Ki sa Bib la di konsènan pran san?
Repons Bib la bay
Bib la ban nou lòd pou n pa manje san. Donk, nou pa dwe aksepte ni san okonplè, ni okenn nan pati prensipal li genyen yo sou kèlkeswa fòm nan. Sa vle di nou pa dwe ni manje san, ni pran san. Ann konsidere vèsè ki vin apre yo:
Jenèz 9:4. Apre delij la, Bondye te pèmèt Noye ak fanmi l manje vyann bèt pami bagay yo t ap manje yo, men li te ba yo lòd pou yo pa manje san an. Men sa Bondye te di Noye: “Sèlman, nou pa dwe manje bèt ki ak tout san l nan li, paske san se lavi.” Piske tout moun k ap viv depi lè sa a jiska jodi a se desandan Noye, lòd sa a valab pou yo tout.
Levitik 17:14. Li di: “Nou pa dwe manje okenn san, paske lavi se nan san an li ye. Kèlkeswa moun ki manje san, y ap elimine l.” Pou Bondye, se nan san an lavi a ye e se pou li lavi a ye. Byenke lwa sa a se te sèlman pèp Izrayèl la Bondye te bay li, lwa sa a fè nou wè jan lè yon moun manje san, sa se yon bagay ki grav anpil nan je Bondye.
Travay 15:20. Li di: “Evite [...] san.” Bondye te bay kretyen yo menm lòd li te bay Noye a. Listwa montre premye kretyen yo pa t aksepte ni manje san, ni sèvi avè l kòm remèd.
Poukisa Bondye ban nou lòd pou nou evite san?
Gen bonjan prèv lamedsin bay ki montre pran san se yon danje pou sante nou. Men, pi gwo rezon ki fè yon moun pa dwe pran san, se paske Bondye ban nou lòd pou n evite san, paske san an reprezante yon bagay ki gen anpil valè nan je l. — Levitik 17:11; Kolosyen 1:20.