Ki sa k ap ede w konprann Bib la?
Repons Bib la bay
Bib la eksplike n anpil bagy nou kapab fè pou nou ka konprann li. Kèlkeswa nivo edikasyon nou, Pawòl Bondye a, ki nan Bib la “pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi” — Detewonòm 30:11.
Men kèk konsèy k ap ede w konprann Bib la
Chèche gen yon bon atitid. Aksepte Bib la kòm Pawòl Bondye. Montre w gen imilite, paske Bondye opoze ak moun ki gen ògèy. (1 Tesalonisyen 2:13; Jak 4:6) Sepandan, ou dwe evite kwè san w pa gen prèv, paske Bondye vle n sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a. — Women 12:1, 2.
Priye Bondye pou w mande l sajès. Pwovèb 3:5 di: “pinga w konte sou entèlijans ou”. Olye de sa, se pou w “kontinye mande Bondye” sajès pou w ka konprann Bib la. — Jak 1:5.
Etidye l regilyèman. Si w etidye Bib la regilyèman olye w fè sa yon lè konsa, sa ap ede w pi plis toujou. — Jozye 1:8.
Etidye l sijè pa sijè. Pi bon fason w kapab aprann sa Bib la anseye, se lè w etidye l sijè pa sijè, epi w egzamine l pou w wè sa l di sou yon pwen oswa yon sijè an patikilye. Anfèt, kòmanse depi nan “ansèyman de baz yo,” epi “avanse pou w pran ansèyman ki pi djanm (oswa ki pi avanse).” (Ebre 6:1, 2, Easy-to-Read Version). Konsa, w ap wè jan w kapab konpare yon vèsè ak yon lòt e w ap ka wè fason kèk pati nan Bib la eksplike lòt pati, menm sa ki “difisil pou moun konprann.” — 2 Pyè 3:16.
Chèche èd nan men lòt moun. Bib la ankouraje n aksepte èd lòt moun ki konprann Bib la ap ban nou. (Travay 8:30, 31). Temwen Jewova yo ofri tout moun ki vle yon etid Labib gratis. Menm jan ak kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo, yo sèvi ak pasaj nan ekriti yo pou yo ede moun yo konprann sa Bib la anseye toutbonvre. — Travay 17:2, 3.
Kèk bagay ou pap bezwen genyen
Anpil entèlijans oswa gwo etid. Nonsèlman 12 apot Jezi yo te konprann ekriti yo, men tou yo te konn anseye lòt moun yo , byenke gen moun ki te wè yo kòm moun ki “pa t fè gwo etid e ki pa t nan gwo pozisyon.” — Travay 4:13.
Lajan. Ou ka aprann sa Bib la anseye gratis. Jezi te di disip li yo: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Matye 10:8.