FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Charyo piblikasyon nou yo se “yon temwayaj pou tout nasyon”
1ye avril 2023
Depi plis pase 10 an kounye a, youn nan bagay ki atire atansyon moun yo nan fason nou preche se charyo piblikasyon nou yo. Toupatou sou tè a, moun yo rekonèt charyo yo. Yo fè charyo yo pou yo atire atansyon moun men tou, yo fasil pou moun itilize. Petèt w ap dakò avèk Asenata, yon sè k ap viv nan peyi Polòy, ki te di: “Charyo yo parèt senp, men, yo bèl. Li fasil pou moun itilize yo e pou deplase avèk yo.”
Èske w konn mande tèt ou ki jan yo te fè charyo yo?
Yo fèt yon fason ki efikas
An 2001, Kolèj santral la te bay pèmisyon pou Temwen Jewova yo nan nan peyi Lafrans eseye divès metòd pou temwayaj an piblik e youn nan yo se te itilize charyo. Yo te eseye fè charyo yo plizyè fason. Pa egzanp, yo te transfòme kèk valiz ak charyo moun konn fè makèt yo pou yo vin gen de pati ladan yo, yon pati pou ekspoze piblikasyon yo ak yon lòt pou piblikasyon ki an rezèv yo. Finalman, filyal peyi Lafrans lan te chwazi yon modèl e pwoklamatè yo te itilize l pandan plizyè ane.
Foto yon charyo piblikasyon an Frans, an 2005
Frè ak sè nan peyi Lafrans yo te kontan bon rezilta yo te jwenn pandan yo t ap eseye nouvo metòd sa a. Se sa k fè an 2011, Kolèj santral la te bay pèmisyon pou yo eseye temwayaj an piblik la nan vil Nouyòk, Ozetazini, kote yo t ap gen pou itilize charyo ak tab pou piblikasyon yo. Byen vit, pyonye ki te patisipe nan pwogram sa a te remake charyo yo te gen anpil avantaj e youn ladan yo sèke li fasil pou deplase avèk yo. Pyonye yo te bay sijesyon ki itil sou fason pou yo pi byen fè charyo yo. Premye charyo yo te fè yo te fèt an bwa e alamen, yo te lou sa te fè li te difisil ni pou monte ni desann eskalye avèk yo. Se sa k fè, yo te chèche fè yo pi lejè, men, pa twò lejè yon fason pou van pa pote yo ale. Nouvo modèl yo te gen wou ki pi laj e ki ka diminye efè chòk yo, sa ki fè l pi fasil pou woule kote ki pa gen bon wout. Mete sou sa, nouvo modèl yo te vin gen yon ti espas kote yo mete piblikasyon ki anplis yo.
Nouvo metòd la te bay bon rezilta! Se sa k fè an 2012, Kolèj santral la te dakò pou frè ak sè yo itilize charyo pou yo ekspoze piblikasyon yo toupatou sou tè a. Nou te rive jwenn yon fabrikan ki ka fè yo an kantite, avèk materyo ki lejè, men ki solid.
Tank ane t ap pase, yo te fè kèk ti amelyorasyon nan charyo yo. Pa egzanp, an 2015, yo te ajoute yon kouvèti an plastik pou pwoteje piblikasyon yo kont lapli. Dina, k ap viv nan peyi Jòji, renmen kouvèti plastik la anpil. Men sa l di: “Charyo a gen pwòp ‘padsi l’ pou pwoteje piblikasyon yo.” An 2017, yon seri afich ki gen eman ladan yo te vin disponib nan kèk lang. Tomasz, yon frè k ap viv nan peyi Polòy, di: “Sa te mande anpil travay lè n te gen pou n chanje afich ki gen adezif yo. Men, afich ki gen eman yo rezoud pwoblèm nan.” An 2019, yo te fè lòt chanjman toujou ni nan materyèl yo ni nan fason yo te fè charyo yo, yon fason pou yo te ka dire pi lontan.
Fason yo pwodui charyo piblikasyon yo
Se yon sèl fabrikan ki fè tout charyo piblikasyon yo, epi òganizasyon an distribye yo nan kongregasyon yo toupatou sou tè a. Aktyèlman, yon charyo koute 43 dola ameriken, san konte kòb transpò ak lòt depans ankò. Jiskaprezan, yo depanse plis pase $16 milyon dola ameriken nan charyo, e yo voye plis pase 420 000 charyo nan kongregasyon yo toupatou sou tè a.
Pou yo pi byen itilize ofrann yo, yo kòmande yon gwo kantite charyo. Anplis de sa, kounye a, kongregasyon yo ka fè kòmann pyès derechanj epi repare charyo yo olye yo ranplase yo.
Fason pou n sèvi ak charyo yo pou n bay temwayaj
Pwoklamatè yo toupatou sou tè a kontan pou yo sèvi ak charyo yo. Martina, ki soti nan peyi Gana, di: “Nan lòt fòm predikasyon nou itilize, byen souvan se nou ki al kote moun yo. Sa m renmen ak bay temwayaj ak charyo, se moun yo ki vin kote nou. Menm moun ki jis pase devan charyo yo ka jwenn yon temwayaj.”
Nan yon lòt peyi ann Afrik, gen yon mesye ki te apwoche yon charyo e l te pran kèk piblikasyon nan lang pa l. Li te retounen semèn apre a, li te di: “Mwen te li tout piblikasyon yo. Enfòmasyon yo enpòtan anpil. Mwen pral pataje yo ak fanmi m nan vilaj mwen an.” Vilaj la te nan yon distans anviwon 500 kilomèt. De mwa annapre, li te retounen e li di: “Moun nan vilaj mwen an li tout piblikasyon yo e yo te kontan anpil pou sa yo te li yo. Yo vle vin Temwen Jewova. Men, yo gen kèk kesyon. Pa egzanp, yo konprann pou yo batize, yo dwe plonje nan dlo. Men, nou pa gen rivyè toupre vilaj nou an. Èske nou dwe vin isit la pou n batize?” Pwoklamatè yo te mete mesye a an kontak ak yon pyonye ki pale lang li an. Depi lè sa a, yo gen bèl konvèsasyon ansanm regilyèman.
Sa ankourajan pou n wè nou sèvi ak charyo piblikasyon yo pou nou preche “sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Matye 24:14.) Ki jan nou peye fabrikasyon charyo yo? Pa mwayen ofrann ki fèt pou travay mondyal la. Anpil ladan yo fèt sou donate.jw.org. Mèsi pou jenewozite nou.