BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 34
  • Èske n ta dwe viv ansanm anvan n marye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske n ta dwe viv ansanm anvan n marye?
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Labib di sou sa?
  • Èske si nou viv ansanm sa ap fè n pare pou n marye?
  • Èske n ap fè plis ekonomi si nou viv ansanm?
  • Èske si n viv ansanm anvan n marye, sa ap fè n evite fè yon move chwa?
  • Èske n ka pran yon pi bon desizyon?
  • Ki sa Bib la di sou kesyon de moun k ap viv ansanm san yo pa marye?
    Repons Bib la bay
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Prepare w pou maryaj ou reyisi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Maryaj se yon kado Bondye ki renmen nou an ban nou
    “Rete nan lanmou Bondye”
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 34
Yon gason ak yon fi k ap pote bwat antre lakay yo.

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Èske n ta dwe viv ansanm anvan n marye?

Anpil moun ki renmen deside viv ansanm anvan yo marye. Gen moun ki fè sa pou yo wè si y ap ka antann yo e yo espere sa ap fè l pi fasil pou maryaj yo reyisi. Èske l bon pou de moun viv ansanm anvan yo marye?

Nan atik sa a

  • Ki sa Labib di sou sa?

  • Èske si nou viv ansanm sa ap fè n pare pou n marye?

  • Èske n ap fè plis ekonomi si nou viv ansanm?

  • Èske si nou viv ansanm anvan nou marye sa ap fè n evite fè yon move chwa?

  • Èske n ka pran yon pi bon desizyon?

Ki sa Labib di sou sa?

  • Bib la kondane relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye ansanm. Pa egzanp, li di: “Evite imoralite seksyèl.” (1 Tesalonisyen 4:3; 1 Korentyen 6:18). Sa gen ladan l sèks ant moun k ap viv ansanm, menmsi yo gen entansyon marye annaprea. Prensip ki nan Bib la pwoteje moun ki renmen yo pou yo pa vin gen timoun san yo pa marye ak lòt pwoblèm moun ka jwenn lè y ap viv ansanm san yo pa marye.

  • Se Bondye ki mete maryaj sou pye. Men sa l te di lè l t ap fè premye maryaj la: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jenèz 2:24). Lè yon gason ak yon fi pran angajman youn ak lòt nan maryaj, se pi bon baz pou gen lanmou ak sekirite nan fanmi yo.

Èske si nou viv ansanm sa ap fè n pare pou n marye?

Gen moun ki panse sa. Yo panse de moun k ap viv ansanm ap vin gen plis eksperyans lè yo fè travay nan kay ansanm e lè youn ap gade abitid lòt chak jou. Epoutan, youn nan bagay ki fè yon maryaj reyisi se angajman.

Ki jan de moun ka ret atache youn ak lòt nan bon tan kou move tan? Se pa lè yo viv ansanm anvan yo marye kote yo konnen yo ka kraze relasyon sa a nenpòt lè yo vle. Okontrè, relasyon ki reyisi yo se relasyon kote toule de moun yo pran gwo angajman youn ak lòt e yo travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm yo jwenn.

Sa nou dwe sonje: Lè de moun viv ansanm san yo pa marye, olye sa prepare yo pou maryaj, an reyalite, sa ka prepare yo pou separasyon.

Prensip Bib la bay: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

Èske n ap fè plis ekonomi si nou viv ansanm?

Gen moun ki panse sa. Selon yon sondaj òganizasyon ki rele Pew Research Center fè, Ozetazini, sou chak 10 moun ki deside viv ansanm, anviwon kat ladan yo fè sa pou kesyon lajan. Epoutan, apre yo fin pase kèk tan ap viv ansanm, anpil ladan yo kontinye di pi gwo rezon ki fè yo santi yo pa pare pou yo marye se akoz pwoblèm lajan.

Lè de moun ap viv ansanm san yo pa marye, sa ka gen lòt konsekans sitou pou medam yo. Pa egzanp, lè yon relasyon kraze, souvan, se medam yo ki gen responsablite pou yo leve timoun yo.

Dam yo te montre anvan an ki kenbe yon tibebe k ap kriye e li gen men l nan machwè l. Mesye a k ap kite kay la ak yon bwat ki gen afè l ladan l.

Sa nou dwe sonje: Move konsekans moun jwenn lè y ap viv ansanm pi plis lontan pase swadizan avantaj ki genyen yo.

Prensip Bib la bay: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan.” — Ezayi 48:17.

Èske si n viv ansanm anvan n marye, sa ap fè n evite fè yon move chwa?

Gen moun ki panse sa. Sepandan, men sa liv ki gen tit Fighting for Your Marriage di: “Souvan, moun k ap viv ansanm san yo pa marye yo pa rann yo kont sa fè l pi difisil pou yo kraze relasyon an.” Sa k fè sa? Sa ka rive gen moun k ap viv ansanm ki vin wè yo pa ka antann yo. Men, piske yo gen kèk responsablite ansanm tankou yon bèt domestik, y ap peye lwaye ansanm, oswa y ap tann yon bebe, yo vin santi yo oblije rete ansanm jis paske yo abitye youn ak lòt e yo pa ka pran yon desizyon k ap nan avantaj yo toule deb. Men sa menm liv la fè konnen: “Gen moun k ap viv ansanm ki santi yo ta dwe kraze relasyon an, men, yo marye kanmenm paske l pi fasil pou yo kontinye viv ansanm.”

Sa nou dwe sonje: Lè de moun ap viv ansanm san yo pa marye, olye sa ede yo pran yon bon desizyon, sa ka fè l pi difisil pou yo kraze yon move relasyon.

Prensip Bib la bay: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.

Èske n ka pran yon pi bon desizyon?

Ou ka evite danje ki genyen lè moun viv ansanm san yo pa marye, epi ogmante posiblite pou maryaj ou reyisi. Ki jan? Lè w suiv prensip Bib la bay konsènan maryaj. Pran ase tan pou w aprann konnen moun ou panse marye avè l la anvan ou kòmanse viv avè l antanke mari ak madanm. Li pi bon pou w chwazi yon moun pou w marye sou baz prensip ak kwayans nou de a, paske bagay sa yo pi enpòtan pase atirans seksyèl.

Bib la gen konsèy ki ka ede w prepare w pou w gen yon maryaj ki gen kè kontan ak sekiritec. Pa egzanp, Bib la gen prensip ki ka ede w...

  • ret fidèl ak moun ou marye avè l la

  • vin gen kalite k ap fè w vin yon bon mari oswa yon bon madanm

  • wè si se moun pa w la

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa yo, ale nan seksyon “Maryaj ak fanmi” sou jw.org.

Prensip Bib la bay: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye.” — 2 Timote 3:16.

a Gade atik “L’amour justifie-t-il les relations sexuelles avant le mariage?”

b Nan atik ki gen tit “Sliding Versus Deciding: Inertia and the Premarital Cohabitation Effect” (Scott M. Stanley, Galena Kline Rhoades, ak Howard J. Markman), yo te pibliye nan jounal ki rele Family Relations.

c Nan kèk kilti, paran yo konn ede pitit yo chwazi ak kiyès y ap marye. Nan ka sa yo, Bib la ka ede paran yo konn ki kalite pou yo chèche lakay yon moun.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje