23-29 MAS 2026
KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an
Ki jan w ap montre ou gen rekonesans pou ranson an?
“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa.” — 2 KOR. 5:14.
PWEN KLE
Fason nou tout ka montre nou gen rekonesans pou ranson an.
1-2. Lefètke Jezi te bay lavi l kòm ranson, ki sa sa ta dwe oblije nou fè, e poukisa? (2 Korentyen 5:14, 15). (Gade foto a tou.)
SI YON bilding ta tonbe e w ta ret kwense anba dekonm bilding nan, epi yon moun ta vin retire w anba dekonm nan, èske w pa t ap gen moun sa a ki te sove lavi w la rekonesans? Menmsi yo te sove lavi lòt moun tou, èske pèsonèlman ou pa t ap vle di moun ki te sove lavi w la mèsi pou w montre l jan w genyen l rekonesans?
2 Jan nou te wè nan atik anvan an, nou pa ka delivre tèt nou poukont nou anba peche ak lanmò. Men, lefètke Jezi te bay lavi l kòm ranson, sa kapab delivre nou. 1) Sa fè n jwenn padon pou peche nou, 2) sa ban nou espwa pou n vin pafè e 3) sa pèmèt nou rekonsilye ak Bondye. Konsa, nou gen espwa pou nou viv pou toutan nan monn nouvo Jewova pwomèt la. Vrèmanvre, ranson an se bonjan prèv ki montre lanmou Jezi gen pou moun, yon lanmou li gen pou lèzòm byen lontan anvan l te vin sou tè a (Pwo. 8:30, 31). Apot Pòl te ekri: “Lanmou Kris la genyen an oblije nou” fè yon bagay. (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Sa vle di nou bezwen montre nou gen rekonesans pou lanmou Jezi gen pou nou e pou n pa janm bliye sa l te fè pou nou.
3. Sa k fè fason yon moun montre l gen rekonesans pou ranson an ka pa menm ak fason yon lòt moun montre sa?
3 Ki sa w pral fè pou w montre ou gen rekonesans pou ranson an? Repons ou bay gendwa pa menm ak repons yon lòt moun bay. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa. Imajine twa moun ap vwayaje pou y al menm kote, men, yo chak ap soti nan yon vil. Se sèten, yo toule twa pap fè menm wout. Menm jan an tou, nan atik sa a, n ap pale konsènan twa gwoup moun: 1) etidyan Labib yo, 2) kretyen ki batize yo, e 3) mouton ki kite twoupo a. Toule twa gwoup moun sa yo pa nan menm sitiyasyon. Se sa k fè sa youn fè pou l montre l gen rekonesans poutèt Jewova delivre l pap menm ak sa lòt yo fè. Ann wè ki sa yo chak kapab fè pou yo montre yo gen rekonesans pou ranson an.
ETIDYAN LABIB YO
4. Ki sa Jewova remake konsènan etidyan Labib yo?
4 Si w ap etidye Labib, reflechi sou pawòl ki annapre a: Lefètke w vle aprann konnen Jewova e w vle konnen sa Bib la anseye, sa montre ou pami moun Jewova ap rale vin jwenn li pou vin zanmi l (Jan 6:44; Tra. 13:48). “Jewova li menm wè sa k nan kè moun.” Sa vle di li wè efò w ap fè pou w aprann konnen l, e li kontan lè l wè w fè chanjman nan lavi w pou w ka fè l plezi (Pwo. 17:3; 27:11). Grasa ranson an, ou kapab vin gen yon bon relasyon ak Jewova (Wom. 5:10, 11). Pa janm bliye sa!
5. Ki jan etidyan Labib yo kapab suiv konsèy nou jwenn nan Filipyen 3:16 la?
5 Antanke etidyan Labib, ki jan w ka montre w gen rekonesans pou ranson an? Youn nan fason ou kapab fè sa, se lè w suiv konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Filip yo. Men sa l te di: “Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an.” (Flp. 3:16). Ann amoni ak konsèy sa a, ou pa dwe kite anyen oswa pèsonn anpeche w kontinye mache nan wout lavi a. — Mat. 7:14; Lik 9:62.
6. Ki sa etidyan Labib yo kapab fè si yo twouve l difisil pou yo fè chanjman nan lavi yo? (Detewonòm 30:11-14). (Gade foto a tou.)
6 Si w fèk aprann yon bagay nan Bib la e l difisil pou w aksepte l, ki sa w ka fè? Fè rechèch sou sa w aprann nan, epi priye Jewova pou l ede w pi byen konprann li (Sòm 86:11). Apre sa, si w toujou twouve l difisil pou w konprann sa w aprann nan, pa ret konsantre sou sa. Kontinye etidye Bib la. Si l difisil pou w sispann fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi, ki sa k ka ede w? Nou bezwen sonje Jewova pa janm mande n fè yon bagay nou pa kapab fè piske nou enpafè. Ou kapab fè sa l mande w fè yo. (Li Detewonòm 30:11-14.) E Jewova pwomèt l ap ede w (Eza. 41:10, 13; 1 Kor. 10:13). Donk, kontinye fè yo. Olye w ret ap panse ak sa ki difisil pou ou, reflechi pito ak tout bon bagay Jewova fè pou ou, sa gen ladan l dispozisyon l te pran pou l bay ranson an, epi montre w gen rekonesans pou sa. Plis ou renmen Jewova, se plis w ap wè “kòmandman l yo pa lou”. — 1 Jan 5:3.a
7. Sou ki sa jèn ki leve nan laverite yo kapab reflechi?
7 E nou menm jèn ki leve nan laverite? Nou menm tou nou se etidyan Labib. Anfèt, nou se etidyan Labib ki pi enpòtan pou paran nou. Men sa Labib di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8; 1 Kwo. 28:9). Lè w fè efò pou w pwoche bò kote Jewova, li menm tou l ap pwoche bò kote w. Se pa jis paske w grandi nan yon fanmi ki Temwen Jewova ki fè Jewova enterese nan ou. Jewova enterese nan ou paske l vle w vin bon zanmi l. Ki sa k fè l posib pou w vin zanmi Jewova pèsonèlman? Se ranson an, yon kado ou pa ta dwe janm bliye (Wom. 5:1, 2). Donk, anvan w asiste Memoryal la ane sa a, sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w reflechi sou sa Jewova ak Jezi fè pou ou? Apre sa, reflechi pou w wè ki sa w ta renmen fè ak lavi w e ki objektif ou ka chèche genyen pou w montre Jewova jan w genyen l rekonesans pou ranson an li te bay pa mwayen Pitit Gason l lan.b
KRETYEN KI BATIZE YO
8. Ki jan kretyen ki batize yo montre yo gen lafwa nan ranson an?
8 Si w se yon kretyen ki batize, ou deja montre ou gen lafwa nan ranson an plizyè fason. Pa egzanp, ou te fè chanjman nan lavi w pou w vin pwòch ak Jewova e pou w viv ann amoni ak prensip li yo. Ou te obeyi lòd Jezi te bay pou w fè disip la lè w pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Ou te vwe Jewova lavi w e w te batize. Èske gen moun ki te opoze avè w paske w te vle sèvi Jewova (2 Tim. 3:12)? Lefètke w kontinye sèvi Jewova fidèlman, sa montre w renmen l e w gen rekonesans pou ranson an li bay pa mwayen Pitit Gason l lan. — Ebre 12:2, 3.
9. Nan ki pyèj kretyen ki batize yo bezwen veye pou yo pa pran?
9 Antanke kretyen ki batize, gen yon pyèj nou bezwen toujou veye pou n pa pran ladan l. Tank ane yo ap pase, nou ka vin manke rekonesans pou ranson an. Ki jan sa ka rive? Ann pran egzanp kretyen nan vil Efèz ki t ap viv nan premye syèk la. Jezi te felisite yo pou andirans yo. Sepandan, li te di yo: “Men, sa mwen gen kont ou, sèke ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an.” (Rev. 2:3, 4). Jan pawòl Jezi yo montre sa, tikras pa tikras, adorasyon yon kretyen ap bay Jewova ka vin yon woutin. Li ka priye Jewova, li ka al nan reyinyon e l ka patisipe nan travay predikasyon an jis paske l abitye fè sa. Men, se pa lanmou ki pouse l fè sa ankò. Ki sa w ka fè si w santi lanmou w gen pou Jewova a pa menm jan an ankò?
10. Ki jan w ka “reflechi sou” kalite adorasyon w ap bay Jewova a e ki jan w ka “plonje nèt ladan” l? (1 Timote 4:13, 15).
10 Apot Pòl te di Timote pou l “reflechi sou” kalite adorasyon l ap bay Jewova a e pou l “plonje nèt ladan” l. (Li 1 Timote 4:13, 15.) Ann amoni ak konsèy sa a, eseye reflechi sou sa w ka fè pou w kapab met tout kè w nan adorasyon w ap bay Jewova a pou w ka kontinye kite “lespri a chofe” w (Wom. 12:11). Pa egzanp, lè w pi byen prepare reyinyon yo, petèt sa ka ede w ret konsantre pandan reyinyon yo. Oubyen, lè w ap fè etid pèsonèl ou, ou ka chèche jwenn yon kote ou kapab ret poukont ou pou w medite sou sa w ap etidye yo. Menm jan yon moun bezwen kontinye mete bwa nan yon dife pou dife a ka ret limen, se menm jan an tou ou ka bezwen kontinye fè yon seri bagay pou w toujou montre Jewova ou gen rekonesans pou ranson an e pou tout lòt bagay li ba ou. Epitou, kèk semèn anvan Memoryal la, li ta bon pou w medite sou benediksyon san parèy nou jwenn antanke Temwen Jewova. Se sèten, sa ap ede w vin gen plis rekonesans pou ranson an ki fè l posib pou w gen yon bon relasyon ak Jewova.
11-12. Si pafwa ou santi w pa chofe menm jan an nan sèvis w ap bay Jewova a, èske sa vle di ou pa gen lespri sen Jewova ankò? Esplike. (Gade foto a tou.)
11 Si pafwa ou santi w pa chofe nan vrè adorasyon an jan w te konn chofe anvan, pa dekouraje oswa pa met nan tèt ou se paske w pa gen lespri sen Bondye ankò ki fè w santi w konsa. Sonje sa apot Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo anrapò ak sèvis li. Men sa l te di: “Menm lè mwen fè sa kont volonte m, mwen toujou gen yon responsablite yo konfye m.” (1 Kor. 9:17). Ki sa l te vle di?
12 Pafwa Pòl te konn santi l pa anvi preche. Aktout sa, li te detèmine pou l kontinye preche malgre li te konn santi l konsa. Ou kapab pran menm detèminasyon an. Pran detèminasyon pou w fè sa ki dwat, menm lè w pa anvi fè sa. Donk, priye Jewova pou l ba w “volonte [ak] fòs pou [w] aji”. (Flp. 2:13.) Kontinye fè yon seri bagay k ap ede w ret pwòch ak Jewova. Ou mèt gen konfyans rive yon lè lanmou w gen pou Jewova a ap vin djanm ankò e w ap rekòmanse sèvi l ak tout kè w.
13. Ki jan nou ka kontinye verifye “si nou nan lafwa”?
13 Detanzantan, li bon pou n egzamine tèt nou pou n wè si n suiv konsèy nou jwenn nan 2 Korentyen 13:5 lan ki di: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” Detanzantan, nou ka mande tèt nou: ‘Èske m bay Wayòm nan premye plas nan lavi m?’ (Mat. 6:33). ‘Èske sa m chwazi fè pou m detann mwen montre mwen rayi sa ki mal?’ (Sòm 97:10). ‘Èske m fè efò pou ka toujou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an?’ (Efe. 4:2, 3). Epòk Memoryal la se yon bon lè pou n reflechi sou kesyon sa yo. Lè n reflechi sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou, n ap vle montre nou gen Jewova rekonesans epi n ap montre n ap viv pou Kris e nou pap viv pou tèt nou.c
MOUTON KI KITE TWOUPO A
14. Ki sa k ka lakòz kèk frè ak sè kite twoupo a?
14 Gen kèk frè ak sè ki sispann asiste reyinyon apre yo fin fè plizyè mwa oswa menm plizyè ane ap sèvi Jewova fidèlman. Sa k fè sa? Gen nan yo ki santi yo faya akoz “tètchaje ki gen nan lavi a”. (Lik 21:34.) Gen lòt, se pawòl yon moun nan kongregasyon an te di yo oswa yon bagay yo te fè yo ki fè yo bite (Jak 3:2). Gen lòt menm ki fè yon peche grav e ki wont mande èd. Kèlkeswa rezon ki fè w kite twoupo a, ki sa w ka fè? Ki sa ranson an ak lanmou Jewova ak Jezi gen pou ou ka oblije w fè?
15. Ki jan Jewova montre li gen sousi pou mouton ki kite twoupo a? (Ezekyèl 34:11, 12, 16).
15 Reflechi sou jan Jewova wè moun ki kite twoupo a. Li pa vire do ba yo. Okontrè, li chèche mouton ki pèdi yo. Li ba yo manje e l ede yo pou yo retounen vin jwenn li. (Li Ezekyèl 34:11, 12, 16.) Èske petèt se menm bagay la Jewova ap fè pou ou? Wi! Lefètke w ap li atik sa a, sa montre ou toujou vle fè l plezi. Menm jan Jewova te wè kè w e l te rale w vin nan laverite, èske petèt se rale l ap rale w kounye a pou w retounen vin jwenn li?
16. Ki sa k ka ede mouton ki pèdi yo retounen vin jwenn Jewova? (Gade foto a tou.)
16 Reflechi sou pawòl ankourajan ki vin annapre yo nou jwenn nan bwochi Retounen vin jwenn Jewova a: “Ou mèt gen asirans Jewova ap la avè w toutpandan w ap retounen vin jwenn li. L ap ede w fè fas ak enkyetid, l ap ede w si yo te blese santiman w epi l ap ede w vin gen yon konsyans ki pwòp yon fason pou w santi w anpè ni nan panse w ni nan kè w. Konsa, yon lòt fwa ankò, ou gendwa vin anvi sèvi Jewova ak kwayan parèy ou yo.” Epitou, sonje ansyen yo vrèman anvi ede w. Yo kapab “tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli”. (Eza. 32:2.) Nou konnen ou gen Jewova rekonesans pou ranson an e w vle montre l sa. Se sa k fè ou bezwen mande tèt ou: ‘Ki sa m ka fè kounye a pou m “ranje bagay yo” ak Jewova?’ (Eza. 1:18; 1 Pyè 2:25). Pa egzanp, èske w ka asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm nan? Èske w ka chèche wè yon ansyen epi fè l konnen ou ta renmen l ede w retounen vin sèvi Jewova? Sa ka mande pou l fè w jwenn yon moun pou etidye Labib avè w pandan yon tan. Ou mèt gen konfyans Jewova ap beni efò w fè pou w retounen vin jwenn li e pou w montre w gen rekonesans pou ranson an.
KI SA W PRAL FÈ?
17-18. Ki jan nou ka byen sèvi ak tan nou anvan Memoryal la ane sa a?
17 Jezi te di Jewova te voye l bay lavi l “dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Se grasa ranson an Jewova delivre nou anba peche ak lanmò. Nou pa t ap janm vle sispann gen rekonesans pou ranson an (Wom. 3:23, 24; 2 Kor. 6:1). Plizyè jou anvan Memoryal la, pran yon ti tan pou w reflechi sou lanmou Jewova ak Jezi montre yo gen pou ou, e sa ap pouse w montre w gen rekonesans pou lanmou yo gen pou ou a.
18 Ki sa ranson an ap pouse w fè? Repons ou bay gendwa pa menm ak repons yon lòt moun bay. Men, ou mèt sèten Jewova ap beni efò w ap fè e l ap beni efò plizyè milyon frè ak sè toupatou sou tè a ap fè, yo menm ki pap “viv pou tèt yo ankò, men [k ap] viv pou sila a ki te mouri pou yo a”. — 2 Kor. 5:15.
KANTIK 14 Glwa pou nouvo Wa latè a
a Pou ede w aplike sa w ap aprann nan Bib la, sèvi ak kare ki gen tit “Objektif” ki nan fen chak leson nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.
b Pou w jwenn konsèy sou sa w ka fè pou w kontinye fè pwogrè nan sèvis Jewova, gade atik ki gen tit “Jèn: ‘Kontinye travay pou pwòp delivrans nou’” ki parèt nan Toudegad desanm 2017.
c Pou w jwenn konsèy sou sa w ka fè pou w kontinye gen Jewova rekonesans, gade atik ki gen tit “Qu’est-ce qui nous pousse à servir Jéhovah?” ki parèt nan Toudegad 15 jen 1995 (fransè).