Pwogram pou semèn 7 septanm
SEMÈN 7 SEPTANM
Kantik 3 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 30 § 1-9 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Wa 12-15 (8 min.)
No 1: 2 Wa 13:12-19 (3 minit oubyen mwens)
No 2: Dorcas — Tèm: Vrè kretyen yo fè anpil bèl aksyon — it-1-F p. 668-669 (5 min.)
No 3: Ki sa n ap jwenn nan Liv ki te ekri an grèk yo? — nwt p. 35 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: “Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” — Joz. 24:15.
10 min: Ki jan nou te fè? Konvèsasyon. Mande pwoklamatè yo ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te aplike pwen ki nan atik “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fòme nouvo yo”. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte kèk bèl eksperyans yo te fè.
10 min: Fanmi, èske nou gen abitid asiste reyinyon yo regilyèman? Diskou. Li baze sou Ebre 10:24, 25. Fè entèvyou ak yon fanmi ki gen timoun. Mande yo: Ki sa chèf fanmi an fè pou reyinyon yo toujou rete yon priyorite pou fanmi an? Ki sa chak moun fè pou fanmi an ka asiste reyinyon yo regilyèman? Ki lè yo prepare kòmantè yo? Ki sakrifis yo fè pou yo ka toujou la nan reyinyon yo? Pou fini, ankouraje tout moun pou yo asiste reyinyon yo regilyèman e pou yo patisipe ladan yo regilyèman.
10 min: Èske nou ka simen grenn verite ki nan Bib la nan kè fanmi nou yo (Tra. 10:24, 33, 48)? Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2015, paj 87, paragraf 1-2; ak paj 90, paragraf 1-3. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou sa yo aprann.
Kantik 118 ak priyè