BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w26 avril p. 8-13
  • “Bondye verite a” toujou reyalize objektif li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Bondye verite a” toujou reyalize objektif li
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ NOU KAPAB FÈ BONDYE VERITE A KONFYANS
  • BONDYE VERITE A REYALIZE OBJEKTIF LI
  • BONDYE VERITE A AP RASANBLE TOUT MOUN KI RENMEN LAVERITE
  • NOU KAPAB GEN KONFYANS JEWOVA AP REYALIZE OBJEKTIF LI
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon ak reprezantan filyal la 2025-2026
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
  • Fè Souvren linivè a konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — (Study)—2026
w26 avril p. 8-13

8-14 JEN 2026

KANTIK 8 Jewova se refij nou

“Bondye verite a” toujou reyalize objektif li

“Ou delivre m, o Jewova, Bondye verite a.” — SÒM 31:5.

PWEN KLE

Nou pral aprann rezon ki fè nou kapab gen konfyans Jewova ap kenbe tout pwomès li fè, e talè konsa, Wayòm nan pral met yon fen nan manti ak twonpri.

1. Poukisa nou kapab fè Jewova konfyans? (Sòm 31:​2-5).

N AP viv nan yon monn Satan ap dirije. Manti, twonpri ak trayizon gaye toupatou. Li difisil pou n konnen kiyès pou n fè konfyans. Anpil biznismann ap fè yon seri bagay ki malonèt. Gen moun k ap bay manti anrapò ak yon seri pwodui y ap vann pou moun ka achte yo. E gen moun ki wè yo pa menm ka fè bon zanmi yo konfyans paske yo pa kenbe pawòl yo. Sepandan, lefètke nou konnen nou ka toujou fè Jewova konfyans, sa vrèman ankouraje n! Li se “Bondye verite a”. (Li Sòm 31:​2-5.) Jewova pa janm bay manti, tout sa l di se verite. Ou kapab gen konfyans kèlkeswa sa Jewova di l ap fè, l ap fè l kanmenm.

2. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral wè toudabò sa k fè nou kapab fè Jewova konfyans ak tout kè n. Apre sa, nou pral wè ki jan Bondye verite a pral met yon fen nan monn Dyab la ap dirije a ki chaje ak mechanste, e ki sa Bondye ap fè kounye a pou l reyalize objektif li. Atik sa a ap ede n pou n gen kran e pou n pa pè anyen antanke sèvitè Jewova.

REZON KI FÈ NOU KAPAB FÈ BONDYE VERITE A KONFYANS

3. Sa k fè nou kapab fè Jewova konfyans je fèmen?

3 Nou kapab fè Jewova konfyans paske li se Kreyatè a. Se li ki fè syèl la ak tè a e se li ki Sous lavi a (Jen. 1:1; Sòm 36:9; Rev. 4:11). Epitou, se li ki ban nou sa n bezwen pou n viv. Li fè tè a yon fason pou n kontinye jwenn sa n bezwen pou n viv, pa egzanp, lè pou n respire ak dlo pou n bwè. Li gen kontwòl tout bagay nèt e l ap toujou gen kontwòl tout bagay. Donk, nou kapab lage lavi nou ak avni nou nan men Kreyatè nou an ki gen anpil sajès e ki gen tout pouvwa.

4. Ki jan n fè konnen Jewova renmen nou?

4 Nou kapab fè Jewova konfyans paske li renmen nou. Jewova te kreye lèzòm paske li te vle yo gen lavi e pou yo jwi lavi a menm jan avè l. Li te fè konn objektif li genyen lè l te di pawòl ki vin annapre yo: “Annou fè lòm pòtre ak nou, pou l ka sanble ak nou.” (Jen. 1:26). Li ban nou libète pou n deside. Li te kreye yon bèl kote pou nou pou n abite (Sòm 115:16). Epitou, li te bay premye paran nou yo yon bèl travay: yo te gen pou yo fè tè a vin yon paradi (Jen. 1:28; 2:15). Li te ba yo anpil bon bagay pou yo manje, li te fè tout kalite plant ak bèt ak anpil lòt bagay ankò. Li te fè sa pou yo te ka gen kè kontan e pou yo te jwi lavi a. Vrèmanvre, tout sa montre “Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen an [...] pou toutan”. — Sòm 103:17.

5. a) Ki jan Jewova te rive kenbe pawòl li malgre tout efò Dyab la te fè pou l te detwi lèzòm? b) Ki pwomès Bondye fè ki reyalize? (Gade kare ki gen tit “Bondye toujou di laverite”.)

5 Nou kapab fè Jewova konfyans paske li toujou fè sa l di. Lè Jewova t ap kreye tè a, li pa t “annik kreye l pou granmesi [...], men [li] te fè l pou moun rete sou li”. (Eza. 45:​18, 19.) Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Jewova, santans yo te jwenn se lanmò. Se kòmsi objektif Bondye te genyen an pa t ap ka reyalize. Men, Jewova toujou reyalize tout pwomès li fè (Eza. 46:​10, 11). Objektif li genyen pou lèzòm viv pou toutan sou tè a toujou la. Se poutèt sa li te kite Adan ak Èv fè pitit. Epitou, Li te voye sèl Pitit Gason L lan bay lavi l kòm ranson pou l te ka sove pitit Adan t ap vin genyen yo pou yo te kapab gen bèl espwa pou yo viv pou toutan. — Jan 3:16.

Bondye toujou di laverite

Ann wè kèk nan pwomès Jewova te fè ki reyalize:

  • Li te pwomèt Moyiz Izrayelit yo t ap abite nan pwòp peyi yo kote lèt ak siwo myèl t ap koule. — Egz. 3:​6-8; Det. 27:3.

  • Li te pwomèt Mesi a t ap vini pou l libere lèzòm anba malediksyon peche ak lanmò. — Eza. 53:​11, 12.

  • Li te pwomèt gen yon travay predikasyon ki t ap gen pou fèt toupatou sou tè a pou ede moun yo aprann konnen l anvan lafen an rive. — Mat. 24:14.

Èske w sonje lòt egzanp ki montre Jewova te kenbe pwomès li?

BONDYE VERITE A REYALIZE OBJEKTIF LI

6. Ki sa Jewova te fè konnen apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan?

6 Se “premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan ana”, ki te pouse Adan ak Èv dezobeyi Bondye (Rev. 12:9; Jen. 3:​4, 5; Jan 8:44). Akoz sa Satan te fè a, Jewova te fè konnen rive yon lè Satan pap egziste ankò (Jen. 3:15). Annatandan moman sa a rive, gen anpil moun k ap suiv Satan e k ap aji menm jan avè l. Men, gen moun k ap ret fidèl ak Jewova.

7. Kiyès k ap suiv Dyab la, e ki sa k pral rive yo?

7 Gen zanj ak moun ki vire do bay Jewova pou y al suiv Satan Ledyab. Etandone yo opoze ak Bondye, yo pran pozisyon pou Satan. Men, Bondye deja chwazi yon lè pou l detwi Satan ak patizan l yo. — Dàn. 2:44; Wom. 16:20.

8. Ki aksyon Jezi te fè nan ane 1914? (Gade foto yo tou.)

8 Ki prèv nou genyen ki fè n gen konfyans objektif Bondye genyen pou l elimine Satan ak mechan k ap suiv li yo ap reyalize? Nan ane 1914, Jezi te batay ak Satan Ledyab ak demon l yo e li te pimpe yo sou tè a (Rev. 12:​7-9). Byenke se nan syèl la batay sa a te fèt, moun k ap viv sou tè a te kapab santi konsekans gè sa a. Men sa Bib la di: “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” (Rev. 12:12). Depi 1914, prensipal objektif Satan se fè anpil moun vin suiv li, e se sa k fè sitiyasyon monn nan ap vin pi mal chak jou. Vrèmanvre, se “malè pou tè a”! Men, talè konsa, Jezi pral “fin pote laviktwa”. L ap fèmen Satan yon kote pou 1000 an e l ap detwi tout moun k ap suiv Satan yo (Rev. 6:2). Jezi pral defann non Jewova yon fwa pou tout (Sòm 45:​4-6). Tout moun pral konnen Jewova se Bondye verite a! — Eze. 38:23.

BONDYE VERITE A AP RASANBLE TOUT MOUN KI RENMEN LAVERITE

9. Kiyès Jewova ap rasanble jodi a?

9 Pandan tan sa a, Jewova ap reyini “tout bagay ansanm nan Kris, bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a”. (Efe. 1:10.) “Bagay ki nan syèl la” se moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo pou dirije ansanm ak Kris nan syèl la. “Bagay ki sou tè a” se moun ki pral viv pou toutan nan Paradi a sou tè a. Tout moun sa yo k ap adore Jewova ap montre aklè Satan se yon mantè e y ap ede moun ki gen kè sensè yo vin konn laverite.

10. Ki jan Jewova libere moun yo anba manti fo relijyon ap bay yo? (Revelasyon 14:​6, 7).

10 Jewova ap rasanble moun ki renmen laverite yo. Pou l rive fè sa, li mande sèvitè l yo pou yo preche laverite toupatou sou tè a. Se pi gwo travay predikasyon k ap fèt nan listwa. (Li Revelasyon 14:​6, 7.) Byenke Jewova sèvi ak moun pou ede lòt moun konnen bon nouvèl la, zanj yo jwe wòl pa yo tou nan ede moun ki gen kè sensè yo pou yo vin fè pati pèp Bondye a. Dyab la gen plizyè syèk depi l ap sèvi ak Gran Babilòn nan, sa vle di tout fo relijyon ki gen nan monn nan, pou l gaye manti sou Jewova. Travay predikasyon an fè wè aklè tout manti Gran Babilòn nan ap anseye yo (Rev. 18:​2, 4). Talè konsa, tout fo relijyon pral detwi nèt, e tout moun ki renmen Bondye verite a pral ba l glwa li menm sèl merite a. — Rev. 17:16.

11. Ki jan n ka wè kiyès k ap adore Jewova toutbon?

11 Jewova rale moun ki renmen laverite ki sot nan tout kouch sosyal, tout kilti ak nan tout nasyon pou yo vin fè pati pèp li a (Rev. 7:​9, 10). Lè yo tande “bon nouvèl la”, yo rann yo kont se laverite e yo kontan vin fè pati pèp Jewova a (Mak 13:10). Tank tan ap pase, li vin pi fasil pou moun wè kiyès k ap adore Bondye fason l vle a e kiyès ki pap fè sa. Men sa pwofèt Malachi te anonse: “Yon lòt fwa ankò, n ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l.” (Mal. 3:18). Se konpòtman sèvitè Jewova yo genyen ak travay predikasyon y ap fè a ki montre y ap adore Bondye verite a.

12. Ki jan travay predikasyon an pèmèt objektif Jewova reyalize?

12 Lè n preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”, nou obeyi lòd Jezi te bay la e anmenmtan nou pèmèt yon pwofesi reyalize (Mat. 24:14; 28:​18-20). Grasa travay sa a, moun toupatou sou tè a vin disip Kris e yo gen posiblite pou yo adore Bondye verite a pou toutan. Se yon gwo onè nou genyen dèske Jewova ap itilize n pou l reyalize objektif li!

NOU KAPAB GEN KONFYANS JEWOVA AP REYALIZE OBJEKTIF LI

13. Kiyès Satan plis vize, e poukisa?

13 Satan Ledyab an kòlè anpil paske l konnen “se yon tikras tan li rete” anvan monn ki anba pouvwa l la detwi (Rev. 12:​12, 13). Se sitou moun Bondye chwazi pou al dirije nan Wayòm nan li vize, anpalan de “moun k ap obeyi kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 12:17; 14:12.) Epitou, Satan ap chèche atake nenpòt moun k ap soutni moun sa yo e k ap soutni travay y ap fè a.

14. Ki sa k pral rive lè patizan Satan yo atake pèp Jewova a? (Gade foto a tou.)

14 Apre Gran Babilòn nan fin detwi, patizan Satan yo pral chèche elimine pèp Jewova a. Lè sa a, lagè Amagedon an ap kòmanse (Rev. 16:​13, 14, 16). Jezi ak lame ki nan syèl la pral delivre moun k ap adore Jewova yo e y ap detwi tout sa k rete nan monn Satan an nèt (Rev. 19:​19-21). Tout moun k ap bay manti, tout moun ki mechan ak tout moun k ap twonpe moun pap la ankò (Rev. 21:8). Tout moun nèt pral konnen Jewova toujou fè sa ki jis e l toujou di laverite.

15. Sa k fè nou kapab gen konfyans pwomès Jewova fè yo ap reyalize? (Ezayi 65:​16, 17). (Gade foto a tou.)

15 Jodi a, gen plis divizyon nan monn nan pase nenpòt lòt lè. Men, Jewova ede sèvitè l yo pou yo kontinye gen tèt ansanm. Jewova ap rasanble tout moun ki renmen laverite pou yo vin fè pati fanmi l. Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova beni pèp li a ak travay y ap fè a. (Li Ezayi 65:​16, 17.) Nou kapab gen konfyans pwomès li fè yo ap reyalize. Pawòl apot Pòl te di nou jwenn nan Women 8:​38, 39 yo ban n asirans “ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an”.

16. Poukisa w fè Jewova konfyans ak tout kè w?

16 Nou gen bonjan rezon pou n fè Jewova konfyans, paske li se Bondye verite a. Se li ki kreye nou. Li renmen nou anpil. Lefètke moun nan tout nasyon ap vin adore Jewova, gwo foul la ap ogmante byen vit (Eza. 60:22; Zak. 8:23). Nou konnen li toujou reyalize objektif li, e talè konsa, l ap elimine Satan, konsa l ap sispann bay manti e l ap sispann twonpe moun. Nou vle fè menm priyè ak David ki te di: “Se pou yo louwe Jewova Dye [...]. Se li menm sèl ki fè yon pakèt aksyon estrawòdinè. Se pou yo louwe non l ki gen glwa pou toutan e se pou glwa li kouvri tout tè a.” — Sòm 72:​18, 19.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa nou kapab fè “Bondye verite a” konfyans?

  • Ki jan Jewova pral detwi monn Dyab la ap dirije a, e ki sa L ap fè depi kounye a pou l reyalize objektif li?

  • Sa k fè nou kapab gen konfyans pwomès Jewova fè yo ap reyalize?

KANTIK 2 Non ou se Jewova

a Bib la pa bay non zanj mechan sa a. Lè Bib la ap pale de li, li itilize yon seri mo tankou “Dyab” (ki vle di “medizan”) ak “Satan” (ki vle di “opozan”).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje