FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Yon seri lokal ki onore Jewova, Gran Pwofesè nou an
1ye jiyè 2023
Jewova renmen bay pèp li a fòmasyon. Se sa k fè òganizasyon l lan te mete plizyè lekòl sou pye pou bay anpil moun fòmasyon pou yo ka fè sa yo ba yo fè kòm asiyasyon nan sèvis Jewova a. Youn nan lekòl sa yo se Lekòl Evanjelizatè Wayòm nan (LEW). Nan dènye ane ki sot pase yo, òganizasyon Jewova a pa t ret konsantre sou pwogram ansèyman lekòl la sèlman, men tou li te konsantre sou lokal kote lekòl yo ap fèt yo. Objektif prensipal la se pou fè l pi fasil ni pou enstriktè k ap anseye yo, ni pou elèv k ap resevwa fòmasyon an. Ki jan ofrann nou yo ede nou atenn objektif sa a?
Plis elèv nan yon pi bon anviwònman
Pandan plizyè ane, yo te konn fè lekòl teyokratik yo nan Sal Wayòm yo ak nan Sal Asanble yo. Donk, poukisa nou konstwi oswa renove plis lokal pou nou itilize sèlman pou lekòl teyokratik yo nan dènye ane sa yo? Ann wè twa rezon.
Pi plis bezwen. Men sa Christopher Mavor, yon frè k ap ede nan Komite pou sèvis la, youn nan komite ki nan Kolèj santral la, esplike: “Biwo filyal yo di nou yo bezwen plis frè ak sè pou ede nan tèritwa yo. An 2019, pa egzanp, filyal peyi Brezil estime yo te bezwen 7 600 elèv anplis ki gradye nan LEW pou yo ka konble bezwen ki genyen nan tèritwa yo a.” Filyal Etazini an di yo gen yon gwo bezwen pyonye ki kalifye ki pou fòme lòt moun ki pou preche an piblik, nan pò yo ak nan prizon yo. Yo gen bezwen frè ki pou sèvi nan Biwo lokal pou plan ak konstriksyon (LDC) ak nan Komite lyezon ospitalye (KLO). Elèv ki gradye nan LEW yo kapab ede nan travay sa yo.
Pi plis fòmilè elèv ki aplike. Anpil filyal resevwa plis fòmilè elèv ki aplike pase sa yo ka aksepte. Nan Brezil, pa egzanp, filyal la te resevwa anviwon 2 500 fòmilè LEW nan ennan sèlman. Men, akoz yo pa t gen ase plas pou fè lekòl la, se sèlman 950 elèv filyal la te ka aksepte.
Kote ki apwopriye pou lojman. Lè elèv yo te konn asiste lekòl yo nan yon Sal Wayòm oswa nan yon Sal Asanble, yo te konn loje lakay frè ak sè ki nan zòn nan. Aranjman sa a te bon nan peyi kote pa t konn gen anpil klas ki te konn fèt chak ane. Men, kote ki te konn gen anpil klas, li te ka pa t posib pou pwoklamatè nan zòn nan loje elèv yo pandan plizyè mwa nan ane a. Se sa k fè yo te konstwi lokal ki pi pre klas e yo fè yo yon fason ki apwopriye pou elèv yo.
Yon lokal ki gen yon sal pou klas yo, chanm pou enstriktè yo ak chanm pou anviwon 30 elèv ansanm ak espas pou lòt sèvis enstriktè yo ak elèv yo ap bezwen kapab koute plizyè milyon dola ameriken, sa depann de zòn nan ak kèk lòt bagay ankò.
Kèk aspè anrapò ak lokal yo fè pou lekòl la
Yo toujou mete lekòl yo toupre zòn kote gen transpò piblik. Yo toujou prefere zòn kote gen anpil pwoklamatè ki ka bay èd pou lekòl la byen mache e pou fè antretyen nan lokal yo ak ekipman yo.
Lokal yo gen bibliyotèk, sal pou etidye, òdinatè, enprimant ak lòt ekipman ankò. Souvan, gen yon salamanje, kote elèv yo ak enstriktè yo ka manje ansanm. Gen ase espas pou fè egzèsis fizik e pou pran detant.
Nou pran prekosyon lè n ap fè plan sal pou klas yo. Troy, k ap travay nan Depatman mondyal plan ak konstriksyon nan Wòwik, ki Nouyòk, di. “Nou te konsilte Depatman lekòl teyokratik yo pou l ede nou fè yon sal klas k ap fè l pi fasil pou elèv yo aprann. Yo te esplike nou ki gwosè ak ki jan sal pou klas yo dwe ye.” Konsènan ekipman odyo/videyo, men sa Zoltán, yon enstriktè LEW nan Ongri, di: “Okòmansman, nou pa t konn gen mikwo, donk, nou te toujou ap fè elèv yo sonje yo dwe pale pi fò. Men kounye a, gen yon mikwo sou chak biwo. Pa gen pwoblèm sa a ankò!”
“Envite espesyal lakay Jewova”
Ki jan amelyorasyon lokal sa yo gen efè ni sou enstriktè yo, ni sou elèv yo? Angela, yon sè ki te asiste LEW a nan Palm Coast, Florid, Ozetazini, di: “Se yon anviwònman ki pezib anpil. Tout bagay byen planifye, sa gen ladan l klas yo ak chanm yo. Konsa, nou ka rete konsantre sou etidye ak aprann.” Csaba, yon enstriktè nan Ongri, kontan poutèt li kapab chita pou l manje ansanm ak elèv yo. Anpalan de okazyon sa yo, li di: “Byen souvan, elèv yo di yo plis bagay sou tèt yo ak bagay ki te rive yo. Konsa nou rive aprann konn elèv yo pi byen. Kòm rezilta, nou plis ka adapte pwogram lekòl la ak bezwen yo.”
Elèv yo ak enstriktè yo wè amelyorasyon lokal yo prepare pou lekòl yo tankou benediksyon Jewova, “Gran Pwofesè nou an”. (Ezayi 30:20, 21.) Yon sè nan Filipin ki te asiste LEW nan yon lokal yo transfòme pou fè lekòl la di konsa: “Anviwònman lekòl la fè nou sonje se pa elèv sèlman nou ye, men nou se envite espesyal Jewova. Li vle pou nou kontan e pou nou pran plezi nan etidye Pawòl li a afon.”
Se grasa ofrann nou yo nou kapab konstwi, renove e fè mentnans nan lokal pou ansèyman sa yo. Anpil nan ofrann sa yo fèt sou donate.jw.org. Mèsi anpil dèske n montre nou donan!