BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 131
  • Èd pou moun ki avèg

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èd pou moun ki avèg
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Fason Bondye santi l parapò ak moun ki avèg
  • Fason Temwen Jewova yo ede moun ki avèg
  • Ki fòmasyon ki baze sou Bib la nou bay?
  • Ede moun ki avèg yo aprann konnen Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Fason pou n bay moun ki avèg yo temwayaj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Fason pou nou sèvi ak anrejistreman odyo yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 131
Yon mesye avèg ki chita deyò, sou yon ban, k ap koute yon anrejistreman odyo sou aplikasyon “JW Library.

Èd pou moun ki avèg

Gen espesyalis ki fè konnen, toupatou nan monn nan, gen anviwon 43 milyon moun ki avèg e gen 295 milyon moun ki gen pwoblèm vizyon grav.a Malerezman, gen moun ki mal boule ak anpil nan moun sa yo.

Ki jan Bondye santi l parapò ak moun ki avèg? Ki sa Bib la di konsènan moun sa yo? E ki jan Temwen Jewova yo ede yo?

Fason Bondye santi l parapò ak moun ki avèg

Bib la ede n konprann Jewovab gen anpil sousi pou moun ki avèg. Li vle moun byen boule avèk yo e l vle yo pwofite ansèyman li bay. Epitou, li pwomèt yo yon bèl avni.

Vèsè biblik: “Malediksyon pou moun ki fè yon avèg pèdi wout li.” — Detewonòm 27:18.

Sa vle di: Nan epòk yo te ekri Bib la, lwa Bondye te bay pèp li a te anpeche moun mal boule ak moun ki avèg.

Vèsè biblik: “Bondye pa gen patipri.” — Travay 10:34.

Sa vle di: Bondye bay moun ki avèg menm valè li bay moun ki wè yo.

Vèsè biblik: Jezi “te fè anpil moun ki te avèg wè”. — Lik 7:21.

Sa vle di: Lè Jezi te sou tè a, li te fè moun ki avèg wè. Konsa, li te montre ki sa Wayòm Bondye a pral fè alavni.

Vèsè biblik: “Je moun ki avèg yo ap ouvri.” — Ezayi 35:5.

Sa vle di: Jewova pwomèt talè konsa Wayòm Bondye a pral dirije tè a, konsa, moun ki avèg yo ap kapab wè.

Fason Temwen Jewova yo ede moun ki avèg

Toupatou nan monn nan, Temwen Jewova yo preche mesaj espwa Bondye bay pou moun avèg yo. Ki jan yo fè sa?

  • Yo pibliye Bib la ansanm ak piblikasyon ak videyo ki baze sou Bib la nan plizyè fòma pou moun ki avèg ak moun ki gen pwoblèm vizyon grav yo, tankou fòma bray, gwo karaktè ak odyo.

  • Yo fè reyinyon regilyèman kote tout moun ka asiste san wete moun ki avèg.

  • Yo ofri tout moun yon etid Labib kote yo ka gen yon moun k ap anseye yo pèsonèlman.c

Moun pa oblije peye anyen pou tout bagay sa yo. Poukisa? Paske Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Matye 10:8.

Temwen Jewova yo vrèman gen sousi pou moun ki avèg yo. Moun ki vle adore Bondye ansanm avèk nou ap jwenn bon zanmi k ap ede yo. Gade kèk eksperyans kèk Temwen Jewova ki avèg fè.

Talita Alnashi soti nan peyi Syèd e l gen pwoblèm vizyon grav depi l fèt. Gade ki jan paran l te anseye l verite nan Bib la ak fason li menm ak fanmi l te resevwa lanmou ak sipò nan men zanmi l yo.

James Ryan soti Etazini, li fèt tou soud e pi devan li te vin avèg. Gade sa k fè l gen kè kontan nan lavi l e li satisfè.

Cynthia Pablo.

Cynthia Pablo soti nan peyi Filipin, li soud e l avèg. Ki jan lòt Temwen Jewova te ede l nan moman difisil pandan pandemi COVID-19 la? Aprann plis sou li nan atik ki gen tit: “Pandan peryòd pandemi an, yon kongregasyon soutni yon sè ki soud e ki avèg.”

Ki fòmasyon ki baze sou Bib la nou bay?

Yon mesye ki avèg k ap itilize yon aparèy pou l pran nòt an bray.

Piblikasyon an bray. Nou pibliye Bib la an bray ann antye oswa an pati nan plizyè lang. (Pou w ka wè lis tout lang sa yo, gade kare ki gen tit: “Labib — Tradiksyon monn nouvo a an bray”.) Mete sou sa, nou pibliye anpil nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la an bray. Nou pibliye yon bwochi ki gen tit Aprann li bray pou moun ki ta renmen aprann bray. Yo fè l pou yon moun ki pa avèg aprann yon moun ki avèg li bray.

  • Pou w jwenn piblikasyon an bray, pale ak Temwen Jewova yo oswa mande pou yo vizite w.

  • Al sou jw.org pou w telechaje fichye pou aparèy elektwonik pou pran nòt.d

Piblikasyon enprime ki nan gwo karaktè ak piblikasyon elektwonik ki ka ouvri nan gwo karaktè. Anpil nan piblikasyon nou yo disponib nan gwo karaktè pou moun ki pa wè byen. Sit Entènèt nou an, jw.org, fèt yon fason pou menm lè yon moun fè paj la vin pi gwo, sa pa chanje fason enfòmasyon an parèt. Aplikasyon JW Library a bay moun posiblite pou yo chanje gwosè karaktè yo.

  • Pou w jwenn piblikasyon enprime nan gwo karaktè pale ak Temwen Jewova yo oswa mande pou yo vizite w.

  • Sou jw.org, telechaje piblikasyon elektwonik nan gwo karaktè ki sanble ak piblikasyon enprime.

Piblikasyon odyo. Nou pibliye anrejistreman odyo Bib la, Labib — Tradiksyon monn nouvo a, nan plis pase 200 lang. Mete sou sa, nou fè anrejistreman odyo pou anpil nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Souvan, anrejistreman sa yo gen esplikasyon sou foto yo.

  • Tande odyo yo an dirèk sou jw.org ak nan aplikasyon JW Library a oswa telechaje yo.

  • Sou jw.org, telechaje fichye ki gen sistèm lekti tankou lektè ekran yo ak aparèy ki li liv elektwonik awotvwa.e

Imaj yon moun k ap pale.

Videyo ki gen deskripsyon odyo.f Temwen Jewova yo pibliye videyo ki baze sou Bib la ki gen deskripsyon odyo nan plis pase 100 lang. Videyo sa yo ede moun konprann e aplike konsèy ki pratik ki soti nan Bib la.

Ou kapab tande deskripsyon odyo nan seri videyo ki site anba a:

  • Pou w ka gen kè kontan nan maryaj ou

  • Labib chanje lavi moun

  • Desen anime

Reyinyon yo ak asanble yo. Nou reyini nan kongregasyon toupatou nan monn nan chak semèn pou n aprann plis e pou n adore Bondye. Epitou, chak ane nou òganize pi gwo evènman pou n aprann plis sou Labib. Nan asanble yo kote nou gen videyo, nou fè efò pou n gen lòt odyo apa ki gen deskripsyon odyo ladan l. Kote sa posib, nan reyinyon nou yo, nan asanble ak nan kongrè, gen moun ki entèprete pou moun ki ni avèg ni soud yo. Moun sa yo fè siy e moun ki avèg e ki soud la mete men l sou men moun k ap entèprete a. Nou envite tout moun e nou pa gen patipri.

  • Jwenn yon reyinyon.

  • Aprann plis sou kongrè nou fè chak ane.

  • Asiste Memoryal lanmò Jezi, evènman ki pi enpòtan nan ane a.

José Luis Ayala soti Meksik. Li fèt tou soud e li vin avèg lè l te gen 29 an. Gade ki jan reyinyon yo enpòtan pou li e ki sa k te ede l vin yon bon anseyan Labib.

Labib — Tradiksyon monn nouvo a an bray

Apati 1ye me 2025, gen edisyon an bray nan vèsyon Bib sa a, ki fasil pou moun li, ki disponib nan lang sa yo:

Alman

Anglè

Chichewa

Espayòl

Fransè

Grèk

Ikrényen

Italyen

Japonè

Jòjyen

Koreyen

Olandè

Ongwa

Pòtigè (Brezil)

Ris

a Pwoblèm vizyon grav la fè referans ak yon pwoblèm vizyon ki pa ka trete e ki afekte aktivite moun nan ap mennen chak jou. Nan atik sa a, nou sèvi ak mo “avèg” la pou n pale de moun ki pa wè ditou ak moun ki gen pwoblèm vizyon grav.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?”

c Mande yo montre w ki jan yo fè etid Labib gratis la.

d Aparèy elektwonik pou pran nòt yo se yon seri aparèy pòtab ki afiche mesaj an bray sou yon ekran pou ede moun ki avèg yo li, oswa ki gen yon vwa otomatik ki li mesaj yo e genyen ki fè toude. Sou ekran aparèy k ap afiche mesaj an bray yo gen yon seri ti pwen k ap monte e k ap desann pou fòme karaktè an bray yo. Lè yon moun gen aparèy elektwonik sa a, sa vin fè li pa bezwen gen yon pakèt liv papye an bray.

e Lektè ekran yo ak aparèy ki li liv elektwonik awotvwa yo rive fè sa grasa vwa otomatik ki li mesaj yo oswa grasa anrejistreman odyo ki te deja la. Teknoloji sa yo pèmèt moun k ap itilize aparèy sa yo ale egzakteman kote yo bezwen nan yon piblikasyon.

f Odyo deskripsyon se pawòl yo ajoute nan yon videyo e yo di awotvwa pou esplike sa k ap pase sou ekran an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje