Vyèj Mari — Ki sa Bib la di sou li?
Repons Bib la bay
Bib la di Mari, manman Jezi, te gen privilèj espesyal pou l te ansent e pou l te fè Jezi pandan l te vyèj. Bib la te pwofetize mirak sa a nan liv Ezayi a e Evanjil Matye ak Evanjil Lik la rakonte jan sa te reyalize.
Nan yon pwofesi konsènan nesans Jezi, Ezayi te anonse: “Gade! Jèn fi a ap vin ansent, l ap fè yon pitit gason e l ap rele l Emànyèl.” (Ezayi 7:14). Anba enspirasyon Bondye, nan Evanjil Matye te ekri a, Matye te aplike pwofesi Ezayi a sou Mari ki te vin manman Jezi. Lè Matye fin pale sou mirak Bondye te fè pou Mari te vin ansent, li te ajoute: “Tout bagay sa yo te rive, yon fason pou sa Jewova te di pa mwayen pwofèt li a te ka reyalize. Men sa l te di: ‘Gade! Jèn fi vyèja la ap vin ansent, l ap fè yon pitit gason, e y ap rele l Emànyèl.’ Non sa a vle di: ‘Bondye avèk nou.’” — Matye 1:22, 23.
Nan Evanjil Lik te ekri a, li menm tou li rakonte jan Mari te vin ansent pa mwayen yon mirak. Li te ekri Bondye te voye zanj Gabriyèl “kot yon jèn fi vyèj ki te fiyanse ak yon mesye yo te rele Jozèf, ki se desandan David. Jèn fi vyèj la te rele Mari”. (Lik 1:26, 27.) Mari te konfime li te vyèj. Lè Mari te fin tande se li ki pral vin manman Jezi, Mesi a, li te mande: “Kòman sa ap fè rive, piske mwen pa gen relasyon seksyèl ak okenn gason?” — Lik 1:34.
Ki jan yon fi vyèj te ka fè rive ansent?
Mari te rive ansent pa mwayen lespri sen, ki se fòs Bondye k ap aji (Matye 1:18). Zanj lan te di Mari: “Lespri sen ap vin sou ou e pisans Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ap kouvri w. Se pou rezon sa a, y ap rele timoun k ap fèt la sen e y ap rele l Pitit Bondye.”b (Lik 1:35). Pa mwayen yon mirak, Bondye te transfere lavi Pitit Gason l lan nan vant Mari, konsa, Mari te vin ansent.
Poukisa se yon fi vyèj ki te dwe fè Jezi?
Bondye te fè se yon fi vyèj ki fè Jezi yon fason pou l te ka bay Jezi yon kò antanke yon moun pafè sou tè a pou Jezi te ka sove limanite anba peche ak lanmò (Jan 3:16; Ebre 10:5). Bondye te transfere lavi Jezi nan vant Mari. Annapre, se sèten lespri sen Bondye te pwoteje timoun nan pandan l t ap devople nan vant manman l pou l te ka pa pran okenn enpèfeksyon. — Lik 1:35.
Donk, Jezi te vin fèt kòm antanke moun pafè, menm jan Adan te ye anvan l te vin peche a. Bib la di konsènan Jezi: “Li pa t fè peche.” (1 Pyè 2:22). Antanke moun pafè, Jezi te kapab peye ranson an pou l rachte limanite anba lanmò. — 1 Korentyen 15:21, 22; 1 Timote 2:5, 6.
Èske Mari te rete vyèj?
Bib la pa anseye Mari te rete vyèj, kòmkwa li ta rete vyèj pandan tout vi l. Okontrè, li montre Mari te gen lòt pitit. — Matye 12:46; Mak 6:3; Lik 2:7; Jan 7:5.
Bib la anseye Jezi te gen plizyè frè ak sè
Èske “Imakile Konsepsyon” an fè referans ak mirak nesans Jezi a?
Non. Selon yon liv (New Catholic Encyclopedia), doktrin Imakile Konsepsyon an “gen rapò ak kwayans nan vyèj Mari kòm yon moun ki pa t eritye PECHE ORIJINÈL la depi nan kòmansman lavi l, sa vle di depi lè l te nan vant manman l. Tout lòt moun ki sou tè a eritye peche [...] Men Mari, akoz yon GRAS espesyal, Bondye te pwoteje l pou l pa t eritye peche Adan an.”c
Sepandan, pa gen okenn kote nan Bib la yo anseye Mari pa t eritye peche Adan an (Sòm 51:5; Women 5:12). Depreferans, Mari te bay prèv li se pechè lè l te prezante sakrifis pou rekonsilyasyon an, jan Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande manman yo (Levitik 12:2-8; Lik 2:21-24). Liv la (New Catholic Encyclopedia) di: “Bib la pa anseye aklè doktrin Imakile Konsepsyon an [...] Se Legliz ki panse l nan fason sa a.”
Ki jan nou dwe konsidere Mari?
Mari se yon bèl egzanp moun ki te gen kalite tankou lafwa, obeyisans, imilite ak yon lanmou pwofon pou Bondye. Li pami moun fidèl nou dwe imite. — Ebre 6:12.
Epoutan, byenke Mari te jwe yon wòl espesyal antanke manman Jezi, Bib la pa anseye pou n adore Mari. Jezi pa t mete manman l apa pou yon onè espesyal, ni li pa t mande disip li yo pou yo fè sa. Anfèt, se nan Evanji yo ak yon sèl fwa nan liv Travay la yo pale de Mari, yo pa pale de li ankò nan okenn nan 22 lòt liv yo ki nan pati nan Bib la yo konn rele Nouvo Testaman an. — Travay 1:14.
Bib la pa gen okenn prèv ladan l ki ta montre premye kretyen yo te bay Mari yon atansyon espesyal, ale wè pou yo ta adore l. Okontrè, Bib la anseye kretyen yo pou yo adore Bondye sèlman. — Matye 4:10.
a Mo ebre yo lè yo tradui l ki bay “jèn fi” nan pwofesi Ezayi a se mo ʽalma, e mo sa a ka vle di yon fi vyèj, li ka vle di tou yon fi ka pa vyèj. Sepandan, anba enspirasyon Bondye, Matye itilize yon mo grèk ki pi presi ki se patenos, ki vle di “fi vyèj”.
b Gen kèk moun ki pa dakò lè Bib la itilize ekspresyon “Pitit Bondye” a, paske yo kwè sa vle di kòmsi Bondye te gen relasyon seksyèl ak yon fi. Sepandan, Bib la pa anseye yon bagay konsa. Depreferans, Bib la rele Jezi “Pitit Gason Bondye” e Bib la di “se [Jezi] ki fèt an premye nan tout kreyasyon an” paske Jezi se premye kreyasyon Bondye e se li menm sèlman Jewova te kreye dirèkteman (Kolosyen 1:13-15). Bib la pale tou de premye gason an, Adan, kòm “pitit Bondye”. (Lik 3:38.) Rezon an se paske se Bondye ki te kreye Adan.
c Dezyèm edisyon, volim 7, paj 331.