KESYON JÈN YO KONN POZE
Èske m ta dwe sanble ak timesye ki parèt nan fim yo? — 2yèm pati: Pou timesye yo
Ki jan timesye ki parèt nan fim yo ye?
Gade ekspresyon ki apre yo, epi reponn kesyon ki pi ba yo.
Kolòn 1 |
Kolòn 2 |
|---|---|
Rebèl |
Respekte moun |
Egoyis |
Fidèl |
Pa gen kè sansib |
Mete w nan plas moun |
Parese |
Renmen travay |
Pa responsab |
Responsab |
Ipokrit |
Onèt |
Ki ekspresyon ki plis mache ak timesye ki adolesan nou konn wè nan medya yo (sa gen ladan l fim, televizyon, ak reklam)?
Kilès nan ekspresyon sa yo ki plis mache ak fason ou ta renmen pou yo konnen w?
Petèt, repons ou bay pou premye kesyon an soti nan kolòn 1 e repons ou bay pou dezyèm kesyon an soti nan kolòn 2. Si se sa, se yon bon bagay. Poukisa? Petèt, se paske fason medya yo prezante gason pa reflete moun ou ye toutbon an, oswa moun ou ta renmen ye a. Ann wè sa k fè n di sa.
Souvan, medya yo prezante gason kòm moun ki vyolan e ki rebèl. Gen yon liv referans (Why Boys Don’t Talk — and Why It Matters) ki fè konnen pifò gason ki parèt popilè nan televizyon, nan fim ak nan spò yo se “gason ki gen anpil fòs fizik e ki vyolan anpil. [...] Mesaj yo bay la sèke pou moun aksepte gason yo, gason yo pa dwe gen kè sansib e yo dwe rebèl”.
Fè yon ti reflechi: Bon, si w se yon moun ki vyolan, èske sa ap fè w vin yon pi bon zanmi, yon pi bon konpayon travay oswa yon pi bon mari? Lè yon bagay deranje w, ki sa k montre w gen plis fòs, lè w fè kòlè oswa lè w metrize tèt ou? Ki sa k t ap montre ou se yon gason toutbon?
Bib la di: “Moun ki pa fè kòlè fasil pi bon pase gason vanyan. Moun ki kontwole tèt yo pi bon pase yon moun ki pran yon vil.” — Pwovèb 16:32.
Depi w ka kontwole kòlè w, ou gen plis fòs pase yon gèrye
Medya yo prezante gason kòm moun ki toutan ap panse ak sèks. Chris ki gen 17 an di: “Nan fim yo ak nan televizyon, timesye yo chanje mennaj pi plis pase rad sou yo.” Gary ki gen 18 an ale pi lwen, li di: “Se sèks ki nan tèt timesye ki parèt nan medya yo. Pa egzanp, nan kèk fim, yo montre sèl objektif yon gason gen nan lavi l se fete, bwè bwason ki gen alkòl, epi fè sèks.”
Fè yon ti reflechi: Èske se kalite repitasyon sa a ou menm ou vle genyen? Èske yon gason toutbon ap trete fi tankou yon mwayen pou l satisfè dezi seksyèl li, oubyen èske l ap trete yo avèk respè?
Bib la di: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè, san l pa gen dezi seksyèl san kontwòl.” — 1 Tesalonisyen 4:4, 5.
Medya yo prezante gason kòm moun ki pa responsab. Nan anpil fim ak emisyon yo bay nan televizyon, yo souvan prezante timesye yo kòm moun ki parese e ki pa konpetan. Petèt, se sa k fè gen granmoun ki pa twò kwè nan kapasite timesye yo. Men sa Gary nou te pale de li pi wo a di: “Lè m te gen 16 an, li te difisil pou m jwenn travay paske se fi sèlman mèt biznis nan zòn mwen an te vle bay travay. Yo te santi tout timesye yo se moun ki pa responsab, oswa se moun yo pa ka fè konfyans!”
Fè yon ti reflechi: Èske li jis pou yo wè timesye adolesan yo kòm moun ki pa responsab e yo pa ka fè konfyans? Ki jan w ka montre ou diferan?
Bib la di: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an.” — 1 Timote 4:12.
Sa w dwe konnen
Medya yo ka gen gwo efè sou ou. Pa egzanp, medya yo ka fè w panse ou bezwen abiye ak rad ki alamòd pou w ka vin popilè. Men sa Colin ki gen 17 an di: “Piblisite yo montre ki jan gason yo dwe abiye e yo montre gen yon pakèt fi ki antoure yo. Sa fè yon moun anvi al chèche rad sa yo. Mwen te deja fè sa plizyè fwa!”
Fè yon ti reflechi: Èske fason ou abiye montre ki kalite moun ou ye toutbon, oswa ou jis ap fè sa lòt moun fè? Nan avantaj kiyès sa ye lè w toujou ap chèche gen rad ki pi alamòd yo?
Bib la di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a.” — Women 12:2.
Si w imite timesye ki parèt nan medya yo, sa ka fè ti medam yo mwens enterese avè w. Men sa kèk ladan yo di:
“Mwen t ap pi pito yon gason ki montre ki moun li ye toutbon nan plas yon gason ki pa gen konfyans nan tèt li e ki toujou ap chèche enpresyone moun. Franchman, yon gason ki toujou ap chèche enpresyone moun, sa ap fè moun pa pran l oserye!” — Anna.
“Moun k ap fè reklam yo fè kòmsi timesye yo dwe gen yon seri aparèy elektwonik oswa yon seri abiman pou ti medam yo ka wè yo. Epoutan, tank ti medam yo ap grandi, yo wè pi lwen pase sa. Olye de sa, yo wè kalite yon gason genyen ak fason l boule ak lòt moun. Pa egzanp, ti medam yo renmen lè timesye yo onèt e yo fidèl.” — Danielle.
“Byen souvan, bèl gason yo awogan, e mwen pa anvi ret bò kot moun konsa. Ou mèt te pi bèl gason ki gen nan monn nan, w ap parèt lèd si pèsonalite w pa mache ak aparans ou.” — Diana.
Fè yon ti reflechi: Anpalan de ti Samyèl, Bib la di li “te kontinye grandi, epi li te kontinye jwenn favè nan men Jewova ak nan men moun”. (1 Samyèl 2:26.) Ki kalite ou bezwen chèche genyen pou w ka vin gen yon repitasyon konsa?
Bib la di: “Mete gason sou nou.” — 1 Korentyen 16:13.
Sa w ka fè
Aprann poze tèt ou kesyon sou sa medya yo ap fè pwomosyon pou yo. Gade sa Bib la di: “Tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan.” — 1 Jan 2:16.
Medya yo pwofite dezi sa yo e yo prezante yo kòm dezi ki nòmal. Donk, aprann poze kesyon sou sa w wè. Byen souvan, se bagay moun k ap fè maketing yo envante pou yo ka fè lajan.
Deside pou tèt ou ki kalite moun ou ta renmen ye. Bib la di: “Abiye nou ak nouvo pèsonalite a, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la selon pòtre Sila a ki te kreye l la”, pa selon imaj medya yo prezante. — Kolosyen 3:10.
Pou w ka suiv konsèy sa a, fè yon ti reflechi sou kalite nou te pale de yo nan kòmansman atik sa a, kalite ou t ap renmen yo konnen w genyen. Sa w panse si w kòmanse chèche gen kalite sa yo depi kounye a oswa amelyore yo?
Chèche bon egzanp pou w imite. Bib la di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” (Pwovèb 13:20). Ki gason ou konnen ki montre yo gen sajès? Ou ka jwenn bon egzanp nan fanmi w, se kapab papa w oswa tonton w. Se kapab zanmi gason ki gen matirite, oswa moun ou konnen. Gen anpil gason nan kongregasyon Temwen Jewova yo ki bay bon egzanp. Bib la gen anpil bon egzanp ou ka imite tankou Tit ki kite yon bèl egzanp pou jèn yo. — Tit 2:6-8.
Konsèy: Itilize liv Annou imite lafwa yo a pou w aprann nan bèl egzanp kèk gason Bib la pale de yo tankou Abèl, Noye, Abram, Samyèl, Eli, Jonas, Jozèf ak Pyè.