Koutwazi Jamie Christiani/Bulletin of the Atomic Scientists
KONTINYE VEYE!
Yo avanse òlòj lafendimonn nan pi pre minui
Nan dat 27 janvye 2026 la, syantifik yo te avanse egui òlòj lafendimonna nan pi pre minui. Minui reprezante moman lèzòm ap detwi tè a ak tout moun sou li.
“Konsèy syans ak sekirite, nan jounal ki rele Bulletin of the Atomic Scientists, deside rete 85 segonn anvan l minui nan òlòj lafendimonn nan. Se premye fwa egui a toupre minui konsa.” — Bulletin of the Atomic Scientists.
“Syantifik yo sèvi ak òlòj lafendimonn nan pou fè pase yon mesaj byen klè. Chak jou ki pase, sitiyasyon ki reprezante yon danje pou lèzòm ap vin pi plis, moun yo pa vle kolabore youn ak lòt, e bagay yo ap vin pi mal. Li nesesè pou gen chanjman ki fèt e chanjman sa yo posib, men moun sou tout tè a bezwen egzije pou dirijan yo aji vit.” — Alexandra Bell, prezidan, direktris jeneral, Bulletin of the Atomic Scientists.
Èske lèzòm ap detwi tè a ak tout moun sou li? Èske nou dwe pè sa ki pral rive alavni? Ki sa Bib la di?
Sa ki pral rive alavni
Bib la di “tè a ret la pou toutan” e ap gen moun k ap “viv sou li pou toutan”. (Eklezyas 1:4; Sòm 37:29.) Donk, lèzòm pap detwi tè a oswa fè l viv tounen yon kote moun pa ka viv.
Yon lòt bò, Bib la pale vrèman de yon lafen k ap vini. Pa egzanp, li di “monn nan ap pase”. — 1 Jan 2:17.
Pou w ka jwenn enfòmasyon sou sa Bib la vle di lè l pale de lafendimonn, li atik “Èske monn nan rive nan bout li? Ki sa apokalips la ye?”
Pou w ka konnen sa Bib la di konsènan moman yon seri gwo evènman pral fèt nan monn nan, li atik “Ki lè lafendimonn ap fèt?”
Rete pozitif
Bib la ka ede nou rete pozitif malgre pwoblèm ki gen nan monn nan jodi a. Ki jan Bib la ka ede nou?
Bib la ban nou bonjan konsèy ki ka ede nou (2 Timote 3:16, 17). Pa egzanp, li atik “Fason n ka jere enkyetid nou yo” pou wè fason Bib la ka ede w rete pozitif malgre pwoblèm ou jwenn nan lavi a.
Bib la bay bonjan espwa pou lavni (Women 15:4). Li esplike ki sa nou ka atann k ap rive jodi a e alavni, sa ki ede nou rete tennfas kèlkeswa sa k rive nan monn nan.
Pou w ka aprann plis sou Bib la, nou envite w ak tout kè nou pou w etidye Labib avèk èd yon anseyan depi jodi a menm.
a “Òlòj lafendimonn nan se yon senbòl ki la pou fè moun konnen jan nou toupre pou n detwi monn nan ak teknoloji ki danjere nou fè yo. Se yon senbòl ki la kòm rapèl sou tout gwo danje nou gen pou n travay sou yo si nou vle rete vivan sou tè a.” — Bulletin of the Atomic Scientists.