BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hdu atik 30
  • Nou pran swen Sal Wayòm nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou pran swen Sal Wayòm nou yo
  • Fason n itilize ofrann nou yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan yo òganize pou fè antretyen Sal Wayòm yo?
  • Fason yo fè depans yo
  • Pi gwo pwojè mentnans
  • Mentnans ki bay Jewova glwa
  • Ki jan w kapab bay èd ou?
  • Se kay kote nou adore
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Lokal kote nou adore Bondye
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Annou pran swen lokal kote nou adore Bondye yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Fason n itilize ofrann nou yo
hdu atik 30
Yon frè ki sou yon chafo, k ap retire fèy nan goutyè yon Sal Wayòm.

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Nou pran swen Sal Wayòm nou yo

1ye AVRIL 2024

Men sa Nicole, yon jèn sè nan peyi Kolonbi, di:“Mwen renmen Sal Wayòm kote m asiste reyinyon an, paske se la mwen ka ansanm ak frè ak sè espirityèl mwen yo.” Èske w santi w konsa tou?

Toupatou nan monn nan, Temwen Jewova yo reyini nan anviwon 63 000 Sal Wayòm. Lokal sa yo pèmèt nou adore Bondye yon kote ki konfòtab. Men, Sal Wayòm yo plis pase sa. David, yon pyonye pèmanan k ap viv Kolonbi, di: “Sal Wayòm nou yo fè ansèyman nou an pi bèl. Anpil moun ki vin vizite nou sezi wè fason nou kenbe lokal nou yo an bon eta.” Se pa konsa sa annik rete l fèt. Nou fè anpil efò pou n netwaye e pou n fè antretyen nan Sal Wayòm yo. Ki jan nou rive fè sa?

Ki jan yo òganize pou fè antretyen Sal Wayòm yo?

Kongregasyon ki reyini nan yon Sal Wayòm responsab pou yo fè antretyen ladan l. Se sa k fè, frè ak sè yo fè netwayaj ladan l regilyèman. Epitou, yo fè mentnans ak ti reparasyon ladan l lè sa nesesè.

Pou ede kongregasyon yo fè mentnans nan Sal Wayòm yo, Biwo lokal plan ak konstriksyon (LDC) asiyen kèk frè pou bay fòmasyon nan antretyen. Chak fòmatè gen ant sis ak dis Sal Wayòm sou kont li. Li vizite yo e li bay pwoklamatè yo fòmasyon sou fason pou yo pran swen Sal la. Chak twazan, li fè evalyasyon chak lokal pou l wè si pa gen anyen ki reprezante yon danje oswa ki bezwen repare.

Yon fòmatè antretyen k ap pale ak frè ak sè yo nan yon Sal Wayòm.

Fòmatè antretyen Sal Wayòm yo ede nou kenbe Sal Wayòm nou yo nan bon eta

Frè ak sè yo gen rekonesans pou fòmasyon sa a yo jwenn nan men fòmatè yo. Men sa Indhumathi, yon sè nan peyi Lend, di: “Fòmasyon an te enteresan anpil. Se te yon plezi pou nou aprann ki jan pou n kenbe Sal nou an nan bon kondisyon.” Evans, yon frè nan peyi Kenya, di: “Nou te aprann ki jan pou nou fè ekonomi lè nou fè ti reparasyon ki nesesè yo anvan bagay yo vin pi mal.”

Fason yo fè depans yo

Pou itilize yon Sal Wayòm epi fè mentnans ladan l, selon kote Sal la ye, selon kantite tan l genyen depi yo te bati l ak kantite kongregasyon k ap sèvi avè l, yo ka bezwen depanse ant plizyè santèn ak plizyè milye dolaa. Ki kote nou jwenn kòb pou fè depans sa yo?

Se ofrann volontè ki pèmèt yo fè depans pou antretyen Sal Wayòm yo. Men sa Alexander, yon frè k ap viv Kazakstan, esplike: “Yo sèvi ak yon pati nan ofrann yo pou peye Entènèt ak lòt bagay yo bezwen, tankou dlo ak kouran. Yon lòt pati pou achte materyèl y ap sèvi yo tankou papye twalèt, gan, pwodui pou netwayaj ak penti.” Yo itilize yon kantite lajan tou pou ede lè gen pi gwo depans ki pou fèt pou pi gwo pwojè mentnans lòt kote sou tè a.

Pi gwo pwojè mentnans

Si kantite lajan mentnans yon Sal Wayòm depase kantite yo konn depanse pandan de oswa twa mwa, ansyen yo ap kontakte fòmatè antretyen LDC a. Si LDC apwouve pwojè a, kòb la soti nan fon ofrann pou travay mondyal la. Pandan ane sèvis 2023 a, te gen 8 793 nan pwojè sa yo ki te fèt, Yo te koute 76.6 milyon dola. Ann pran egzanp de nan pwojè sa yo.

Nan peyi Angola, gen yon Sal Wayòm ki te gen 15 an depi l fèt ki te gen anpil reparasyon pou yo fè. Yo te dwe ranplase sistèm kouran an, mi yo te fann, e vwazen yo te fè konnen dlo ki te sot nan Sal la te anvayi kay yo. Biwo LDC te òganize yon pwojè pou l fè tout reparasyon sa yo. Pwojè a te koute 9 285 dola. Vwazen yo te kontan e yo te sezi wè fason frè yo te fè travay la.

Sal Wayòm ki repare ann Angola

Nan peyi Polòy, twati yon Sal Wayòm te koule e kapèt la te tèlman gate li pa t ka repare. Biwo LDC te apwouve yon pwojè pou repare twati a pou anpeche l koule ankò epi yo te ranplase kapèt la. Pwojè a te koute 9 757 dola. Kòm rezilta, y ap fè plizyè ane san yo pa bezwen fè gwo reparasyon nan Sal sa a ankò.

Foto: 1. De frè ki nan yon aparèy pou fè moun rive nan kote ki wo k ap lave anlè twati yon Sal. 2. Nan menm Sal Wayòm nan, frè yo k ap retire yon kapèt ki pa bon ankò.

Sal Wayòm k ap repare nan Polòy

Mentnans ki bay Jewova glwa

Mentnans pa pèmèt yo byen sèvi ak don yo sèlman, men li pèmèt Jewova jwenn glwa tou. Men sa Shaun, yon frè nan Tonga, di: “Akoz travay mentnans lan, nou kapab adore Jewova yon kote ki pwòp, ki annòd, e nan yon Sal wayòm k ap byen fonksyone. Sa fè moun ki nan zòn nan panse an byen de Jewova. Nou santi nou fyè pou nou envite moun vin nan Sal la.”

Ki jan w kapab bay èd ou?

Nou tout kapab ede netwaye ak fè mentnans kote n ap adore Jewova a. Marino, yon fòmatè antretyen ann Ostrali, di: “Nou tout kapab patisipe nan pran swen Sal Wayòm nou yo, sa ki se yon bèl privilèj. Lè n fè sa, nou fè yon bagay ki enpòtan anpil pou ede byen itilize ofrann ki fèt yo pou yo ka sèvi avèk yo kote ki gen bezwen toutbonvre.”

Joel, yon frè nan peyi Lend, kontan patisipe nan antretyen Sal Wayòm kote l ye a. Men sa li di: “Travay ansanm ak frè ak sè m yo ede m imajine ki jan sa pral ye nan monn nouvo a.” Nicole, nou te pale de li anvan an, di: “Dènyèman an, m te pase mòp atè a pandan frè yo t ap repare douch la ki t ap bay dlo. Menm lè se pa mwen ki te fè reparasyon an, men m te ede pou evite yon aksidan.”

Si w ta renmen bay èd pa w nan fè antretyen Sal Wayòm kote w ye a, pale sa ak ansyen nan kongregasyon w. Mete sou sa, ofrann ou bay yo ede nan mentnans Sal Wayòm kote w ye a sèlman, men tou li ede nan mentnans Sal Wayòm ki sou tout tè a. Ou kapab fè ofrann sa yo dirèkteman nan bwat ki nan kongregasyon w lan oswa sou donate.jw.org. Nou vrèman apresye lefètke nou renmen bay!

Frè ak sè k ap fè gwo netwayaj nan yon Sal Wayòm pandan yon lòt frè ap repare youn nan chèz yo.

Nou tout kapab ede nan pran swen Sal Wayòm nou yo

a Dola y ap pale nan atik sa a se dola ameriken.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje