Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa out: Bon nouvèl Bondye bay la!, Koute Bondye, Koute Bondye pou w viv pou toutan. Septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Novanm: Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen tout nouvo feyè nou genyen an kreyòl yo.
◼ Apati mwa septanm, siveyan sikonskripsyon yo pral bay diskou piblik sa a ki gen tit: “Èske chemen Bondye yo bon toutbon?”
◼ Jan chif ki vin apre yo montre sa, gen anpil travay k ap fèt nan peyi ki gen kongregasyon kreyòl ayisyen. Kanada: 10 kongregasyon, 3 gwoup, 1 029 pwoklamatè, 165 pyonye pèmanan. Venezyela: 3 kongregasyon, 3 gwoup. Lafrans ak tèritwa ki anba sipèvizyon l: Lafrans: 11 kongregasyon, 7 gwoup, 668 pwoklamatè, 179 pyonye pèmanan. Gwadloup: 8 kongregasyon, 1 gwoup, 361 pwoklamatè, 65 pyonye pèmanan. Giyànn: 10 kongregasyon, 1 gwoup, 497 pwoklamatè, 92 pyonye pèmanan. Matinik: 2 kongregasyon, 3 gwoup, 102 pwoklamatè, 40 pyonye pèmanan. Senmaten: 3 kongregasyon, 198 pwoklamatè, 16 pyonye pèmanan.