 21:5). Menm jan an tou, nou ka chèche konnen ki pwoblèm nou ka jwenn apre n fin batize e n ka prepare n depi kounye a pou n konn ki sa pou n fè si n ta jwenn pwoblèm. Konsa, l ap pi fasil pou n fè fas ak pwoblèm sa yo e n ap rete pwòch ak Jewova (Sòm 17:5). Donk, ann pale sou twa pwoblèm nou ka jwenn ak fason nou ka prepare n pou yo chak.a

LÈ YON FRÈ OSWA YON SÈ DI W OSWA FÈ W YON BAGAY KI FÈ W MAL

3. Ki pwoblèm nou ka jwenn nan kongregasyon an?

3 Èske w sonje jan w te santi w premye fwa ou te asiste yon reyinyon e w te wè lanmou ki gen nan mitan pèp Jewova a? Èske w te gen konviksyon ou jwenn laverite (Jan 13:35; Kol. 3:12)? Se konsa Blancab te santi l. Men, apre l fin batize, li te fè yon eksperyans li pa t atann. Men sa l di: “Gen yon sè ki te mal aji avè m. Epitou, m te remake li t ap pale lòt moun nan kongregasyon an mal. Mwen pa t atann sa. Mwen te aprann Temwen Jewova yo fè efò pou yo gen lapè ak lanmou nan mitan yo.” Se vre frè w ak sè w yo fè anpil efò pou yo gen bèl kalite, men, pèp Jewova a pa pafè (Efe. 4:​23, 24; 1 Jan 1:8). Donk, sa ka rive youn nan yo di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal (Jak 3:8). Malerezman, pwoblèm konsa fè kèk moun sispann sèvi Jewova.

4. Ki jan n ka prepare n si yon frè oswa yon sè ta di n oswa fè n yon bagay ki fè n mal? (Efezyen 4:32).

4 Ki jan w ka prepare w depi kounye a si yon frè oswa yon sè ta di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal? Pran abitid aplike konsèy nou jwenn nan Efezyen 4:32 a. (Li vèsè a.) Si w fè tout sa w kapab pou w toujou aji avèk bonte e pou w demontre konpasyon, se sèten sa ap ede w evite yon seri pwoblèm ak lòt moun. Fè efò pou w padone lòt moun ak tout kè w lè yo fè yon bagay ki fè w fache. Ki sa k ka ede w? Panse ak kantite fwa ou mande Jewova padon pou sa w fè ki mal ak jan Jewova kontan fè sa (Mat. 6:12). Lè w reflechi pou w wè jan w kontan pou kantite fwa Jewova padone w, l ap pi fasil pou w padone lòt moun.

5. Ki prensip biblik ki kapab ede n lè yon moun di n oswa fè n yon bagay ki fè n mal? (Pwovèb 19:11). (Gade foto yo tou.)

5 Li Pwovèb 19:11. Labib di lè yon moun di n oswa fè n yon bagay ki fè n mal, bon konprannc nou genyen kapab ede n bese kòlè n. Se sa k ede Rima ki gen kèk ane depi l batize. Men sa l di: “Lè gen frè ak sè ki di oswa fè yon bagay ki fè m mal, tousuit mwen panse ak Pwovèb 19:11. Mwen reflechi sou sitiyasyon yo ak jan yo te leve, e m eseye panse ak rezon ki fè petèt yo aji fason yo aji a. Epitou, m konn mande yo pou m preche ak yo. Lè konsa, mwen vin konnen yo pi byen.” Sa se yon bon bagay nou ka fè. Ou ka aprann konnen frè w ak sè w yo depi kounye a. Plis ou konprann yo, se plis li ka fasil pou w padone yo si yo ta di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal.

6. Ki sa k ka ede n gen bon relasyon ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an?

6 Ki sa w ka fè pou w gen bon relasyon ak frè w ak sè w nan kongregasyon an? Pandan w ap aprann konnen frè w ak sè w yo, chèche konsantre sou bèl kalite yo genyen. (Konpare ak Pwovèb 10:12; Wom. 12:10; Flp. 2:​2, 3.) Ann wè ki jan sa te ede Mark, yon frè ki pa gen anpil tan depi l batize. Lè l te kòmanse pase plis tan ak frè ak sè yo nan kongregasyon an, li te vin ap wè defo yo genyen. Ki sa k te ede Mark pou l pa t kite defo li te wè yo genyen fè l bite? Men sa l di: “Mwen te vin rann mwen kont mwen t ap konsantre sou ti defo yo genyen, e defo sa yo pa anyen devan tout mechanste ki gen nan monn nan. Donk, mwen te deside pa ret konsantre sou enpèfeksyon frè m ak sè m yo. Mwen te konsantre pito sou bèl kalite yo genyen.” Si w fè menm jan an, w ap gen bon relasyon ak frè w ak sè w yo nan kongregasyon an.

OU VIN AP SONJE SA W TE KITE DÈYÈ

7. Ki sa k ka fè n vin ap sonje sa n te kite dèyè?

7 Lè w te fèk vin nan laverite, sandout ou te santi w soulaje dèske w pa fè pati vye monn Satan an ankò. Petèt ou te di tèt ou: ‘Ki jan pou yon moun ta vle tounen nan vye monn sa a ankò?’ Men, lè w kòmanse jwenn pwoblèm, ou ka vin ap sonje e menm anvi kèk nan bagay ou te kite dèyè pou w te vin sèvi Jewova. (Konpare ak Nonb 11:​4-6.) Pa egzanp, petèt gen frè ki te deside abandone yon bèl djòb yo te genyen ki te fè yo gen gwo renome, men ki te pran tout tan yo. Gen lòt ki ka te gen bon zanmi ki te rale kò yo sou yo lè yo te kòmanse etidye Labib. Gen lòt ankò petèt ki te esklav yon vye abitid yo te genyen yo te pran plezi ladan l, men ki te lite pou yo kite l paske sa pa fè Jewova plezi. Ala sa t ap tris pou yon kretyen ta kite nenpòt sa l te kite dèyè fè l vin pa gen bon relasyon ak Jewova ankò! Ki sa w ka fè depi kounye a pou w pa janm retounen nan bagay ou te kite dèyè yo, kèlkeswa pwoblèm ou jwenn?

8. Ki sa nou aprann nan egzanp Abraram ak Sara?

8 Nan Bib la, nou jwenn anpil bèl egzanp moun ki t ap adore Jewova ki te fidèl ki te ka kòmanse sonje bagay yo te kite dèyè. Pa egzanp, Abraram ak Sara te obeyi lè Jewova te mande yo pou yo te kite vil Ou, yon vil ki te byen pwoteje, pou yo t al viv anba tant (Ebre 11:​8, 9). Sandout, pafwa yo te ka sonje jan yo t ap viv alèz nan vil Ou. Men, “si yo te toujou ap sonje” oswa si yo te ret ap panse ak fason yo t ap viv, yo te ka anvi retounen kote yo t ap viv alèz la. Okontrè, yo te kontinye panse ak bon bagay Jewova te pwomèt li t ap ba yo alavni. — Ebre 11:​15, 16.

9. Ki jan apot Pòl te konsidere bagay li te kite dèyè yo? (Filipyen 3:​7, 8, 13).

9 Apot Pòl te chanje fason l t ap viv pou l te ka vin sèvi Jewova. Anvan l te vin yon kretyen, li te resevwa fòmasyon nan men Gamalyèl, yon anseyan Lalwa ki te gen gwo renome (Tra. 22:3). Pòl te ka vin yon moun ki enpòtan anpil nan relijyon juif la (Gal. 1:​13, 14). Men, lè l te aksepte bon nouvèl la, li te kite tout bagay sa yo dèyè. Èske lavi a te toujou fasil pou li apre l te vin kretyen? Non. Yo te bat li, yo te mete l nan prizon e pwòp Juif parèy li te rayi l (2 Kor. 11:​23-26). Si l te ret ap panse sèlman ak eprèv li jwenn yo e l te konpare fason l te vin ap viv ak fason li t ap viv anvan, li te ka panse li te pi byen anvan l te vin kretyen. Okontrè, Pòl te ret konsantre sou kokennchenn privilèj li te genyen pou l vin yon disip Kris Jezi ak espwa li t ap gen yon bèl avni. Pòl te gen konviksyon benediksyon l te jwenn yo pi plis lontan pase nenpòt sakrifis li te fè! — Li Filipyen 3:​7, 8, 13.

10. Sou ki sa nou bezwen reflechi souvan? (Mak 10:​29, 30). (Gade foto yo tou.)

10 Ki leson nou aprann? Si w kòmanse panse ak bagay ou te kite dèyè pou w te ka vin yon kretyen, ou bezwen sonje tou pou ki rezon ou te kite yo dèyè (Ekl. 7:10). Konpare sa w kite dèyè yo ak benediksyon w jwenn lefètke w vin nan laverite. Ou gen yon relasyon sere ak Souvren linivè a (Pwo. 3:32). Ou gen anpil frè ak sè toupatou sou tè a ki renmen w anpil. (Li Mak 10:​29, 30.) E w gen yon bèl avni k ap tann ou (Eza. 65:​21-23)! Si w toujou ap reflechi ak tout benediksyon w jwenn lefètke w ap sèvi Jewova, ou pap tèlman ret ap panse ak bagay ou kite dèyè.

11. Ki sa w aprann nan eksperyans Rosemary te fè a?

11 Gen yon sè ki rele Rosemary ki te batize lè l te nan senkantèn li. Gade sa l te fè ki te ede l pou l pa t ret ap panse ak sa l te kite dèyè. Men sa l di: “Okòmansman, mwen te sonje fèt Nwèl, paske m te konn toujou pase bon ti moman ak fanmi m. Mwen te renmen ba yo kado. Mwen te renmen lè timoun yo te konn bò kot abdenwèl la e m te renmen wè ti figi yo ki kontan lè yo t ap ouvri kado yo te jwenn yo.” Ki sa k te ede Rosemary? Men sa l di: “Mwen te jwenn yon fason pou m ranplase fèt Nwèl. Chak ane, mwen chwazi yon jou pou m envite fanmi m. Jou sa a, mwen ba yo kado e m fè yo konnen poukisa mwen renmen yo.” Rosemary te jwenn yon lòt pwoblèm tou. Men sa l di: “Lè m te vin nan laverite, zanmi m te genyen yo te rale kò yo sou mwen. Pafwa, mwen te konn sonje yo e m te konn santi m poukò m.d” Ki sa k te ede l? Li te kòmanse mande lòt sè pou yo preche ansanm avè l. Men sa l di: “Lefètke m fè sa, mwen vin gen lòt zanmi mwen renmen e ki enpòtan pou mwen.” Ki sa w ka aprann nan egzanp Rosemary? Petèt, ou sonje yon bagay ki te fè w gen kè kontan anvan w te vin nan laverite, men w ka ranplase bagay sa a ak yon bagay ki vrèman bon e k ap fè w gen kè kontan toutbon (Flp. 4:​8, 9). Epitou, sonje: Jewova toujou ba w pi plis lontan pase sa w te pèdi.

LÈ YON MOUN SISPANN SÈVI JEWOVA

12. Ki pwoblèm ki ka gen nan kongregasyon an ki ka vrèman difisil pou w aksepte?

12 Lè w te vin Temwen Jewova, sandout ou te santi w soulaje dèske w kite vye monn sa a dèyè pou w vin fè pati sèl gwoup moun k ap anseye laverite e k ap fè efò pou yo fè sa ki dwat (Eza. 65:14). Aktout sa, pafwa w ka tande gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav. Yo ka menm retire yon moun nan kongregasyon an (1 Kor. 5:13). Gade ki efè yon sitiyasyon konsa te gen sou yon sè ki rele Samar. Men sa l di: “Yon ti tan apre m fin batize, gen yon ansyen ki te fè yon peche grav e yo te retire l nan kongregasyon an. Mwen te manke bite paske m pa t ka kwè yon ansyen te ka peche kont Jewova e kont kongregasyon an.” Nòmalman, nou bezwen toujou kwè frè n ak sè n yo renmen Jewova e yo vle ret fidèl avè l (1 Kor. 13:​4, 7). Sepandan, nou dwe reyalis. Chak ane, gen moun yo retire nan òganizasyon an. E sa ka vrèman difisil pou ou si se yon moun ki pwòch avè w oswa yon moun ou gen anpil respè pou li ki chwazi kite Jewova.

13. Ki jan n ka fè efò pou n gen pi bon relasyon ak Jewova depi kounye a pou n pa bite si yon moun ki pwòch avè n ta kite Jewova?

13 Ki jan w ka prepare w depi kounye a pou w pa bite si yon moun ki pwòch avè w kite Jewova? Kontinye fè efò pou w gen pi bon relasyon ak Jewova (Jak 4:8). Sonje chak moun gen pwòp relasyon pa l ak Jewova. Pa egzanp, byenke nou ka adore Jewova souvan ansanm ak fanmi nou e ansanm ak kongregasyon an, nou bezwen chwazi moman pa nou pou n priye e pou n li Labib regilyèman. — Sòm 1:2; 62:8.

14. Ki sa nou aprann nan egzanp apot Pyè? (Jan 6:​66-68).

14 Nou kapab aprann yon leson tou nan fason apot Pyè te reyaji lè anpil nan disip yo te sispann suiv Jezi. Pyè li menm ka pa t fin konprann tout sa Jezi te di lè sa a. Men, gade sa l te di selon Jan 6:​66-68. (Li vèsè yo.) Olye Pyè te fè sa lòt moun yo t ap fè, li te konsantre sou verite Jezi te aprann li yo. Se sa k fè Pyè pa t bite. Menm jan an tou jodi a, menm lè lòt moun sispann sèvi Jewova, sonje se òganizasyon Bondye a ki te aprann ou laverite. Kontinye bay laverite anpil valè! Men sa Samar, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen toujou fè efò pou m sonje se pa paske yon moun fè yon bagay ki mal ki vle di se tout kongregasyon an oswa òganizasyon an ki fè bagay ki mal la. Epitou, kèlkeswa sa yon moun fè ki mal, Jewova pap dakò avè l.”

15. Ki sa w aprann nan eksperyans Emily te fè a?

15 Ann pran egzanp Emily. Yon semèn sèlman apre l fin batize, yo te retire manman l nan kongregasyon an e manman l te abandone fanmi an. Men sa Emily di: “Mwen pa t ap janm panse yon bagay konsa te ka rive. Se bagay ki pi difisil ki te rive m, e m sonje manman m anpil.” Ki sa k ede Emily? Men sa l di: “Mwen pa poukò m. Papa m renmen m anpil e li byen pran swen m. Epitou, frè ak sè nan kongregasyon an aji avè m tankou yon fanmi. Chak moun ap fè fas ak yon eprèv. Se sa k fè li enpòtan pou n rete pwòch youn ak lòt e pou youn ankouraje lòt.” (1 Pyè 5:9). Ou pa bezwen tann se lè w gen yon pwoblèm pou w ap chèche vin pi pwòch frè w ak sè w yo. Kontinye fè sa depi kounye a. Konsa, kèlkeswa sa k rive, ou pap twò santi w poukò w.

16. Ki sa n bezwen sonje? (Gade foto a tou.)

16 Epitou, sonje Jewova disipline moun li renmen (Ebre 12:6). Li vle pou tout moun yo retire nan kongregasyon an retounen (2 Pyè 3:9). Donk, si yo retire yon moun ki pwòch avè w nan kongregasyon an, ou mèt gen asirans ansyen yo ap fè tout sa yo kapab pou yo ede l retounen vin jwenn Jewova. — 2 Tim. 2:​24, 25.

17. Ki asirans ou kapab genyen?

17 Nou sot egzamine kèk nan difikilte ou ka jwenn apre w fin batize. Se vre gen nan yo ki ka parèt difisil anpil pou w sipòte, men w pa bezwen pè. Gen anpil bagay ou kapab fè pou w prepare w pou fè fas ak difikilte sa yo. Epitou, pa janm bliye ou gen pi gwo èd la: Jewova Dye. Li deja ede w e l vle ede w pou toutan (1 Pyè 5:10)! L ap toujou ba w fòs ak andirans ou bezwen pou w fè fas ak nenpòt eprèv. Si w kontinye kite Jewova ede w, pa gen okenn pwoblèm k ap fè w sispann sèvi l. — Sòm 119:165; Wom. 8:​38, 39.

KI JAN N KA PREPARE N POU SI NOU TA VIN GEN PWOBLÈM KI ANNAPRE YO?

  • Yon frè oswa yon sè di n oswa fè n yon bagay ki fè n mal.

  • Nou vin ap sonje sa n te kite dèyè.

  • Yo retire yon moun nan kongregasyon an.

KANTIK 154 Lanmou fidèl

a Byenke atik sa a se pou moun ki pa gen anpil tan depi yo batize, leson nou jwenn ladan l yo ka itil nou tout.

b Yo chanje non moun yo.

c Bon konprann gen ladan l kapasite yon moun genyen pou l wè pi lwen pase sa k devan je l. kalite sa a kapab ede n byen konprann rezon ki fè yon moun di yon bagay oswa aji yon fason.

d Se nou tout nan kongregasyon an ki bezwen ede moun k ap etidye Labib yo ak moun ki pa gen anpil tan depi yo batize yo santi yo renmen yo nan kongregasyon an. Se pa moun k ap etidye avè yo a sèlman ki bezwen fè sa. Gade paragraf 15 ak paragraf 16 nan atik ki gen tit “Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize” ki parèt nan Toudegad mas 2021.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon sè nan travay predikasyon an, li wè kèk moun k ap jwe foutbòl, e sa fè l sonje epòk li te konn jwe. Annapre, sè a ap preche yon ti dam ki t ap jwe foutbòl, petèt youn nan moun li te konn jwe ansanm avè l.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: De ansyen k ap vizite yon mesye yo retire nan kongregasyon an, y ap ankouraje l pou l retounen vin jwenn Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje