BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 janvye p. 14-19
  • Rezon ki fè n bezwen ranson an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè n bezwen ranson an
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • GRASA RANSON AN, NOU KAPAB JWENN PADON POU PECHE NOU
  • GRASA RANSON AN, NOU GEN ESPWA POU N VIN PAFÈ
  • GRASA RANSON AN, NOU KAPAB REKONSILYE AK BONDYE
  • RANSON AN MONTRE JEWOVA GEN MIZÈRIKÒD
  • Ki sa ranson an aprann nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Ki jan “w ap” montre ou gen rekonesans pou ranson an?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Byenfè nou jwenn paske Jewova renmen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske l padone peche nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 janvye p. 14-19

16-22 MAS 2026

KANTIK 20 Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

Rezon ki fè n bezwen ranson an

“Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?” — WOM. 7:24.

PWEN KLE

Fason ranson an fè n jwenn padon pou peche nou, li fè n gen espwa pou n vin pafè e l ban n posiblite pou n rekonsilye ak Bondye.

1-2. Anba ki sa nou bezwen yo delivre n, e poukisa? (Women 7:​22-24). (Gade foto a tou.)

IMAJINE gen yon bilding ki tonbe e gen yon mesye ki anba dekonm. Li vivan, men l pa ka retire kò l anba dekonm nan. Sèl sa l ka fè se rele pou yo vin pote l sekou ak espwa y ap vin delivre l.

2 Nou chak nan yon sitiyasyon menm jan an. Nan ki sans? Lè Adan te fè rebèl ak Kreyatè l la, li te peche. Etandone nou tout se pitit li, nou vin eritye peche. Se sa k fè peche pran nou tout nan pyèj e n pa kapab retire kò n anba l poukont nou. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te byen esplike nan ki kondisyon nou ye antanke pechè. (Li Women 7:​22-24.) Li te mande: “Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?” Pòl te santi peche nou eritye a pran l nan pyèj, e san mank li t ap mennen l nan lanmò (Wom. 6:23). Nou nan menm sitiyasyon an. Nou bezwen yo delivre n!

3. Ki fason ranson an kapab delivre nou?

3 Erezman, apre Pòl te fin esplike nan ki sitiyasyon difisil li te ye, li te ban nou espwa tou. Lè Pòl te fin mande: “Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?”, li te reponn kesyon li te poze a lè l te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” (Wom. 7:25). Nan vèsè sa a, Pòl t ap pale konsènan ranson ana, anpalan de sakrifis Jezi a. Ranson an kapab delivre nou paske se grasa li 1) nou kapab jwenn padon pou peche nou, 2) nou gen espwa pou n vin pafè e 3) nou kapab rekonsilye ak Kreyatè nou an. Pandan n ap egzamine pwen sa yo, n ap vin pi renmen Jewova, “Bondye ki bay esperans lan”. (Wom. 15:13.) Epitou, n ap vin gen Jezi plis rekonesans paske se grasa li “nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an”. — Kol. 1:14.

GRASA RANSON AN, NOU KAPAB JWENN PADON POU PECHE NOU

4-5. Poukisa nou tout bezwen ranson an? (Eklezyas 7:20).

4 Nou bezwen ranson an pou n ka jwenn padon pou peche nou. Piske nou tout enpafè, nou tout peche kit se nan pawòl nou kit se nan aksyon nou. (Li Eklezyas 7:20.) Gen peche ki pi grav pase lòt. Pa egzanp, Lalwa Moyiz la te fè konnen, si yon Izrayelit fè adiltè oswa si l touye yon moun, yo ta dwe touye l (Lev. 20:10; Nonb 35:​30, 31). Nòmalman, se pa tout peche ki grav konsa, men, se peche yo ye kanmenm. Pa egzanp, David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te di: “M ap veye kò m pou m pa peche ak lang mwen.” (Sòm 39:1). Vrèmanvre, pafwa menm pawòl nou di kapab yon peche. — Jak 3:2.

5 Reflechi sou yon pawòl ou te di ak yon bagay ou te fè. Èske w te di yon moun yon bagay apre sa w regrèt ou te di l li? Èske w te fè yon bagay ou regrèt? Se sèten w ap reponn wi pou toule de kesyon sa yo. Men sa Bib la di: “Si nou deklare: ‘Nou san peche’, se tèt nou n ap twonpe, e laverite pa nan nou.” — 1 Jan 1:8.

6-7. Ki sa k bay Jewova yon bon baz pou l padone peche nou? (Gade foto a tou.)

6 Ranson an bay Jewova yon bon baz pou l padone peche nou (Efe. 1:7). Men, sa pa vle di lè n peche Jewova jis fèmen je l sou peche nou yo, kòmsi sa pa di l anyen. Lè n peche, sa pa fè Jewova plezi (Eza. 59:2). Etandone jistis Jewova genyen an san fay, li bezwen yon baz pou l padone peche nou.

7 Lalwa Moyiz la te mande pou Izrayelit yo te bay bèt kòm sakrifis pou yo te ka jwenn padon pou peche yo (Lev. 4:​27-31; 17:11). Sakrifis sa yo te montre jan lèzòm t ap gen pou yo benefisye yon sakrifis ki gen plis valè toujou, anpalan de sakrifis Jezi a, san wete tout benediksyon sa t apral fè yo jwenn. Sakrifis Jezi a t ap bay Jewova yon bonjan rezon pou l padone peche nou. Lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo montre li te konprann tout valè sakrifis Jezi a genyen. Apre l te fin pale konsènan yon seri move bagay kretyen sa yo te konn fè, li te di yo: “Yo lave nou, yo fè nou vin sen, yo deklare nou jis nan non Jezi Kris, Seyè nou an, e avèk lespri Bondye nou an.” — 1 Kor. 6:​9-11.

8. Sou ki sa w kapab reflechi pandan w ap prepare w pou w asiste Memoryal la ane sa a?

8 Pandan w ap prepare w pou w asiste Memoryal la ane sa a, pran tan pou w reflechi sou jan w viv pi byen lefètke Jewova padone w. Pa egzanp, grasa ranson an, ou pa bezwen kontinye santi w koupab pou peche w te fè, alòske w repanti. Ki sa w ka fè si w twouve l difisil pou w aksepte Jewova padone w? Petèt ou di tèt ou: ‘Mwen konprann Jewova kapab padone, men mwen menm, mwen pa kapab padone tèt mwen.’ Si se konsa w santi w, ou bezwen sonje pawòl ki vin annapre yo: Se Jewova ki padone peche e l bay Pitit Gason l lan pouvwa pou l fè jijman. Li pa bay ni ou menm ni okenn lòt moun dwa pou yo deside kiyès l ap padone oswa kiyès li pap padone. Men sa Bib la di: “Si n ap mache nan limyè menm jan [Jewova] nan limyè, [...] san Jezi, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche.” (1 Jan 1:​6, 7). Nou kapab fè pawòl sa yo konfyans, menm jan nou fè nenpòt lòt ansèyman nou jwenn nan Bib la konfyans. Ranson an bay Jewova yon bon baz pou l padone peche nou, e Labib di li “dispoze padone”. — Sòm 86:5.

GRASA RANSON AN, NOU GEN ESPWA POU N VIN PAFÈ

9. Nan Bib la, ak ki sa mo “peche” a gen rapò? (Sòm 51:5).

9 Nan Bib la, mo “peche” a pa sèlman gen rapò ak yon move bagay nou fè, li gen rapò tou ak enpèfeksyon nou fèt avè l la. (Li Sòm 51:5.) Piske nou enpafè, nonsèlman nou gen tandans pou n fè sa ki mal, men tou, kò nou pa kapab fonksyone jan Jewova te kreye l pou l fonksyone a, sa ki lakòz nou konn malad, nou vin granmoun e nou mouri. Sa ede n konprann rezon ki fè tibebe ki pa fè okenn peche kapab malad e menm mouri. Sa ede n konprann tou rezon ki fè ni moun k ap fè sa ki mal ni moun k ap fè sa ki byen soufri e yo mouri. Nou tout eritye peche paske nou se desandan Adan.

10. Ki jan Adan ak Èv te santi yo apre yo te fin peche?

10 Fè yon ti reflechi sou jan Adan ak Èv te santi yo apre yo te fin peche e yo te vin enpafè. Peche te fè yo santi yo boulvèse. Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Jewova, menm kote a konsyans yo te vin ap kale yo paske yo te vyole lwa Bondye a ki te “ekri nan kè yo”. (Wom. 2:15.) Yo te kapab santi yo pa t menm jan an ankò. Yo te santi yo oblije kouvri yon pati nan kò yo e yo t al kache pou Kreyatè yo a, tankou moun ki fè krim (Jen. 3:​7, 8). Se premye fwa Adan ak Èv te santi yo koupab, yo boulvèse, yo pa vo anyen, y ap soufri e yo wont. Yo t ap gen pou yo santi yo konsa jiskaske yo mouri. — Jen. 3:​16-19.

11. Lefètke nou eritye peche, ki efè sa gen sou nou?

11 Lefètke nou eritye peche, pafwa nou menm tou nou konn santi n koupab, nou boulvèse, nou pa vo anyen, n ap soufri e nou wont. Se paske n enpafè ki fè n gen pwoblèm e n ap soufri. Kèlkeswa efò nou fè pou n amelyore sitiyasyon n, n ap toujou gen pwoblèm nou pa kapab rezoud poukont nou. Sa k fè sa? Paske, jan Bib la di: “Yo te soumèt [nou] anba vanite.” (Wom. 8:20). Pa gen youn nan nou ki pa soumèt anba vanite, se tout moun nèt. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou efò lèzòm ap fè pou yo amelyore anviwònman an, pou yo anpeche krim fèt, pou yo elimine lamizè e pou gen lapè nan monn nan. Byenke yo fè kèk ti pwogrè, yo pa kapab rezoud pwoblèm sa yo. Ki jan ranson an kapab delivre nou anba peche nou eritye a?

12. Ki espwa nou genyen grasa ranson an?

12 Grasa ranson an, nou gen espwa “kreyasyon an [...] pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini”. (Wom. 8:21.) Sa vle di, lè n vin pafè nan Paradi a, nou pap malad ankò, nou pap gen pwoblèm mantal oswa nou pap fè depresyon. Epitou, nou pap janm santi nou koupab, nou boulvèse, nou pa vo anyen, n ap soufri e nou wont. Mete sou sa, efò nou pral fè pou n pran swen tè a e pou n viv anpè pap pou granmesi ankò, paske se Jezi Kris, “Prens lapè” a, sila a ki te bay lavi l pou nou kòm ranson an, ki pral dirije lè sa a. — Eza. 9:​6, 7.

13. Sou ki lòt bagay ou kapab reflechi pandan w ap prepare w pou w asiste Memoryal la ane sa a?

13 Reflechi sou jan w pral ye lè w vin pafè. Imajine ou menm ki leve chak maten e w santi w byen. Chak jou w ap viv, ou pa gen pou w bay tèt ou pwoblèm pou w jwenn manje pou w manje oswa pou moun pa w yo jwenn manje pou yo manje, ou pa pè pou yo malad oswa mouri. Depi kounye a, nou kapab santi nou anpè lè n “kenbe esperans [...] nou an fèm [...] tankou yon lank batiman pou nanm nou”, yon esperans ki “sèten e anmenmtan [ki] solid”. (Ebre 6:​18, 19.) Menm jan yon lank batiman kapab fè batiman an rete stab, esperans nou genyen antanke kretyen an kapab fè lafwa nou vin pi solid e li kapab ede n andire kèlkeswa eprèv nou jwenn kounye a. Vrèmanvre, ou mèt gen konfyans Jewova ap tounen “Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”. (Ebre 11:6.) Se sèlman grasa ranson an nou ka jwenn konsolasyon depi kounye a e n ka gen yon espwa pou lavni.

GRASA RANSON AN, NOU KAPAB REKONSILYE AK BONDYE

14. Ki efè peche gen sou relasyon n ak Kreyatè nou an, e sa k fè sa?

14 Depi lè Adan ak Èv fin peche, lèzòm te vin pa ka gen bon relasyon ak Bondye. Labib menm fè konnen lèzòm an jeneral vin dozado ak Kreyatè a (Wom. 8:​7, 8; Kol. 1:21). Sa k fè sa? Paske, etandone Jewova pafè, li pa kapab tolere peche. Men sa Bib la di konsènan Jewova: “Ou pa ka wè sa ki mal devan je w e w pa ka tolere mechanste.” (Aba. 1:13). Kidonk, peche met yon distans ant Bondye ak lèzòm. Se kòmsi gen yon falèz ki separe lèzòm ak Bondye. Okenn nan nou pa kapab gen yon relasyon ak Jewova si pa gen yon pon ki ede n travèse falèz sa a pou n ka rekonsilye avè l. Ranson an sèvi kòm pon pou pèmèt lèzòm rekonsilye ak Bondye.

15. Ki jan lanmò Jezi bay lèzòm posiblite pou yo vin gen bon relasyon ak Jewova ankò?

15 Labib fè konnen Jezi “se yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye”. (1 Jan 2:2.) Ki jan sakrifis Jezi a bay lèzòm posiblite pou yo vin gen bon relasyon ak Jewova ankò? Lanmò Jezi bay Bondye nou an ki pafè bonjan baz pou l vin gen bon relasyon ak lèzòm ankò (Wom. 3:​23-26). Li te menm “rekonèt” moun ki t ap adore l ki te fidèl anvan Jezi te vin mouri sou tè a, kòm moun ki jis (Jen. 15:​1, 6, nòt). Sou ki baz li te fè sa? Li te fè sa sou baz ranson an. Jewova te sèten Jezi, Pitit Gason l lan, t ap rive peye ranson an (Eza. 46:10). Ranson an bay lèzòm posiblite pou yo rekonsilye ak Bondye.

16. Sou ki bagay ankò ou kapab reflechi pandan w ap prepare w pou w asiste Memoryal la ane sa a? (Gade foto a tou.)

16 Reflechi sou jan lavi w ye depi kounye a lefètke w rekonsilye ak Bondye. Pa egzanp, ou kapab rele Jewova “Papa”, jan Jezi te aprann nou sa (Mat. 6:9). Pafwa, ou ka menm rele Jewova “Zanmi” w. Lè n ap itilize mo “Papa” a oswa “Zanmi” an, nou bezwen fè sa avèk respè e avèk imilite. Poukisa? Piske nou se pechè, si n ta santi nou gen yon bon relasyon ak Jewova, se pa anyen nou te fè pou n merite sa. Se sèlman grasa ranson an nou ka rive gen yon relasyon ak Jewova. Jewova sèvi ak Jezi pou l “rekonsilye tout lòt bagay yo avèk li menm, [...] lè l fè lapè grasa san [Jezi] ki te koule sou poto soufrans lan”. (Kol. 1:​19, 20.) Se sa k fè nou kapab gen yon relasyon ak Jewova depi kounye a, menmsi nou enpafè.

RANSON AN MONTRE JEWOVA GEN MIZÈRIKÒD

17. Ki jan ranson an montre Jewova gen anpil mizèrikòd? (Efezyen 2:​4, 5).

17 Ranson an montre Jewova “gen anpil mizèrikòd”. Nou te “mouri nan fot nou yo”, men, grasa ranson an, Bondye “te ban nou lavi”. (Li Efezyen 2:​4, 5.) Moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” ap rele pou yo mande sekou, paske yo rann yo kont, menm jan ak yon moun ki anba dekonm, peche nou eritye a pran yo nan pyèj e yo bezwen yo vin delivre yo (Tra. 13:48). Jewova sèvi ak mesaj Wayòm nan pou l ede moun sa yo pou yo ka aprann konnen li menm ak Jezi, Pitit Gason l lan (Jan 17:3). Si Satan te panse lè Adan ak Èv te peche a li te ka anpeche Bondye reyalize objektif li, ebyen l te twonpe l.

18. Pandan n ap medite sou ranson an, ki sa n bezwen sonje?

18 Pandan n ap medite sou tout byenfè ranson an kapab pèmèt nou jwenn, nou bezwen sonje pi gwo rezon ki fè Jewova te bay ranson an. Jewova pa t bay ranson an jis pou l te sove nou, men li te bay li pou l fè yon bagay ki pi enpòtan. Se pa mwayen ranson an Jewova ap reponn akizasyon Satan te lage sou do l nan jaden Edenn nan (Jen. 3:​1-5, 15). Pa mwayen ranson an, Jewova fè non l vin sen. Konsa, li montre tout sa Satan te di pou sal non l yo se manti. Epitou, li sove nou anba peche ak lanmò, sa ki montre li se yon Bondye ki gen lanmou. E grasa favè san parèy Jewova genyen an, malgre nou se pechè, li kite nou montre sa Satan di sou li yo se manti (Pwo. 27:11). Ki jan w ka montre ou gen rekonesans pou ranson an? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

KI JAN RANSON AN FÈ N...

  • jwenn padon pou peche nou?

  • gen espwa pou n vin pafè?

  • gen posiblite pou n rekonsilye ak Bondye?

KANTIK 19 Soupe Seyè a

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon ranson se yon pri yo peye pou libere yon moun. Lefètke Jezi te bay lavi l kòm sakrifis, se yon ranson paske sa pèmèt moun ki obeyi Bondye yo libere anba peche ak lanmò.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje