Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 out 2015, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Nan priyè Salomon te fè a, ki verite nou jwenn sou Jewova ki ka fòtifye lafwa nou, e ki byenfè n ap jwenn lè nou medite sou verite sa yo? (1 Wa 8:22-24, 28) [6 jiyè, w05 1/7 p. 20 § 7]
David te mache devan Bondye ‘ak tout kè l’, kòman egzanp li ka ankouraje nou fè menm bagay la? (1 Wa 9:4) [13 jiyè, w12 15/11 p. 7 § 18-19]
Ki leson enpòtan nou ka aprann nan istwa kote Jewova te voye Eliya al kot yon vèv nan vil Safat? (1 Wa 17:8-14) [27 jiyè, w14 15/2 p. 14]
Lè nou medite sou istwa ki nan 1 Wa 17:10-16 la, ki jan sa ka ranfòse detèminasyon nou pran pou nou fè Jewova yon konfyans total? [27 jiyè, w14 15/2 p. 13-15]
Ki jan egzanp Eliya kite nan fason li te fè fas ak yon sitiyasyon kote li te santi l pèdi espwa ka pwofitab pou nou? (1 Wa 19:4) [3 out, ia p. 102-103 § 10-12; w14 15/3 p. 15 § 15-16]
Ki jan Jewova te reyaji lè l te wè Eliya pwofèt fidèl li a te dekouraje, e kòman nou ka imite Bondye nou an ki gen lanmou? (1 Wa 19:7, 8) [3 out, w14 15/6 p. 27 § 15-16]
Ki move pwennvi wa Ahab te genyen, e kòman kretyen yo ka evite fè menm erè a jodi a? [10 out, lv p. 164-165, kare; w14 1/2 p. 14 § 3-4]
Ki sa nou ka aprann nan demann Elicha te fè Eliya a, e ki jan sa ka ede nou lè nou resevwa yon nouvo asiyasyon nan travay Wayòm nan? (2 Wa 2:9, 10) [17 out, w03-F 1/11 p. 31 § 5-6]
Ki jan timoun yo ka imite lafwa ak kouraj tifi izrayelit yo pale nan 2 Wa 5:1-3 a? [24 out, w12 15/2 p. 12-13 § 11]
Ki kalite konsa Yewou te demontre tout sèvitè Jewova yo dwe fè efò pou yo imite nan tan lafen an? (2 Wa 10:16) [31 out, w11 15/11 p. 5 § 5]