BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 janvye p. 26-31
  • Se pou pawòl nou toujou bèl lè n ap anseye laverite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou pawòl nou toujou bèl lè n ap anseye laverite
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI KOTE NOU KAPAB JWENN LAVERITE?
  • REZON KI FÈ NOU DI LAVERITE
  • FASON POU N DI LAVERITE
  • MOMAN POU N DI LAVERITE
  • Èske w rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
  • “Bondye verite a” toujou reyalize objektif li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 janvye p. 26-31

30 MAS–5 AVRIL 2026

KANTIK 76 Di mwen ki jan w santi w

Se pou pawòl nou toujou bèl lè n ap anseye laverite

“ Jewova, Bondye verite a.” — SÒM 31:5.

PWEN KLE

Fason pou n di lòt moun laverite e pou n fè yo konnen verite ki nan Bib la pou l ka itil yo.

1. Ki sa n dwe fè pou n fè pati fanmi Jewova a?

LÈ N fèk rankontre yon frè oswa yon sè, an jeneral, youn konn mande lòt: “Ki jan w te aprann laverite?” Gen nan yo ki konn di yo te “leve nan laverite”, gen lòt ki konn di yo pa gen lontan “nan laverite”. Nou reponn konsa paske verite ki nan Pawòl Bondye a gen efè sou lavi nou. Sa k fè sa? Paske nou konnen se sèlman si n montre nou renmen laverite e nou aplike sa n aprann yo nan lavi n n ap kapab fè pati fanmi Jewova a. Anplis de sa, nou bezwen sensè nan sa n ap di ak nan sa n ap fè. — Sòm 15:​1-3.

2. a) Ki jan moun yo te wè Jezi? b) Ki efè verite Jezi te anseye yo t ap genyen?

2 Jezi te toujou di laverite. Ènmi l yo te rekonèt li te di laverite, menm lè yo pa t toujou renmen sa l te di yo (Mat. 22:16). Jezi te fè konnen ki efè verite li t ap anseye yo t ap genyen, men sa l te di: “Mwen vin met divizyon ant yon pitit gason ak papa l, e yon pitit fi ap kont manman l, yon bèlfi ap kont bèlmè l.” (Mat. 10:35). Jezi pa t vle pou moun yo pa t aksepte mesaj li menm ak disip li yo t ap preche a, men li te konnen sa te ka rive (Mat. 23:37). Li te konnen mesaj li t ap preche a t ap met divizyon nan monn nan. Gen moun ki t ap renmen verite ki nan Bib la, e gen lòt moun ki pa t ap renmen l. — 2 Tes. 2:​9-11.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Menm jan ak Jezi, nou fè efò pou nou sensè, pou nou toujou di laverite, menm lè moun ka pa renmen nou pou sa. Epitou, nou preche e n anseye laverite ki nan Bib la, menm lè sa n ap di yo ka fè lòt moun fache. Èske sa vle di nou annik di laverite san n pa bezwen panse ak fason n ap di l e nan ki moman pou n di l? Non! Nan atik sa a, toudabò n ap reponn yon kesyon byen senp: Ki kote nou kapab jwenn laverite? Apre sa, nou pral reponn yon kesyon ki gen plizyè aspè: Pou ki rezon, ki fason e nan ki moman pou n di laverite? Repons kesyon sa yo ap ede n pou pawòl nou pi bèl toujou lè n ap anseye lòt moun laverite. Sa vle di pou n pale avèk ladrès e pou n fè sa nan bon moman.

KI KOTE NOU KAPAB JWENN LAVERITE?

4. Sa k fè nou kapab di se nan Jewova laverite soti?

4 Se nan Jewova laverite soti. Tout sa Jewova di se laverite. Pa egzanp, sa l fè nou konnen anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal se laverite (Sòm 19:9; 119:​142, 151). Tout pwomès Jewova fè anrapò ak lavni yo se laverite (Eza. 55:​10, 11). Li toujou kenbe pwomès li (Nonb 23:19). Anfèt, li enposib pou Jewova bay manti (Ebre 6:18)! Bib la gen rezon fè konnen Jewova se “Bondye verite a”. — Sòm 31:5.

5. Sa k fè l pa difisil pou n konnen “Bondye verite a”? Esplike. (Travay 17:27).

5 Gen moun ki di li difisil pou yon moun konnen Jewova, “Bondye verite a”. Men, se pa vre. Toutotou nou, gen prèv ki montre Bondye egziste (Wom. 1:20). Pandan apot Pòl t ap pale ak plizyè entèlektyèl grèk nan vil Atèn, li te di Bondye vle nou “jwenn li” e “li pa lwen okenn nan nou”. (Li Travay 17:27.) An reyalite, se moun ki gen imilite e k ap chèche laverite Jewova rale vin jwenn li. — Jan 6:44.

6. Bay kèk verite ki nan Bib la, e poukisa w kontan konn verite sa yo?

6 Youn nan fason nou kapab konnen Jewova se lè n etidye Labib. Se lespri sen Bondye ki te fè yon seri mesye ekri Bib la (2 Pyè 1:​20, 21). Donk, tout sa ki nan Bib la se laverite e n kapab fè sa l di yo konfyans. Pa egzanp, nou kapab kwè sa Bib la di sou fason linivè ak lavi te kòmanse (Jen. 1:​1, 26). Nou kapab kwè sa l di konsènan rezon ki fè nou tout peche ak rezon ki fè gen anpil soufrans e gen lanmò (Wom. 5:12; 6:23). Nou kapab fè Bib la konfyans je fèmen lè l di Jewova pral repare tout dega Satan, “papa manti” a, lakòz, e L ap itilize Pitit Gason l lan pou fè travay sa a (Jan 8:44; Wom. 16:20). Epitou, nou kapab kwè pwomès ki nan Bib la ki fè konnen Jezi pral detwi mechan yo, li pral leve moun ki mouri yo, li pral fè tè a vin yon paradi e l pral ede n pou n vin pafè (Jan 11:​25, 26; 1 Jan 3:8). Jewova anseye n laverite e l ban nou posiblite pou n anseye lòt moun. Ala yon gwo privilèj Jewova ban nou! — Mat. 28:​19, 20.

REZON KI FÈ NOU DI LAVERITE

7-8. Ki sa k pouse n di laverite? Bay yon egzanp. (Mak 3:​11, 12). (Gade foto yo tou.)

7 Jan nou te wè sa pi wo a, nou dwe di laverite si nou vle fè pati fanmi Jewova a. Sepandan, pou n fè Jewova plezi, se pa annik di laverite, nou dwe fè plis pase sa. Rezon ki fè nou di laverite enpòtan pou Jewova. Reflechi sou sa k te pase pandan sèvis Jezi sou tè a. (Li Mak 3:​11, 12.) Pandan Jezi t ap preche toupre Lanmè Galile, te gen gwo foul moun ki te rasanble toutotou l. Pami moun sa yo, te gen moun ki te gen demon sou yo ki te met ajenou nan pye Jezi e ki te di l byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” Poukisa demon yo te di laverite sou Jezi? Petèt yo te fè sa pou moun ki t ap koute sa yo t ap di yo te ka vin kwè nan yo e pou yo te ka anpeche moun yo sèvi Jewova. Demon yo te di laverite, men, se enterè pa yo yo t ap defann. Jezi te konnen pou ki rezon yo te fè sa, e sa pa t fè l plezi. Anfèt, li te bay demon yo lòd pou yo sispann pale de li.

8 Ki leson nou kapab aprann nan istwa sa a? Rezon ki pouse n di laverite enpòtan pou Jewova. Donk, li enpòtan anpil pou n anseye lòt moun laverite sou Jewova paske nou renmen l. Si lòt moun ap fè lwanj pou nou pou mesaj n ap preche a, nou pa aksepte sa, men, nou bay Jewova tout glwa a! — Mat. 5:16; konpare ak Travay 14:​12-15.

9. Ki sa n pa dwe fè, e poukisa?

9 Ann pran yon lòt sitiyasyon kote nou pa dwe atire atansyon sou tèt nou. Ann sipoze gen yon frè ki gen responsablite ki fè n konn yon bagay ki konfidansyèl, epi n al di lòt moun sa l di nou an. Annapre, si moun k ap koute nou yo ta vin konnen sa nou di yo a se laverite, yo ka kòmanse pran nou pou yon pakèt afè e yo ka panse nou konn anpil enfòmasyon ki konfidansyèl. Sa ka fè yo pran nou pou moun ki enpòtan anpil, men, Bondye pap pran plezi nan sa (Pwo. 11:13). Sa k fè sa? Paske, byenke sa nou di a se laverite, enfòmasyon nou ba yo a konfidansyèl, e rezon ki pouse nou fè l la pa bon.

FASON POU N DI LAVERITE

10. Ki lè w t ap di pawòl nou “bèl”? (Kolosyen 4:6).

10 Li Kolosyen 4:6. Apot Pòl te fè kretyen ki t ap viv nan vil Kolòs yo sonje pou pawòl yo “toujou bèl”. Sa sa vle di? Ekspresyon grèk yo itilize la a vle di pawòl n ap di dwe nonsèlman itil moun k ap koute nou, men tou, nou bezwen pale avèk jantiyès e yon fason ki atire yo.

11-12. Poukisa nou dwe fè atansyon lè n ap anseye verite ki nan Bib la? Bay yon egzanp. (Gade foto yo tou.)

11 Lè n ap anseye verite ki nan Bib la, nou bezwen suiv konsèy Pòl te bay la pou pawòl n ap di yo bèl. Labib konpare verite ki ladan l yo ak yon epe ki byen file ki kapab separe nanm nou ak lespri nou. Sa vle di li kapab montre n ki sa n santi toutbon nan fon kè nou e ki rezon ki pouse n aji (Ebre 4:12). Men, si nou pa byen sèvi ak Bib la, nou kapab lakòz lòt moun fache oswa fè kont avè n, alòske se pa t sa n te vle. Ki jan sa ka rive?

12 Imajine sitiyasyon ki vin annapre a. Pandan nou nan predikasyon, nou rankontre yon mesye ki sensè ki abitye sèvi ak imaj pou l priye. Epitou, li renmen fete Nwèl ak Pak ansanm ak fanmi l. Nou ta ka sèvi ak Bib la pou n montre mesye a jan sa pa fè sans pou l priye estati ki pa gen vi ladan yo e pou n montre l Bib la pa dakò pou moun fete Nwèl ak Pak (Eza. 44:​14-20; 2 Kor. 6:​14-17). Si n ta fè sa lè n fèk rankontre mesye a, se vre nou t ap di laverite, men, nou pa t ap byen sèvi ak Pawòl Bondye a.

13. Ki jan nou ka sizonnen pawòl nou ak sèl?

13 Epitou, Pòl te di nou bezwen toujou sizonnen pawòl nou ak sèl. Li pa t vle di pou n tòde laverite oswa pou n pa di laverite. Okontrè, li t ap ankouraje n, nan yon sans, pou n “sizonnen” sa n ap di, yon fason pou verite n ap anseye yo fè moun yo anvi koute nou (Jòb 12:11). Sa kapab difisil. Pa egzanp, nan kesyon manje, nou kapab gen tandans panse fason n renmen pou manje nou ye se konsa lòt moun ta renmen pou manje pa yo ye tou. Menm jan an tou, nou ka panse tout moun renmen fason nou pale. Men, se pa vre. Pa egzanp, nan kèk kilti, depi yon moun gen yon bagay pou l di, li di sa l ap di a kareman, menm lè l ap pale ak yon moun ki pi gran pase l. Gen lòt kilti, moun pap dakò pou moun pale avèk yo konsa, sa ka menm choke yo. Pòl te di nou dwe konnen ki jan “nou dwe reponn chak moun”. Sa vle di nou dwe sizonnen sa n ap di. Nou pap pale fason ki fè nou plezi oswa selon fason nou te leve. Men, n ap fè sa fason ki fè moun k ap koute nou an plezi.

MOMAN POU N DI LAVERITE

14. Lè Jezi te sou tè a, èske l te anseye disip li yo tout sa l te konnen? Esplike.

14 Jezi te toujou byen pale ak disip li yo, e l te byen kontan anseye yo anpil bagay (Mak 6:34). Men, yo te bezwen aprann anpil bagay toujou. Jezi pa t chèche aprann yo tout sa l te konnen. Li te rekonèt yo gen limit. Li te konprann moman an potko rive pou l te aprann yo yon seri verite. Anfèt, li te di yo pa t ap ka konprann verite sa yo (Jan 16:12). Ki sa sa aprann nou?

15. Èske nou dwe montre etidyan Labib nou yo tout sa nou konnen yon sèl kou? Esplike. (Pwovèb 25:11). (Gade foto a tou.)

15 Jezi montre se pa paske nou konnen laverite ki fè n bezwen anseye moun yo tout sa n konnen yon sèl kou. Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi? Nou dwe chèche konprann sitiyasyon moun yo. Fè yon ti reflechi ankò sou egzanp mesye ki renmen fete Nwèl ak Pak ansanm ak fanmi l lan. Nou konnen fèt sa yo gen rapò ak fo dye e Bondye pa dakò ak fèt sa yo. Men, ann sipoze nou te kòmanse etidye Labib ak mesye a yon semèn oswa de semèn anvan fèt Nwèl. Èske pawòl nou t ap bèl si n ta montre mesye a sa Bib la di sou fèt ki gen rapò ak fo dye pou l sispann fete Nwèl menm kote a? Se vre gen etidyan ki ka aplike sa yo aprann nan Bib la san pèdi tan. Men, gen lòt ki pran plis tan pou yo chanje fason yo panse ak fason yo aji. Nou kapab ede etidyan Labib nou yo pou yo fè pwogrè si n di yo sa yo bezwen konnen nan moman yo bezwen tande l la, sa vle di lè yo kapab konprann li. — Li Pwovèb 25:11.

16. Ki jan n ka ede etidyan Labib nou yo pou yo “kontinye [...] mache nan laverite”?

16 Youn nan bagay ki ban nou anpil kè kontan se ede lòt moun aprann laverite sou Jewova. Nou kapab ede yo pou yo “kontinye [...] mache nan laverite” si n fè sa ki vin annapre yo: Kontinye ba yo bon egzanp (3 Jan 3, 4). Veye pou fason n ap viv montre n kwè nan pwomès ki nan Pawòl Bondye a. Di laverite ak bon entansyon. Veye pou pawòl nou toujou bèl lè n ap anseye laverite. Pale yon fason ki atire moun, e fè sa ak jantiyès. Epi, chèche konn nan ki moman pou n di sa n ap di yo. Epitou, bay Jewova tout glwa a. Si n fè sa, n ap montre n ap sèvi Jewova, Bondye verite a.

KI SA W TE APRANN NAN VÈSÈ KI VIN APRE YO?

  • Travay 17:27.

  • Kolosyen 4:6.

  • Pwovèb 25:11.

KANTIK 160 ‘Yon bon nouvèl’!

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan premye foto a, yon frè wè yon mesye gen yon abdenwèl lakay li e l ap montre mesye a yon atik ki montre fèt Nwèl gen rapò ak fo dye. Nan dezyèm foto a, frè a ap montre mesye a yon atik ki gen yon seri konsèy ki kapab itil papa yo. Kiyès nan de egzanp sa yo k ap bay pi bon rezilta?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje