BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 fevriye p. 2-7
  • Chèche gen bon relasyon ak moun nan fanmi n ki pap sèvi Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche gen bon relasyon ak moun nan fanmi n ki pap sèvi Jewova
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MONTRE W GEN KONPASYON POU YO
  • PA RET KONSANTRE SOU SA YO DI AK SA YO FÈ KI FÈ N MAL
  • MONTRE W GEN PASYANS E PA PÈDI ESPWA
  • MONTRE YO OU RENMEN YO
  • PA JANM DEKOURAJE AK MOUN NAN FANMI NOU
  • Laverite pa pot lapè, li pot divizyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Èske sa w te aprann lè w te fèk ap etidye Bib la ka toujou itil ou jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 fevriye p. 2-7

6-12 AVRIL 2026

KANTIK 82 “Se pou limyè nou klere”

Chèche gen bon relasyon ak moun nan fanmi n ki pap sèvi Jewova

“Annou pa sispann fè sa ki byen.” — GAL. 6:9.

PWEN KLE

Fason pou n kontinye gen bon relasyon ak moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova ak fason pou n pale ak yo konsènan Jewova si yo dispoze koute.

1-2. Lè n te fèk kòmanse ap etidye Labib, ki sa petèt ki te fè n pa t gen bon relasyon ak moun nan fanmi n?

JEZI te di yon mesye ki te vle vin disip li: “Al lakay ou, al jwenn fanmi w, epi rakonte yo tout sa Jewova fè pou ou.” (Mak 5:19). Lè Jezi te di sa, li te rekonèt gen yon bagay moun renmen fè: Nou renmen pataje bon nouvèl ak moun pa nou.

2 Èske w sonje jan w te santi w lè w te fèk kòmanse etidye Labib? Petèt ou te tèlman kontan, ou te anvi pataje bon bagay ou t ap aprann yo ak tout moun nan fanmi w! Sepandan, yo ka pa t byen reyaji. Oubyen, fason w te pale avè yo konsènan laverite petèt te fè yo fache avè w. Si sa te rive w, ki jan w ka kontinye gen bon relasyon ak moun nan fanmi w oswa vin gen bon relasyon avè yo ankò toutpandan w ret fidèl ak Jewova?

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral wè: 1) Ki jan lè n gen konpasyon sa kapab pouse n ede moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova, menmsi yo pa byen reyaji, 2) fason pou n pa ret konsantre sou sa yo di ak sa yo fè ki fè n mal, 3) fason lè n montre nou gen pasyans e nou pa pèdi espwa sa ka ede moun nan fanmi nou vin aksepte laverite, e 4) fason nou kapab montre yo nou renmen yo.

MONTRE W GEN KONPASYON POU YO

4. Ki sa Jezi te fè lè moun yo te montre yo pa t enterese nan mesaj li t ap preche a?

4 Jezi te kontinye fè efò pou l ede moun ki pa t enterese nan mesaj li t ap preche a. Li te konpare tèt li ak yon moun ki t ap travay nan yon jaden rezen ki te fè tout sa l kapab pou l pran swen yon pye fig frans ki pa t ka donnen pou l wè si l a donnen (Lik 13:​6-9). Lè Jezi te bay egzanp sa a, li te gentan gen plis pase twazan depi l t ap eseye ede Juif yo vin gen lafwa nan li. Poukisa l te kontinye fè efò pou l ede yo? Jezi te gen konpasyon pou moun, e sa te ede l pran pasyans ak yo.

5. Sa k fè Jezi te montre l gen konpasyon pou Juif yo?

5 Jezi te gen konpasyon pou Juif yo paske chèf relijye yo pa t ede yo vin gen bonjan lafwa nan Bondye. Jezi te wè moun yo te “tankou mouton ki san bèje”. (Mak 6:34.) Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te menm kriye sou Jerizalèm paske l te konnen pifò moun ki t ap viv Jerizalèm yo t apral pèdi lavi yo paske yo pa t gen lafwa (Lik 19:​41-44). Lè n chèche gen menm santiman sa yo pou moun nan fanmi nou, n ap anvi ede yo.

6. Sa k fè nou bezwen pran pasyans ak moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova? (Galat 6:9).

6 Li Galat 6:9. Menmsi moun nan fanmi nou poko vle aprann konnen Jewova, nou bezwen pran pasyans ak yo e nou pa dwe sispann “fè sa ki byen”. Nou konnen sa pran tan pou yon moun chanje fason l panse anrapò ak yon seri bagay li te kwè depi lontan e pou l vin gen lafwa. Èske yon lè ou te menm jan ak moun k ap “viv nan monn nan san esperans e san Bondye”? (Efe. 2:12.) Si se konsa w te ye, sandout gen yon moun ki te ede w. Èske sa pa fè w anvi ede moun nan fanmi w tou pou yo aprann konnen Jewova, si sa posib?

PA RET KONSANTRE SOU SA YO DI AK SA YO FÈ KI FÈ N MAL

7. Ki sa petèt ki te anpeche frè Jezi bò kot manman yo vin gen lafwa nan li?

7 Sandout, frè Jezi bò kot manman yo te aprann li te fè mirak nan Galile (Lik 4:​14, 22-24). Men, okòmansman, yo pa t gen lafwa nan li (Jan 7:5). Sa k fè sa? Bib la pa di anyen sou sa. Sepandan, li montre gen omwen de bagay ki te anpeche kèk Juif vin disip Jezi. Gen nan yo ki te pè pou moun nan zòn kote yo t ap viv la pa t pèsekite yo (Jan 9:​18-22). Gen lòt ki te konnen Jezi depi l piti e l te difisil pou yo wè l kòm reprezantan Bondye (Mak 6:​1-4). Petèt, se sa frè Jezi bò kot manman yo te panse tou. Èske petèt se rezon konsa ki fè moun nan fanmi nou yon jan renka pou yo aprann konnen Jewova?

8. Ki sa k ka fè moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova di oswa fè nou yon seri bagay ki fè n mal?

8 Reflechi sou rezon ki pouse yo di oswa fè yon bagay. Petèt, frè Jezi yo te pami moun nan fanmi l ki te di yon lè “tèt li pati”. (Mak 3:21.) Sa k fè yo te ka di yon bagay konsa? Bib la montre moun te tèlman ap vin kot Jezi pou l ede yo li pa t menm gen tan pou l manje (Mak 3:20). Èske moun nan fanmi l te panse li te egzajere? Sa posib. Fanmi nou ka panse nou bay relijyon nou an twòp enpòtans. Si se sa yo panse, nou bezwen montre nan fason nou aji nou se moun ki vrèman rezonab.

9. Ki sa k ka fè moun nan fanmi n wè nou yon lòt jan? (1 Pyè 3:​1, 2). (Gade foto yo tou.)

9 Kontinye aji avèk jantiyès e kontinye montre nou rezonab. Lè n pale ak moun nan fanmi nou avèk jantiyès e nou byen aji ak yo, yo ka vin wè nou yon lòt jan. (Li 1 Pyè 3:​1, 2.) Li ka fasil pou yon mari ki pap sèvi Jewova santi madanm li abandone l oubyen li ka fache lè madanm li al nan reyinyon oswa al preche. Kòm madanm nan pa ta renmen mari l santi l konsa, li ka fè chanjman nan pwogram li pou l ka pase plis tan avè l. Pa egzanp, li ka al preche lè mari l okipe oswa lè mari l soti. Lè yon madanm dispoze fè chanjman nan pwogram li pou l ka fè mari l plezi, li ka ede mari l wè Temwen Jewova yo yon lòt jan.

10. Ki jan n ka suiv egzanp Jezi lè moun nan fanmi n ap kritike n?

10 Pa santi w oblije reponn lè moun nan fanmi w ap kritike w. Lè yo te akize Jezi kòmkwa li manje twòp e li bwè twòp, li pa t kouri defann tèt li. Okontrè, li te ankouraje moun yo pou yo gade pou yo wè si sa yo te tande yo di sou li yo se laverite (Mat. 11:19). Epitou, fason li te aji te montre li te yon moun ki rezonab e ki gen kè kontan nan lavi l. (Konpare ak Jan 2:​2, 6-10.) Menm jan an tou, pa santi w oblije reponn lè moun nan fanmi w ap kritike w. Okontrè, montre yo nan fason w aji ou se yon moun ki rezonab e ki gen kè kontan nan lavi w. Yo ka vin rann yo kont sa yo tande moun ap di sou nou yo pa laverite.

MONTRE W GEN PASYANS E PA PÈDI ESPWA

11. Ki jan Jezi te aji ak frè l yo ki pa t gen lafwa nan li?

11 Labib montre Jezi te pran pasyans ak frè l yo. Pa egzanp, yo te nan vil Kana tou lè Jezi te fè premye mirak li (Jan 2:​11, 12). Jan n te wè sa pi wo a, frè Jezi yo pa t gen lafwa nan li. Sepandan, Jezi pa t sispann montre l gen sousi pou yo. Anviwon twazan apre l te fin fè premye mirak li nan Kana, Bib la fè konnen li te pale ak frè l yo avèk jantiyès. — Jan 7:​5-8.

12. Ki sa k ka ede n kontinye gen espwa gen moun nan fanmi nou k ap vle koute mesaj n ap preche a?

12 Lè n byen konprann jan Jewova gen mizèrikòd, sa kapab ede n pou n kontinye gen espwa. Lè fo relijyon detwi, moun nan fanmi nou ka sonje nou te konn ap di yo saa (Rev. 17:16). Yo ka menm vin adore Jewova ansanm avè n lè gwo tribilasyon an kòmanse! Si moun nan fanmi nou ap fè fas ak yon seri pwoblèm kounye a, se sèten n ap fè tout sa n kapab pou n ede yo. Petèt y ap pi dispoze aprann verite ki nan Bib la lè yo wè nou renmen yo toutbon.

MONTRE YO OU RENMEN YO

13. Menm lè n okipe nan sèvis Jewova a, ki prekosyon nou bezwen pran?

13 Menm lè n okipe nan sèvis Jewova a, nou pa vle fè moun nan fanmi nou panse nou pa gen tan pou yo oswa nou pa renmen yo ankò (Mat. 7:12). Ki jan n ka montre nou gen sousi pou yo? Ann wè kèk fason nou ka fè sa.

14-15. Bay youn nan fason nou kapab montre nou renmen moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova. Bay yon egzanp.

14 Kenbe kontak ak yo, e montre yo nou renmen yo. Nou montre nou renmen moun nan fanmi nou lè n kominike ak yo regilyèman pou n fè yo konnen ki jan nou ye. Pa egzanp, nou ka voye yon mesaj tèks pou yo ansanm ak kèk foto nou te pran pandan n te an vakans, pandan n t ap vwayaje oswa pandan n te nan yon ti detant ak zanmi nou. Yon ti kado tou senp nou ba yo oswa yon bèl ti lèt nou ekri yo ka montre nou gen sousi pou yo, e sa ka fè yo vin gen pi bon relasyon avè n. Lè n fè tout sa n kapab pou n byen aji ak moun nan fanmi nou, se montre nou montre yo nou vrèman renmen yo.

15 Ann pran egzanp Anna, yon sè k ap viv nan peyi Ameni. Fanmi l konn pase anpil tan ansanm, sitou lè gen anivèsè nesans ak lòt fèt. Lè Anna te vin aksepte laverite, fanmi l te vin pè pou l pa t sispann pase tan ak yo. Epitou, yo te pè pou desizyon l te pran pou l vin Temwen Jewova a pa t gache avni l. Ki sa Anna te fè pou yo pa t twò enkyete? Men sa l di: “Lè m al vizite fanmi m, mwen fè yo konnen ki jan m ap viv e ki aktivite m ap mennen. Epitou, mwen envite yo lakay mwen e mwen fè yo fè konesans ak zanmi m. Konsa, pifò moun nan fanmi m byen konn zanmi m yo e yo santi yo alèz ak yo.” Men sa l di ankò: “Anpil moun nan fanmi m fè konnen jan yo wè m gen kè kontan, e yo pa enkyete pou mwen ankò.”

16. Ki jan Jezi te montre l gen sousi pou Jak, yon frè l bò kot manman? (Gade nòt la tou.)

16 Montre w enterese nan yo. Apre Jezi fin resisite, li te montre l gen sousi pou Jak, youn nan frè l yo, lè l te parèt devan l pèsonèlman (1 Kor. 15:7). Èske w ka imajine fason Jak dwe te santi l lè l te wè Jezi pa t sispann renmen l? Sanble se lè sa a Jak te vin rann li kont Jezi se te Mesi a. Apre rankont sa a, petèt Jak te ede lòt moun nan fanmi l konprann kiyès Jezi te ye toutbonvreb. — Tra. 1:14.

17. Ki jan n ka aplike prensip nou jwenn nan Women 12:15 lan? (Gade foto a tou.)

17 Li Women 12:15. Si n montre n enterese nan moun pa nou yo lè yo plis bezwen sa, nan bon tan kou nan move tan, sa ka ede yo wè nou yon lòt janc. Pa egzanp, nou ka felisite yo lè gen yon timoun ki fèt nan fanmi an e n ka ba yo yon kado pou n montre jan nou kontan tou. Lè n gen moun nan fanmi n ki gen yon moun pa yo ki mouri, nou ka pale ak yo pou n konsole yo, nou ka ede yo oswa nou ka voye yon kat ba yo pou n ankouraje yo. E nòmalman, nou ka chèche konn ki jan yo ye detanzantan, sitou lè yo nan moman ki difisil.

Èske w ta dwe asiste maryaj oswa antèman yon moun nan fanmi w ki pa Temwen Jewova?

Maryaj ak antèman se okazyon ki konn fè moun nan fanmi yo reyini ansanm. Anvan w deside asiste yon maryaj oswa yon antèman yon moun nan fanmi w, li t ap bon pou w reflechi sou prensip biblik ki annapre yo:

  • Èske ap gen yon sèvis relijye oswa koutim ki pa fè Jewova plezi (2 Kor. 6:​14, 15)?

  • Si w al asiste, èske w ap kapab reziste anba presyon w ka jwenn pou w patisipe nan adorasyon oswa koutim ki pa ann amoni ak Bib la (Pwo. 22:3)?

  • Èske moun nan fanmi w ki pap sèvi Jewova konnen ou pap suiv yon seri koutim ki pa fè Jewova plezi?

  • Si w al asiste yon seremoni nan lokal yon relijyon, ki efè desizyon w pran an ka genyen sou frè ak sè yo (Flp. 1:10)?

Kèlkeswa desizyon w pran, toujou fè efò pou w esplike moun nan fanmi w yon fason ki klè e avèk respè poukisa se desizyon sa a ou pran. Sa k pi enpòtan an, fè tout sa w kapab pou w kontinye gen yon bon konsyans devan Bondye.e

18. Ki jan n ka suiv egzanp Andre?

18 Fè yo fè konesans ak frè ak sè nan kongregasyon an. Lè Andre te aprann Jezi se Mesi a, li t al fè Pyè, frè l, konn sa tousuit e l te kontan fè l fè konesans ak Jezi (Jan 1:​40-42). Èske n ka fè menm bagay la pou moun nan fanmi n? Pa egzanp, èske pafwa nou ka envite yon moun nan fanmi n nan reyinyon oswa envite l manje ansanm ak zanmi n? Lè n fè l fè konesans ak lòt frè ak sè, l ap vin wè Temwen yo se moun ki nòmal e ki renmen moun.

19. Menmsi moun nan fanmi n pa fin konprann kèk nan kwayans nou yo, ki jan n bezwen aji ak yo? (1 Pyè 3:15).

19 Li 1 Pyè 3:15. Moun nan fanmi nou ka pa fin konprann rezon ki fè nou refize fè yon seri bagay, men, y ap toujou sonje jan nou aji ak yo avèk jantiyès e avèk respè. Menm lè nou pa selebre yon seri fèt oswa nou pa suiv yon seri koutim Bib la pa dakò ak yo, yo ka kontan lè n fè efò pou n pase tan ak yo nan lòt okazyon. Pa egzanp, nou ka al wè yo, nou ka manje ansanm ak yo e nou ka ba yo kado nenpòt lòt lè.

PA JANM DEKOURAJE AK MOUN NAN FANMI NOU

20. Poukisa egzanp Jak ankouraje nou?

20 Jak te pèdi okazyon pou l te akonpaye Jezi nan sèvis li. Men, rive yon lè, li te vin yon disip (Gal. 1:​18, 19; 2:9). Menm lè Jak pa t yon disip Jezi lè Jezi te sou tè a, se sèten li te vin bay ansèyman Jezi yo valè. Pa egzanp, Bondye te fè l ekri yon lèt ki gen yon seri pawòl ki sanble ak pawòl nou jwenn nan Diskou sou mòn nan.d

21. Poukisa nou pa dwe dekouraje ak moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova?

21 Malgre tout efò nou fè, moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova ka pa montre yo enterese nan laverite oswa yo ka pa byen reyaji lè n montre nou gen sousi pou yo. Poukisa n pa dwe dekouraje ak moun nan fanmi nou? Paske, chak fwa nou byen aji ak yo, n ap imite Jewova, Bondye nou an ki gen mizèrikòd, e n ap imite Jezi, Pitit Gason l lan (Lik 6:​33, 36). Si n kontinye montre yo nou renmen yo nan fason n aji ak yo, rive yon lè, sa ka fè yo chanje fason yo wè nou e nou ka sezi wè jan yo sonje anpil nan bagay nou te di yo sou Jewova ak sou pwomès li fè yo. Si n pa dekouraje ak moun nan fanmi nou nou renmen anpil, nou ka byen kontan wè gen nan yo ki vin sèvi Jewova ansanm avè n!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Lè n gen konpasyon, ki jan sa ka pouse n ede moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova?

  • Poukisa nou bezwen kontinye pran pasyans ak moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova e n pa dwe pèdi espwa ak yo?

  • Ki jan n ka montre moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova nou renmen yo?

KANTIK 60 Y ap jwenn lavi

a Gade atik ki gen tit “Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?” ki parèt nan Toudegad me 2024, paj 11, paragraf 11-13.

b Gen omwen de nan frè Jezi yo, Jak ak Jid, ki te vin kretyen apre lanmò l ak rezirèksyon l.

c Gade kare ki gen tit “Èske w ta dwe asiste maryaj oswa antèman yon moun nan fanmi w ki pa Temwen Jewova?”

d Konpare Jak 1:2 ak Matye 5:​11, 12; Jak 1:19 ak Matye 5:22; Jak 1:22; 2:24 ak Matye 7:21; Jak 2:13 ak Matye 5:7; 6:​14, 15.

e Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason pou n jere sitiyasyon konsa, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 me 2002 (fransè) ak br-1 paj 32 (Toudegad novanm-desanm 2007).

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Anvan yon sè al preche, li kontan prepare manje pou mari l.

g ESPLIKASYON SOU FOTO: Menm sè a chèche jwenn tan tou pou l al vizite bèlmè l ki pa Temwen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje