KESYON JÈN YO KONN POZE
Èske m sanble ak ti medam ki parèt nan fim ak nan televizyon yo? — 1ye pati: Pou ti medam yo
Ki jan ti medam ki parèt nan fim ak nan televizyon yo ye?
Gade ekspresyon ki apre yo, epi reponn kesyon ki pi ba yo.
Kolòn 1 |
Kolòn 2 |
|---|---|
Pa gen matirite |
Responsab |
Rebèl |
Obeyisan |
Imoral |
Pwòp moralman |
Kwè nan aparans |
Entèlijan |
Tripòt |
Kenbe sekrè |
Ipokrit |
Onèt |
Ki ekspresyon ki plis mache ak ti medam ki adolesan nou konn wè nan fim, nan televizyon, oswa nan jounal yo?
Kilès nan ekspresyon sa yo ki plis mache ak fason ou ta renmen pou yo konnen w?
Petèt, repons ou bay pou premye kesyon an soti nan kolòn 1 e repons ou bay pou dezyèm kesyon an soti nan kolòn 2. Si se sa, sa vle di ou ta renmen vin yon pi bon moun pase ti medam adolesan ki parèt nan televizyon yo. Se pa sèl ou menm ki ta renmen sa! Sa k fè n di sa?
“Fim yo montre ti medam adolesan yo prèske toujou rebèl e yo gen move konpòtman. Se kòmsi yo pa ka fè nou youn konfyans, e nou fè eskandal pou tikrik tikrak.” — Erin.
“Ti medam adolesan ki nan fim ak nan televizyon yo toujou ap chèche atansyon lòt moun e tout sa k nan tèt yo se aparans, rad, popilarite ak tigason.” — Natalie.
“Li difisil pou w wè yon ti dam ki ‘popilè’ nan televizyon ki pap bwè bwason ki gen alkòl, ki pap kouche ak gason, e ki pap fè rebèl ak paran l. Lè yon ti dam pa fè bagay sa yo, yo di li se yon fanatik legliz oswa yon moun ki toujou choke lè y ap pale de sèks.” — Maria.
Mande tèt ou: ‘Èske abiman m, konduit mwen ak pawòl mwen montre kiyès mwen ye toutbon, oubyen mwen jis ap imite ti medam mwen wè nan fim ak nan televizyon yo?’
Sa w dwe konnen
Anpil moun ki panse y ap kreye pwòp pèsonalite yo jis ap imite moun yo wè nan fim ak nan televizyon. Men sa Karen, yon jèn dam di: “Se konsa m wè ti sè m nan ye. Li pran pòz sèl sa k enterese l se rad ak tigason. Li entèlijan, e m konnen li gen lòt bagay ki enterese l, men, li pran pòz egare l paske l panse se sèl fason l ap sanble ak ‘tout lòt ti medam yo’. Li gen sèlman 12 an!”
Bib la di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a.” — Women 12:2.
Se pa tout ti medam yo ki ta renmen sanble ak ti medam nan fim ak nan tele yo. Men sa Alexis ki gen 15 an di: “Nan medya yo, yo montre ti medam yo se moun ki wè tèt yo sèlman, ki pa reflechi, e ki pa aji avèk matirite. Men, mwen panse pifò nan nou gen bonsans. Nou enterese nan lòt bagay nan lavi a olye n chita ap panse ak bèl tigason.”
Bib la di: “Moun ki gen matirite [...] rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — Ebre 5:14.
Se gwo konpayi yo ki jwenn avantaj lè w imite ti medam ki nan fim ak nan televizyon yo. Lè gwo konpayi yo wè tout lajan yo ka fè, tankou konpayi ki nan domèn liv, lamòd, teknoloji ak divètisman, yo kòmanse vize jèn yo anvan yo vin adolesan. Gen yon liv ki fè konnen: “Moun k ap fè reklam yo fè konprann si yon ti jèn pa gen dènye modèl rad, bijou, makiyaj ak aparèy elektwonik, li pap popilè. Yo bonbade ti jèn yo ak imaj oswa reklam ki gen rapò ak sèks anvan menm yo konn sa sèks ye.” (12 Going on 29).
Bib la di: “Tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan.” — 1 Jan 2:16.
Fè yon ti reflechi: Kiyès ki jwenn plis avantaj lè w ap enkyete w twòp pou mak rad ki pi alamòd yo? Nan avantaj kiyès sa ye si w santi w oblije gen dènye mak selilè a pou lòt jèn ka konnen w? Ki sa k plis enterese moun k ap fè maketing yo, byennèt pa w oswa enterè pa yo?
Sa w ka fè
Aprann poze tèt ou kesyon sou sa medya yo ap fè pwomosyon pou yo. Tank w ap grandi, w ap vin gen kapasite pou w wè pi lwen pase sa je w ba w. Itilize kapasite ou genyen pou w reflechi a pou w wè efè medya yo kapab gen sou ou. Men sa Alana ki gen 14 an di: “An jeneral, ti medam nou wè nan televizyon yo gen plis makiyaj sou yo pase rad, men, anpil ti jèn pa rann yo kont sa pa fè yo pi bèl, okontrè, sa fè yo parèt tankou moun ki dezespere.”
Deside pou tèt ou ki kalite moun ou ta renmen ye. Pa egzanp, reflechi sou kalite ou te wè nan kòmansman atik sa a, kalite ou ta renmen moun konnen ou genyen. Sa w panse si kòmanse fè efò swa pou w genyen yo oswa pou w amelyore yo? Bib la di: “Abiye nou ak nouvo pèsonalite a, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la selon pòtre Sila a ki te kreye l la.” Men, Bib la pa di pou n fè sa selon imaj moun k ap fè reklam yo kreye yo. — Kolosyen 3:10.
Chèche bon egzanp pou w imite. Ou ka jwenn bon egzanp nan fanmi w, se kapab manman w oswa matant ou. Se kapab zanmi fi ki gen matirite, oswa moun ou konnen. Epi, gen anpil medam nan kongregasyon Temwen Jewova yo ki bay bon egzanp. — Tit 2:3-5.
Konsèy: Itilize liv Annou imite lafwa yo a pou w aprann nan bèl egzanp kèk medam Bib la pale de yo bay, tankou Rit, Ana, Abigayil, Estè, Mari ak Mat. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv Annou imite lafwa yo a e li disponib sou www.jw.org.