BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 33
  • Pwoteje pitit ou kont pònografi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoteje pitit ou kont pònografi
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Fason pou w pwoteje pitit ou kont pònografi
  • Sa pou w fè si pitit ou te gade pònografi
  • Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Poukisa m dwe rejte pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa m dwe evite pònografi?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • E si mwen esklav pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 33
Twa jèn gason nan lekòl k ap byen gade nan telefòn.

ÈD POU FANMI | LEVE TIMOUN

Pwoteje pitit ou kont pònografi

“Se pa konnen nou pa t konnen ki danje ki genyen nan gade pònografi, nou te konnen. Men, nou pa t rann nou kont jan l fasil pou pitit fi nou an wè pònografi.” — Nicole.

Nan atik sa a

  • Sa w dwe konnen

  • Fason pou w pwoteje pitit ou kont pònografi

  • Sa pou w fè si pitit ou te gade pònografi

Sa w dwe konnen

Timoun yo ka wè pònografi depi yo toupiti. Gen plizyè ankèt yo fè ki montre kounye a, an jeneral, timoun kòmanse wè pònografi a 11 an.

Timoun yo ka tonbe sou pònografi menmsi yo pa al chèche l. Pa egzanp, yo ka tonbe sou pònografi pandan y ap fè rechèch sou Entènèt oswa pandan yo sou yon rezo sosyal. Yon reklam pou pònografi ka parèt pandan y ap jwe jwèt videyo sou Entènèt. Pònografi parèt sou diferan fòm, men an jeneral, se sitou foto ak videyo. Men, li fasil pou moun jwenn pònografi sou fòma ekri oswa odyo, e yon moun kapab li oswa koute yo dirèkteman pandan l konekte sou Entènèt oswa li ka telechaje yo.

Yon jèn fi sezi wè yon bagay sou tablèt li pandan l ap fè devwa l.

Yon lòt bagay pou n konsidere, sèke gen moun ki ka voye mesaj pònografi bay timoun yo pa mwayen elektwonik. Yo te fè yon ankèt bò kot plis pase 900 jèn, sou chak 100 jèn, prèske 90 tifi e prèske 50 tigason di lòt elèv voye foto ak videyo moun toutouni pou yo regilyèman.

Souvan, pònografi ki pi popilè yo vyolan. Souvan, pònografi ki pi popilè yo e ki pi fasil pou moun jwenn yo gen vyolans ladan yo, epi anpil fwa, se vyolans sou fi.

Pònografi danjere pou timoun. Rechèch yo fè montre timoun ki konn gade pònografi pi fasil:

  • pa travay byen lekòl,

  • sou presyon, fè depresyon epi santi yo pa gen valè,

  • twouve l nòmal pou yo fòse lòt moun oswa fè presyon sou yo pou yo gen relasyon seksyèl avèk yo.

Sa pou n sonje: Pònografi kapab gen move efè sou timoun yo si yo wè l, e paran yo pi byen plase pou pwoteje yo.

Prensip Bib la bay: “Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou, se pou nou fè yo antre nan kè pitit nou yo e se pou nou pale sou bagay sa yo avèk yo lè nou chita anndan lakay nou, lè n ap mache avèk yo sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve.” — Detewonòm 6:6, 7.

Fason pou w pwoteje pitit ou kont pònografi

Chèche konnen. Reflechi pou w wè ki lè e ki kote li ka pi fasil pou pitit ou tonbe sou pònografi. Pa egzanp, lè l nan poz nan lekòl li, èske pa gen granmoun k ap veye lè timoun yo al sou Entènèt?

Yon tablèt nan yon ti bèg, yon telefòn, liv ak peryodik, yon òdinatè ak kas, yon televizyon. Yon lis ki bay kèk kote moun ka jwenn pònografi, sa gen ladan l: 1. Fim, videyo. 2. Sit Entènèt, rezo sosyal. 3. Peryodik, liv. 4. Liv odyo, anrejistreman odyo, mizik.

Gen plizyè fason pitit ou ka tonbe sou pònografi

Chèche konprann ki jan telefòn li an fonksyone pou w ka konnen jan pou w limite yon seri enfòmasyon l ap resevwaa, epi chèche alèz ak aplikasyon li itilize yo e ak jwèt li jwe yo. Pa egzanp, gen kèk aplikasyon pou mesaj tèks ki gen opsyon kote mesaj, foto oswa videyo yon moun fin resevwa efase apre yon ti tan. E vin gen plis jwèt videyo sou Entènèt ki bay moun k ap jwe yo posiblite gade pònografi oswa menm fè kòmsi y ap fè sèks pandan y ap jwe a.

“Sa m ap di a se bagay mwen konnen: Si pitit ou gen yon telefòn entèlijan, antanke paran ou dwe konn ki jan pou w sèvi avè l, ki jan w ka mete restriksyon sou li e ki jan w ka suiv sa pitit ou ap fè lè nan telefòn nan.” — David.

Prensip Bib la bay: “Kè moun ki gen bon konprann nan chèche gen konesans.” — Pwovèb 18:15.

Fè tout sa w kapab pou w anpeche yo vin an kontak ak pònografi. Fè sa w kapab. Pa egzanp, ou ka chanje paramèt sou telefòn pitit ou ansanm ak tout lòt aparèy ki nan kay la pou anpeche bagay pònografik monte sou yo. Sèvi ak opsyon ki genyen pou w mete limit sou sit timoun nan ka ale. Epi, chèche konnen tout modpas pitit ou itilize.

“M wè li itil lè m sèvi ak opsyon ki genyen pou m mete limit sou sit timoun mwen an ka ale sou tout aparèy li. M pa kite pitit gason m nan gade tout pwogram sou televizyon ki gen koneksyon ak Entènèt, e mwen konnen modpas ki sou telefòn li.” — Maurizio.

“M pa kite pitit gason m yo gade videyo nan chanm yo ak pòt la fèmen. Lè se lè pou y al dòmi, m pa menm kite yo antre nan chanm yo ak aparèy yo.” — Gianluca.

Prensip Bib la bay: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” — Pwovèb 22:3.

Prepare pitit ou pou si yo tonbe sou pònografi. Gen yon manman ki rele Flavia ki di: “Kèk paran evite pale ak pitit yo sou pònografi, paske yo kwè pitit yo pap janm tonbe sou pònografi.” Gen lòt paran ki ka panse si yo pale sou sijè sa a, pitit yo pral chèche konnen plis. Yon panse konsa se yon gwo erè. Paran ki gen sajès yo ap pale ak pitit yo sou tout danje ki gen nan pònografi anvan menm pitit yo al tonbe sou pònografi. Ki jan w ka fè sa?

Yon papa kenbe yon telefòn nan men l pandan l ap pale ak ti gason l lan lè yo chita deyò.

Aprann timoun piti yo sa yo dwe fè si yo tonbe sou pònografi. Pa egzanp, yo ka fèmen je yo oswa fèmen aparèy la. Epi, ankouraje yo pale avè w sou sa yo te wè oswa sou sa yo te tandeb.

“Depi lè pitit gason nou te toupiti, nou te kòmanse pale avè l sou danje ki genyen nan pònografi. Lè l te gen anviwon 11 an, jwèt li te telechaje sou telefòn entèlijan li an te kòmanse ap voye mesaj pònografi. Foto yo ki te gen nan mesaj yo t ap mande l pou l voye foto pa l. Piske nou te deja pale ave l sou sa pou l fè, li te vin pale avè n lapoula lè l te wè mesaj la.” — Maurizio.

Prensip Bib la bay: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6.

Ede timoun ki pi gran yo pou yo reziste ak tantasyon pou yo gade, tande, oswa li bagay ki gen rapò ak pònografi. Pa egzanp, ede pitit ou ekri kèk nòt sou yon papye kote l mete règ fanmi an genyen pou moun nan kay la suiv konsènan sa l dwe fè si l tonbe sou pònografi, e rezon li fè l dwe aji konsa. Epi sou papye a, fè l ekri konsekans l ap jwenn si l chèche gade pònografi tankou pèdi respè pou tèt li, sa ap difisil pou paran l fè l konfyans ankò, epi l ap kraze relasyon li gen ak Bondyec.

“Tank timoun yo ap grandi, ede yo wè pi lwen pase tantasyon pou yo annik gade pònografi a, sa vle di ede yo reflechi sou efè sa ap gen sou yo pi devan.” — Lauretta.

“Si pitit nou yo konprann danje ki gen nan gade pònografi, epi yo konprann ki jan Jewova wè pratik sa a, sa ap yon bon pwoteksyon pou yo.” — David.

Prensip Bib la bay: “Sajès se yon pwoteksyon.” — Eklezyas 7:12.

Pale souvan. Sa ka difisil pou moun kwè, men se yon reyalite, timoun yo vle pale ak paran yo sou kesyon sèks, sa gen ladan l pònografi. Men sa Dame Rachel de Souza, reprezantan timoun pou peyi Angletè, di: “[Timoun yo] fè nou konprann yo vle pale sou kesyon sèks ak paran yo menm lè yo toupiti e yo vle fè sa souvan. Selon laj yo, timoun yo vle pale sou sijè a e toutotan y ap grandi, yo vle kontinye gen plis enfòmasyon sou sa.”

“Lè m t ap grandi, te gen kèk sijè paran m pa t janm pale avè m sou yo. M regrèt nou pa t gen abitid pale alèz e yon fason ki klè sou yo. Kounye a, piske mwen se yon manman, m ap fè tout sa m kapab pou m pale ak pitit mwen yo souvan sou sèks e yon fason ki fè yo santi yo alèz pou yo pale.” — Flavia.

Sa pou w fè si pitit ou te gade pònografi

Rete kalm. Si w vin aprann pitit ou te gade pònografi, te tande l oswa te li l, fè efò pou w kontwole fason w ap reyaji. Petèt li deja santi l fache ak tèt li, li sezi pou sa l te wè, oswa li santi l koupab pou sa k te rive a. Si w reyaji avèk kòlè, sa ka fè l santi l pi mal e sa ka fè l pa anvi vin pale avè w yon lòt fwa pi devan.

Foto ki montre de fason diferan yon manman reyaji lè pitit fi li wè pònografi. 1. Manman fache, li pale di ak pitit fi li. 2. Manman pale yon fason ki kalm ak pitit fi li.

Prensip Bib la bay: “Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” — Pwovèb 17:27.

Chèche konprann sa k te pase. Olye w met nan lespri w ou deja konnen sa k te pase a, pito w poze kesyon pou w chèche konnen ki jan sa te fè rive pitit ou pou l te tonbe sou pònografi. Pa egzanp, èske se yon moun ki te voye yon foto pou li, oswa èske se li menm ki te jwenn l poukont li? Èske se yon sèl fwa sa te rive, oswa èske l te gade pònografi anvan? Èske aparèy li a gen opsyon pou anpeche kèk bagay monte sou li, oswa opsyon pou paran mete limit sou sit timoun nan ka ale? Si wi, èske l te detounen opsyon an pou l chèche gade pònografi kanmenm? Sonje, objektif ou se pou w ankouraje pitit ou pale, se pa pou w annik plede ap poze l kesyon.

Prensip Bib la bay: “Lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon. Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò.” — Pwovèb 20:5.

Aji. Pa egzanp, si se pa aza konsa pitit ou te tonbe sou pònografi, petèt ou bezwen chanje paramèt kote w mete limit sou sa l ka wè sou aparèy la.

Si w aprann se chèche li t ap chèche pònografi, avèk lanmou, korije l yon fason ki fèm pou l ka konprann danje a. Itilize kèk vèsè tankou Jòb 31:1, Sòm 97:10 ak Sòm 101:3 pou rezone avè l pou l ka gen plis konviksyon pou l rejte pònografid. Fè l konnen tou w ap pale avè l chak semèn pou w wè ki pwogrè li fè e pou w wè ki lòt bagay ou ka fè pou w ede l.

Prensip Bib la bay: “Pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” — Efezyen 6:4.

a Se vre nou pale sou timoun ki tigason yo, men enfòmasyon ki nan atik la bon pou ni tigason ni tifi.

b Pou w jwenn plis ide sou fason ou ka pale ak pitit ou sou sèks yon fason ki apwopriye pou laj yo, gade atik: “Ki jan paran yo kapab pale ak pitit yo sou sèks?”

c Pou w jwenn plis ide sou sa pitit ou ka ekri sou yon papye, gade fich aktivite: “Fason pou m rejte pònografi”.

d Petèt nou ka gade ansanm atik: “Poukisa m dwe rejte pònografi?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje