BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 154
  • Èske Bib la anseye tè a plat?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la anseye tè a plat?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa ekspresyon “kat kwen tè a” vle di nan Bib la?
  • Ki sa nou ka di sou òf Dyab la te fè Jezi a?
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Leson nou ka tire nan tantasyon Jezi yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sa n aprann nan fason Jezi te fè fas ak tantasyon
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dyab la teste Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 154
Tè a tankou yon disk ki plat

Èske Bib la anseye tè a plat?

Repons Bib la bay

Non, Bib la pa anseye tè a plat.a Bib la pa yon liv lasyans. Anmenmtan tou, pa gen anyen ki nan Bib la ki kontrè ak sa lasyans toutbon an di. Tout sa Bib la di yo se bagay n “ap toujou ka fè yo konfyans, ni jodi a, ni pou toutan”. — Sòm 111:8.

  • Ki sa ekspresyon “kat kwen tè a” vle di nan Bib la?

  • Ki sa nou ka di sou òf Dyab la te fè Jezi a?

Ki sa ekspresyon “kat kwen tè a” vle di nan Bib la?

Yo pa sèvi ak ekspresyon “kat kwen tè a” ak “dènye bout tè a” nan Bib la yon fason literal, kòmkwa tè a gen fòm kare oswa li rive nan yon bout (Ezayi 11:12; Jòb 37:3). Okontrè, lè Bib la itilize ekspresyon sa yo se pou l pale de tout tè a nèt, menm jan l konn pale de kat pwen kadino yo. — Lik 13:29.

Mo ebre yo lè yo tradui l yo mete “kwen” oswa “dènye bout” pou li a sanble se yon ekspresyon ki gen rapò ak mo “zèl”. Men sa yon ansiklopedi di sou sa: “Piske zwazo a konn sèvi ak zèl li pou l kouvri pitit li, [mo ebre sa a] vin gen sans dènye bout yon bagay yo detire.” ​(The International Standard Bible Encyclopedia). Menm referans lan fè konnen nan Jòb 37:3 ak Ezayi 11:12 “mo sa a vle di kot, fwontyè oswa dènye bout tè a”.b

Ki sa nou ka di sou òf Dyab la te fè Jezi a?

Lè Dyab la t ap tante Jezi a, “[li] mennen l sou yon mòn ki wo anpil. Li montre l tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”. (Matye 4:8.) Gen moun ki fè konnen nan istwa sa a Bib la anseye ou ka kanpe yon sèl kote epi w gade tout tè a ki plat nèt. Sepandan, ekspresyon “mòn ki wo anpil” la ki nan istwa a pa gen rapò ak yon mòn nan sans literal, sanble se tankou yon konparezon yo itilize l. Ann wè bonjan rezon ki fè nou di sa.

  • Pa gen okenn mòn sou tè a lè w kanpe sou li, w ap ka wè tout wayòm ki nan monn nan.

  • Dyab la pa t sèlman montre Jezi wayòm yo, li te montre l tou “glwa ki ladan yo”. Kèlkeswa kote yon moun kanpe, li pa t ap janm ka rive wè tout bagay sa yo, donk, ta sanble Dyab la te fè Jezi wè yo nan yon vizyon. Se kòmsi yon moun ta sèvi ak yon pwojektè ansanm ak yon ekran pou l fè wè foto divès kote sou tè a.

  • Nan istwa pa Evanjil Lik la kote l ap rakonte sa Evanjil Matye a rakonte a, nan Lik 4:5, li di Dyab la montre Jezi “tout wayòm ki nan monn nan yon ti moman”. Se yon bagay ki pa t ap posib pou yon moun sou tè a rive wè tout tè a ak je l nan yon ti tan. Donk, sa montre Dyab la te tante Jezi ak yon mwayen moun pa ka wè ak je yo toutbonvre.

a Bib la pale de Bondye antanke Sila a “ki abite anlè boul tè a”. (Ezayi 40:22.) Gen kèk referans ki dakò ak ide mo “boul” la kapab vle di yon bagay ki won, byenke se pa tout biblis yo ki dakò ak sa. Nan okenn fason, Bib la pa dakò ak pwennvi ki fè kwè tè a plat la.

b Edisyon revize, volim 2, paj 4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje