Sa te mande anpil travay pou refè filyal peyi Japon an (agoch) e pou agrandi filyal peyi Angola a (adwat)
FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Yon seri konstriksyon ki ede nou fè travay predikasyon an
20 OKTÒB 2023
Kolèj santral la kontan anpil pou l sèvi ak ofrann li resevwa yo pou fè nou jwenn ekipman k ap ede nou fè travay predikasyon Wayòm nan. Pa egzanp, pandan ane sèvis 2023 a, biwo filyal Temwen Jewova yo itilize asosyasyon legal yo pou depanse plis pase 500 milyon dola pou achte, konstwi, renove ak fè antretyen Sal Wayòm ak Sal Asanble yo sou tout tè a.a Kantite kòb sa a ajoute sou kantite kòb tout kongregasyon ki sou tè a ap depanse pou pran swen Sal Wayòm nou yo.
Mete sou sa, yo sèvi ak ofrann yo pou konstwi ak pran swen Betèl yo, ki ede nan òganize ak soutni travay predikasyon an nan lemonnantye. Nou te senplifye travay nou fè nan filyal yo yon fason pou n ka sèvi ak yon pati nan ofrann yo pou konstwi e pou renove Sal Wayòm yo ak Sal asanble yo. Men, sa toujou koute anpil lajan pou repare, refè oswa deplase filyal yo. Poukisa pwojè sa yo enpòtan konsa? Ki jan filyal yo soutni travay enpòtan k ap fèt nan tèritwa yo? Ann wè ki jan.
“Sa pèmèt li dire pi lontan”
Anpil filyal konstwi depi plis pase 30 oswa 40 an! Nicholas, yon manm depatman mondyal plan ak konstriksyon, esplike: “Menmsi gen bon antretyen ki fèt nan yon batiman, l ap toujou vin ansyen e l ap vin gen gwo pwoblèm apre kèk tan. Lè yo fè reparasyon nan yon batiman, sa pèmèt li dire pi lontan pou l bay sèvis.”
Filyal yo bezwen adapte ak chanjman e ak bezwen òganizasyon an vin genyen yon fason pou yo ka kontinye soutni travay k ap fèt yo. Sou tout tè a, kantite pwoklamatè yo ogmante anpil depi lè yo konstwi anpil filyal. Pou ede ak gwo akwasman sa a, nou te vin bezwen gen plis volontè ki pou travay nan filyal yo. Kòm rezilta, lokal ki te sanble ase gwo yo vin twò piti!
Sekirite se yon bagay ki enpòtan anpil. Piske n ap viv nan dènye jou nan sistèm sa a, n ap jwenn pi plis katastwòf natirèl k ap met lavi nou an danje (Lik 21:11). Lè nou sèvi ak teknik konstriksyon ki pi avanse yo lè n ap fè renovasyon yo, sa fè bilding yo pi an sekirite pou sila yo k ap travay ladan yo. Amelyorasyon sa yo fè l pi fasil pou frè yo sèvi ak bilding sa yo pou òganize travay sekou lè gen katastwòf natirèl e pou yo kontinye soutni travay k ap fèt nan tèritwa yo apre katastwòf natirèl yo fin pase.
“Jewova te beni desizyon an”
Anba direksyon Kolèj santral la, frè yo te fè kèk travay konstriksyon nan 43 biwo filyal nan ane sèvis 2023 a. Sa vle di yo t ap fè yon travay konstriksyon nan prèske mwatye nan Betèl nou gen nan monn nan. Tanpri, ann gade kèk egzanp ki montre valè travay sa a genyen.
Angola. Men sa Matt, yon manm komite filyal peyi Angola, di: “Nou gen privilèj pou nou wè jan pwofesi Aje 2:7 la ap akonpli yon fason espesyal. Nan 10 an sèlman, nou gen 60 pousan akwasman nan kantite pwoklamatè yo! Pou ede pwoklamatè sa yo, fanmi Betèl la te bezwen gen 3 fwa plis kantite moun li te genyen. Sepandan, nou pa t ka envite kantite moun nou te bezwen pou vin travay akoz gwosè bilding yo. Se sa k fè, anpil betelit te oblije travay pi di e pi plis tan pase sa yo te dwe fè.”
Li pi fasil pou moun byen travay nan nouvo espas biwo yo (adwat)
Yo te bay kèk frè asiyasyon pou yo chèche konn ki jan yo te ka fè pou agrandi Betèl la. Okòmansman, yo te panse se repare bilding yo genyen deja a ki t ap yon bon solisyon rapid. Men, apre yo fin fè kèk rechèch, yo te vin rann yo kont renovasyon an pa t ap pi bon fason pou yo sèvi ak ofrann yo. Olye de sa, yo te rekòmande pou yo te achte epi repare yon bilding ki pa lwen ak Betèl la. Men sa Matt te di: “Lè nou te fèk pale de opsyon achte epi renove yon bilding ki te konstwi deja ak komite filyal la, nou te konsyan li pa t ap reponn ak bezwen nou yo menm jan ak yon bilding nou konstwi. Men, kounye a nou wè jan bilding nan byen reponn ak bezwen nou yo. Jewova te beni desizyon an.”
Bilding sou pwopriyete filyal la ki ka ajiste oswa ki ka agrandi alavni vin posib pou pèmèt plis moun ka vin travay pou soutni akwasman k ap fèt nan tèritwa a
Filyal peyi Angola a ka petèt bezwen plis espas alavni. Se poutèt sa, nouvo bilding sa a ki gen lojman yo ka ajiste alavni sou pwopriyete Betèl la ak apatman yo lwe yon lòt kote bay biwo filyal la espas li bezwen pou l kontinye soutni akwasman estrawòdinè k ap fèt nan tèritwa a.
Anpil sè kontan travay nan pwojè filyal peyi Angola a
Japon. Yo te konstwi premye bilding yo depi prèske 40 an, e pa t janm gen gwo reparasyon ki fèt nan pifò ladan yo. Gen anpil efò ki te fèt pou antretyen yo. Malgre frè yo te travay di pou yo te pran swen yo, n ap itilize yo pandan plis tan pase sa yo te dwe fè ap sèvi. Se poutèt sa n ap fè gwo renovasyon ladan yo kounye a.
Lavi nan Betèl la pa menm jan an ankò nan ane ki sot pase yo. Anvan 2015, yo te konn prepare tout manje yo pou fanmi Betèl la. Anpil chanm nan Betèl Japon an te gen yon ti espas pou kizin. Kounye a, se betelit yo ki fè pifò nan manje yo. Yo ajoute yon espas ki pi itil pou fè manje nan chanm Betèl yo pandan renovasyon lokal la, konsa li vin pi fasil pou betelit yo fè manje yo. Kumiko, yon sè k ap sèvi nan Betèl Japon an, di: “Kizin nan fè m santi m konfòtab, e li ede m pou m byen kolabore ak nouvo aranjman ki fèt nan Betèl la.”
Nouvo espas pou kizin (adwat) ki pi itil pou fanmi Betèl la
Travay ki fèt nan Betèl Japon an se yon pati enpòtan nan travay k ap fèt sou tout tè a (Matye 28:19, 20). Peyi Japon se youn nan 2 filyal kote yo enprime Bib la ann antye. Kidonk, youn nan aspè nan pwojè konstriksyon sa a, se pou yo enstale yon sistèm ki pou koupe papye ak kenbe pousyè pou pwoteje tout moun k ap travay nan enprimri sa a. Sa koute prèske yon milyon dola pou yo achte ak enstale sistèm sa a, men sa bay garanti Betèl la kapab kontinye enprime ak voye piblikasyon yo ak Bib la, ki pi enpòtan, divès kote pou ede nou fòtifye lafwa nou.
Sistèm pou koupe papye ak kenbe pousyè a pral fè gen plis sekirite pou tout moun k ap travay nan enprimri a
Frè yo te asire yo yo t ap kapab kontinye enprime Bib la pandan konstriksyon an. Trey, yon manm komite filyal peyi Japon an, rapòte: “Pandan konstriksyon an, òganizasyon an t ap pibliye plis tradiksyon Labib, e te gen plis moun sou tè a toujou ki bezwen Bib. Plizyè depatman ak anpil moun te travay ansanm pou yo te ka konnen ki lè y ap kapab enstale nouvo ekipman yo ak ki lè y ap ka enprime piblikasyon yo.” Malgre defi sa yo, gen prèske 220 000 Bib ki enprime chak mwa soti mas pou rive out 2023, moman kote pati ki pi enpòtan nan pwojè enprimri a t ap fèt. Tout travay sa yo ki t ap fèt la te rive fini san konstriksyon an pa t koute plis kòb.
Yon lòt aspè enpòtan nan pwojè renovasyon an se byen jere enèji. Yo t ap pral enstale nouvo pano solèy, sa ki t ap pral fè yo fè anviwon 120 000 dola ekonomi sou enèji chak ane. Yo t ap pral enstale fenèt ki gen twa lam vit, sa ki t ap pral ede yo sèvi ak mwens enèji, sa ki t ap fè yo fè anviwon 10 000 dola ekonomi chak ane. Menm lè sistèm kouran sa a koute chè, yo estime gen plis pase 3,5 milyon dola ekonomi ki t ap fèt pandan tan y ap sèvi ak pano yo e ak fenèt yo. Yo pral redui fason bilding yo ap gen efè sou anviwònman an tou.
Nouvo fenèt ki gen twa lam vit pral sèvi ak mwens enèji
“Toujou gen plis travay ki pou fèt”
Pwojè 2 filyal sa yo montre ki kantite travay ki bezwen fèt yon fason pou bilding Betèl yo kapab reponn ak bezwen ki genyen nan tèritwa a. Men, travay la poko fini. Dapre sa Aaron, ki nan depatman mondyal plan ak konstriksyon, di: “Frè yo fè anpil travay deja, men, toujou gen plis travay ki pou fèt.” Ki jan travay la ap fè fèt? Men sa l kontinye pou l di: “Anplis tout ofrann nou yo, ki finanse pwojè enpòtan sa yo, nou rekonesan tou pou bon dispozisyon tout moun ki te deja travay kòm volontè yo, e pou tout sila yo k ap fè ajisteman nan lavi yo pou yo ka disponib tou alavni. Sipò fizik ak sipò ofrann frè ak sè yo bay se prèv klè ki montre Jewova beni travay sa a.” — Sòm 110: 3.
Se ofrann volontè ki soutni tout travay renovasyon ak travay konstriksyon nou yo. Anpil ladan yo fèt sou donate.jw.org. Mèsi anpil dèske n ap kontinye montre nou renmen bay!
a Tout dola yo pale nan atik sa a se dola ameriken.