FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Travay sekou lè te gen katastwòf an 2022 — lanmou frè ak sè yo te parèt klè
1ye JANVYE 2023
Bib la te anonse nan epòk nou an t ap gen lagè, tranblemanntè, epidemi ak lòt ‘bagay ki fè moun pè’. (Lik 21:10, 11.) Pwofesi sa yo kontinye ap reyalize pandan ane sèvis 2022 aa. Pa egzanp, lagè nan peyi Ikrèn ap kontinye fè ravaj e li afekte lavi plizyè milyon moun. Pifò peyi nan monn nan te fèk kòmanse ap reprann yo anba pandemi COVID-19 la. Mete sou sa, gen yon gen yon pil ak yon pakèt moun ki te viktim anba katastwòf natirèl, tankou tranblemanntè ki te pase ann Ayiti a ak tanpèt ki te fè anpil dega ki te pase nan Amerik santral, nan Filipin ak nan zòn sidès Afrik. Ki jan Temwen Jewova yo te pote moun ki te viktim yo sekou?
Pandan ane sèvis 2022 a, òganizasyon nou an te pote sekou bay moun ki te viktim nan apeprè 200 katastwòf. Antou, nou te depanse prèske 12 milyon dola pou n pote moun yo sekoub. Ann pale sou fason n te sèvi ak ofrann nou yo pou n te pote sekou bay moun ki te viktim nan de katastwòf.
Tranblemanntè ann Ayiti
Nan dat 14 out 2021, yon tranblemanntè mayitid 7.2 te souke zòn sid Ayiti. Nou regrèt sa, te gen twa Temwen ki te mouri: de sè ak yon frè nou. Moun ki te chape yo te gen pou yo lite anba tout dega fizik ak afektif tranblemanntè a kite. Yon frè ki rele Stephane di: “Nan tout vil la, te tèlman gen anpil moun ki mouri, donk, te gen plizyè antèman chak semèn, pandan plis pase de mwa.” Men sa yon lòt frè ki rele Éliézer di: “Anpil Temwen pa t gen ni kay, ni rad, ni soulye, ni sa ki nesesè pou yo viv. Pandan plizyè mwa, anpil moun te pè akoz lòt sekous ki te toujou genyen.”
Òganizasyon nou an te aji vit pou pote èd. Filyal Ayiti a te voye plis pase 53 tòn èd ki te gen ladan l manje, tant, prela, matla ak chajè pou telefòn ki itilize solèy la. Anplis de sa, pandan ane sèvis 2022 a, òganizasyon an te refè oswa repare plis pase 100 kay. Depans ki te fèt nan pote sekou a te depase plis pase yon milyon dola.
Y ap bay manje, Ayiti
Frè ak sè nou yo gen anpil rekonesans. Men sa Lorette di: “Tranblemanntè a te kraze kay nou an ak biznis nou an nèt. Nou pa t gen anyen pou n manje. Men, òganizasyon Jewova te kanpe avèk nou. Li fè n jwenn tout sa n gen bezwen.” Men sa Micheline li menm di: “Tranblemanntè a kraze kay kote mwen menm ak de pitit gason m yo t ap viv la. M pa t konn lòt bagay pou m te fè, sof priye Jewova pou mande l ede m. Jewova te reponn mwen pa mwayen òganizasyon l lan. Kounye a, nou gen yon kay byen solid pou n viv. Mwen detèmine pou m fè tout sa m kapab pou m montre Jewova rekonesans mwen genyen.”
Otorite yo te remake tout efò nou t ap fè pou n pote sekou bay viktim yo. Men sa direktè meri vil Lazil la te di: “Mwen felisite nou pou jan nou te kouri vin pote èd bay viktim yo. M fè nou konpliman pou gwo respè nou montre pou otorite yo. E sa fè m kontan dèske se pa lajan nou vle fè. Men, se moun yo nou vle ede. Se lanmou ki pouse n aji.”
Siklòn Ana frape Malawi ak Mozanbik
Jou ki te 24 janvye 2022 a, siklòn Ana te frape Mozanbik, apre sa, li pran direksyon wès pou l al frape Malawi. Siklòn nan te vini ak gwo lapli ak gwo van ki t ap soufle jiska 100 kilomèt (62 mayl) alè. Li te kase anpil fil kouran, li te kraze plizyè pon, epi l te lakòz gwo inondasyon.
Siklòn nan te afekte plis pase 30 000 Temwen nan peyi Malawi ak nan peyi Mozanbik. Men sa Charles, yon frè ki te patisipe nan travay pote sekou a di: “Lè m te wè jan frè ak sè yo pèdi tout sa yo te genyen ak jan yo t ap soufri, sa te fè m tris anpil e m te santi m pa t ka fè anyen.” Sa k te vin fè sitiyasyon vin pi mal, siklòn nan te ale ak tout pwovizyon yo te gen lakay yo ak jaden yo. Anpil nan yo te pèdi kay yo. Malerezman, gen yon frè ki te pèdi madanm li ak de jèn pitit fi l. Yo toule twa te neye lè bato ki te vin pote yo sekou a te chavire.
Kay yon mari ak madanm ki te kraze, Mozanbik
Kay la ki rekonstwi
Siklòn nan te fè moun pè. A inè nan maten, fanmi Sengeredo k ap viv nan Nchalo nan peyi Malawi te tande bri dlo yo k ap desann. Sa te bay laperèz. Gen de rivyè ki te desann. Frè Sengeredo te deside pou yo kite kay la. Se te yon bon desizyon paske yon ti tan apre, inondasyon an te kraze kay la. Fanmi an te deside yo pral nan Sal Wayòm nan. Nan tan nòmal, yo konn pran 30 minit ap mache pou rive nan Sal la. Sepandan, fwa sa, sa te pran yo dezèdtan. Lè yo te rive yo te fatige, yo te mouye tranp men yo te rive sennesòf.
San pèdi tan filyal Malawi ak Mozanbik la te kòmanse planifye pou pote sekou bay viktim yo. Yo te ankouraje siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo pou yo evalye sa frè ak sè ki viktim yo gen bezwen epi fè efò pou ba yo èd nan domèn espirityèl. Plizyè komite sekou (KS) te gen responsablite pou yo sipèvize travay pote sekou a. Komite yo te kòmanse ede frè ak sè yo jwenn manje ak lòt pwodui yo te bezwen pou yo viv. Yo te depanse plis pase 33 000 dola pou pote èd pou moun yo. Te gen plis pase 300 000 dola ki te depanse pou repare oswa refè kay yo.
KS yo te byen itilize lajan yo, e sa te gen anpil valè paske lavi a te chè anpil. Pa egzanp, pandan sèt premye mwa yo t ap pote sekou yo, pri mayi moulen, ki se youn nan manje moun yo plis manje nan peyi Malawi, te ogmante anviwon 70 pousan. Pri gaz te ogmante tou. Pou lajan an te ka byen depanse, frè yo te achte manje ak materyo konstriksyon nan zòn nan epi yo te achte an gran kantite. Sa te fè yo jwenn rabè, epi yo pa t peye anpil kòb pou transpò.
Pèp Jewova te montre yo gen anpil rekonesans pou travay pote sekou a. Felisberto, yon frè kap viv nan peyi Mozanbik, di: “M poko janm wè yon òganizasyon ki ede moun jan nou fè sa: materyo konstriksyon, transpò, volontè pou konstwi, manje ak konsèy ki gen lanmou. Travay pote sekou sa a se prèv lanmou Jezi te pale de li nan Jan 13:34, 35 lan. Se yon egzanp ki pa gen parèy.” Ester, yon sè mari l mouri nan peyi Malawi, e ki te gen kay li ki kraze, di: “M te pèdi tout espwa paske m pa t gen lajan pou m te konstwi yon lòt kay. Konsa, lè frè yo te vini epi yo bati youn pou mwen, m te santi se kòmsi se nan Paradi a m ye.”
Tank n ap pwoche pi pre monn nouvo a, nou atann nou ap gen plis katastwòf (Matye 24:7, 8). Men, nou di nou mèsi pou ofrann nou yo ki montre jan n renmen bay, e nou sèten pèp Jewova a ap rive jwenn sekou yo gen bezwen. Yo esplike ki jan nou ka fè ofrann nou yo sou donate.jw.org. Mèsi dèske nou renmen bay!
a Ane sèvis 2022 a te kòmanse 1ye septanm 2021 pou l fini 1ye out 2022.
b Tout dola yo pale nan atik sa a se dola ameriken.