BYOGRAFI
Jewova ap ban m fòmasyon depi lè m te timoun
MWEN te ret ap gade ti papye frè a te fèk ban m nan. Men sa k te ekri sou li: “David Splane, 8 avril 1953: ‘Preche sou lafendimonn’.” Mwen te mande frè a: “Sa sa a ye?” Li te reponn: “Se diskou w ap gen pou w fè nan Lekòl ministè teyokratik laa.” Mwen te di l: “Mwen pa t janm mande pou m fè diskou nan reyinyon!”
Anvan m di nou sa k te rive annapre, kite m rakonte nou istwa lavi m. Mwen te fèt pandan Dezyèm Gè Mondyal la nan Kalgari, nan peyi Kanada. Nan fen ane 1940 yo, te gen yon jèn pyonye ki te rele Donald Fraser ki te frape nan pòt lakay nou e manman m te aksepte yon etid Labib. Li te renmen verite li te aprann yo anpil, men, kòm li te gen gwo pwoblèm sante, li pa t ka asiste reyinyon souvan. Aktout sa, li te fè pwogrè e l te batize an 1950. Malerezman, anviwon dezan annapre, li te mouri. Papa m pa t Temwen Jewova lè sa a, men, li te dakò pou Temwen yo fè diskou antèman an.
Kèk jou apre antèman an, yon sè aje ki te rele Alice ki te gen esperans pou l al nan syèl te envite m nan reyinyon. Li te konnen m paske mwen te konn al nan reyinyon ki te konn fèt nan wikenn yo ak manman m lè sante l te pèmèt li fè sa. Mwen te mande papa m si m mèt ale. Li te dakò e l te di li pral avè m fwa sa a sèlman pou l ka remèsye frè ki te bay diskou antèman manman m nan. Jou swa sa a te gen Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis. Se pi bon reyinyon papa m te ka asiste. Li te pran yon kou pou ede moun pale an piblik e l te sezi wè jan diskou li te tande nan reyinyon yo te byen fèt. Papa m te deside asiste reyinyon sa a chak semèn. Tikras pa tikras, li te vin ap asiste tout reyinyon yo.
Nan epòk sa a, lè frè ki te sèvitè nan Lekòl ministè teyokratik la t ap kòmanse reyinyon an, li te konn site non frè ki te enskri yo, e yo chak te konn reponn: “Prezan.” Yon jou swa, mwen te mande pou yo site non m nan pwochen reyinyon an. Frè a te felisite m anpil, men l pa t mande m si m te konprann sa sa vle di.
Lè m te mande pou yo te site non m nan, mwen pa t konnen se mande m t ap mande pou m fè diskou nan lekòl la. Mwen te jis vle yo site non m! Semèn ki te vin annapre a, yo te site non m e m te kontan reponn: “Prezan.” Apre reyinyon an, frè ak sè yo te felisite m anpil. Plizyè semèn annapre, yo te ban m patisipasyon mwen te pale de li nan kòmansman atik la.
Tèt mwen te cho! Nan epòk sa a, diskou elèv yo te konn dire ant sis ak uit minit. Pa t konn gen patisipasyon pou elèv yo li Labib sèlman. Papa m te ede m prepare diskou a e l te fè m repete l 20 fwa anvan m bay li. Apre m te fin bay diskou a, mwen te jwenn anpil bon konsèy. Tank ane yo t ap pase, Jewova te itilize papa m, li te itilize òganizasyon L lan ak anpil frè ak sè ki gen eksperyans pou l ban m fòmasyon.
JEWOVA TE KONTINYE BAN M FÒMASYON
Alice, sè mwen te pale de li pi wo a, te ban m fòmasyon lè m te kòmanse preche. Nan epòk sa a, yo te ankouraje n li twa vèsè pou moun nou jwenn lakay yo epi pou n ofri yo yon liv. Lè se te tou pa m pou m pale, Alice te di kiyès li ye, li te kòmanse pale ak moun nan, epi li te mande m li premye vèsè a. Apre sa, mwen te kontinye konvèsasyon an. Mwen te li dezyèm ak twazyèm vèsè a epi mwen te ofri piblikasyon an. Annapre, mwen te aprann fason pou m kòmanse yon konvèsasyon poukont mwen. Apre papa m te fin batize nan fen ane 1954, li te konn ban m fòmasyon tou nan travay predikasyon an. Etandone papa m t ap leve m poukont li, li te fè sa l kapab pou l aprann mwen renmen Jewova. Reyinyon yo ak travay predikasyon an te gen anpil valè pou li. Mwen te toujou konnen n ap asiste tout reyinyon yo e n ap preche samdi ak dimanch maten.
Mwen pa t twò fò lekòl. Men, pandan 12 an m te fè lekòl yo, mwen te aprann anpil bagay ki te ede m pi devan nan lavi m. Pa egzanp, mwen te degaje m nan matematik ak nan gramè anglè. Lefètke m te etidye lang anglè e m te suiv yon kou sou fason pou m ekri istwa, sa te ede m anpil lè m te kòmanse travay nan Sèvis redaksyon.
Souvan, moun konn mande m poukisa m renmen mizik. Manman m ak papa m te renmen mizik. Lè m te gen setan, pandan yon tan, m te pran leson pyano. Men, pwofesè m nan te panse m pa t gen kapasite pou sa. Li te di papa m pou m sispann pran leson pyano. Mwen ka konprann rezon ki fè l te di sa, paske sa pa t vrèman enterese m lè sa a.
Kèk mwa annapre, papa m te jwenn yon lòt pwofesè pou mwen. Fwa sa a, m te aprann jwe pyano, m te aprann chante, e m te fè toule de byen. Lè m te timoun, mwen te gen bèl vwa e mwen te genyen nan kèk konpetisyon. Mwen t ap etidye mizik pou m te vin yon pwofesè mizik e pou m te fè ase kòb pou m pran swen tèt mwen lè m nan sèvis aplentan. Lè m te prèske reyalize objektif mwen, m te rann mwen kont mwen t ap oblije pase twòp tan ap etidye mizik epi prepare egzamen. Donk, mwen te kite sa e m te pran sèvis pyonye pèmanan. Se te nan ane 1963.
SÈVIS PYONYE BAY KÈ KONTAN
Apre m te fin fè ennan pyonye, yo te nome m pyonye espesyal nan Kapouskasin, nan Ontaryo. Daniel Skinner, patnè pyonye m nan, te pi gran pase m lontan. Li te aprann mwen anpil bagay sou fason yon kongregasyon fonksyone. Yo te nome m nan Komite sèvis kongregasyon an, m te gen 20 an lè sa a. Donk, m te gen anpil bagay pou m aprann. Mwen kontan anpil lefètke yon lòt fwa ankò òganizasyon an montre jan l enpòtan pou yo bay jèn frè yo fòmasyon. Si yo travay di, y ap ka itil Jewova menm lè yo jèn anpil!
Pafwa l te difisil pou moun viv Kapouskasin. Nan sezon ivè, li konn fè frèt anpil. Mwen menm ak Dàn te konn mache pou n t al prèske tout kote. Youn nan bagay ki te ban m kè kontan se lè m te rankontre yon sè ki rele Linda Cole, ki te vin Linda Splane annapre.
Linda te renmen preche e l te gen anpil bon nouvèl vizit. Li te donan, li te janti e l te renmen pase tan ak lòt moun. Goldie, manman l, te yon sè fidèl. Okòmansman, Allen, papa l, te opoze ak laverite. Malgre sa, Goldie te konn mennen Linda ak frè l yo, John ak Gordon, nan Sal Wayòm regilyèman e l te montre yo fason pou yo preche. Gendelè, Goldie, Linda, John ak Gordon te konn pran sèvis pyonye ansanm. Plizyè ane annapre, Allen te aksepte laverite e l te travay di nan kongregasyon an.
An 1965, yo te envite m asiste Lekòl ministè Wayòm nan ki te dire yon mwa e ki te fèt nan Betèl Kanada pou m te ka jwenn plis fòmasyon. Nan lekòl la, yo te ban m ranpli yon aplikasyon pou m al Lekòl Galaad. M pa t janm panse vin misyonè, m pa t panse m te kalifye pou sa, men m te ranpli aplikasyon an. Yo te aksepte m nan 42yèm klas la. Nan Lekòl Galaad, souvan, enstriktè yo te konn di n ki pwogrè nou fè. Depi nan kòmansman kou yo, enstriktè yo te ankouraje m pou m aprann tout sa m kapab sou òganizasyon an pandan m lekòl la. Se te vrèman yon bon konsèy pou yon jèn ki te gen 21 an.
Youn nan kou yo te bay nan Galaad yo te montre fason pou n kominike ak medya yo, anpalan de radyo, televizyon ak jounal. Mwen te twouve l vrèman enteresan. Mwen pa t rann mwen kont jis nan ki pwen sa t apral ede m pi devan, jan m pral esplike sa.
YO TE VOYE M AL SÈVI NAN PEYI SENEGAL
Kèk jou apre m fin gradye, yo te voye m ansanm ak Michael Höhle, patnè misyonè m nan, al sèvi nan peyi Senegal, ann Afrik. Lè sa a, te gen anviwon 100 pwoklamatè nan peyi a.
Apre m te fin pase plizyè mwa nan asiyasyon m, yo te envite m vin travay nan biwo filyal la yon jou pa semèn. Biwo filyal la se te jis yon pyès nan yon kay misyonè. Menmsi biwo a te tou senp, Emmanuel Paterakis, siveyan filyal la, te toujou fè m sonje filyal la reprezante òganizasyon Jewova a nan peyi sa a. Yon lè, frè Paterakis te fè konnen nou ta dwe ekri yon lèt pou n ankouraje tout misyonè yo. Nan epòk sa a, li pa t fasil pou n te fè fotokopi e sa te koute anpil kòb. Donk, nou te sèvi ak yon machin a tape pou n te ekri chak lèt. Travay la te anpil, sitou nou te dwe veye pou pa t gen okenn fot!
Nan aswè, pandan m t apral retounen nan kay misyonè kote m te ye a, frè Paterakis te ban m yon anvlòp. Li te di: “David, Sosyete a ekri w.” Annapre, lè m te ouvri anvlòp la, mwen te jwenn youn nan lèt mwen te tape yo! Sa te aprann mwen pou m te respekte òganizasyon an, kit lokal kote biwo filyal la ye a gwo kit li piti.
Anpil pwoklamatè nan kongregasyon an te vin zanmi m e m te konn pase pifò nan samdi swa yo ansanm ak yo. Mwen te renmen moman sa yo anpil! Nou toujou kenbe kontak. Lefètke m te aprann pale fransè, sa ede m lè m ap vizite filyal toupatou sou tè a.
An 1968, mwen menm ak Linda te fiyanse. Apre sa, m te fè plizyè mwa ap chèche yon travay ki pa t ap pran tout tan m pou mwen menm ak Linda te ka pyonye ansanm nan peyi Senegal. Men, se moun peyi a patwon yo te dwe bay travay, se pa etranje. Rive yon lè, nou te retounen nan peyi Kanada, nou te marye, e yo te nome nou pyonye espesyal nan Edmundston, nan Nouvo Bwonzwik, yon ti vil ki sou fwontyè pwovens Kebèk.
NOU TE PYONYE NAN NOUVO BWONZWIK AK NAN KEBÈK
Pa t gen pwoklamatè nan vil la, se kèk etidyan Labib ki te genyen. Relijyon katolik te kontwole lavi moun yo. Nan prèske chak kay, nou te konn jwenn yon nòt sou pòt la ki di: Nou pa resevwa Temwen Jewova. Nan epòk sa a, nou pa t konn tèlman bay sa enpòtans jan nou fè sa jodi a. Nou te konn al nan chak kay, kit yo te gen yon nòt kit yo pa t genyen. Chak semèn, te gen yon òganizasyon katolik ki te konn fè ekri yon ti nòt nan yon jounal zòn nan ki te di: “Ann lage koukouwouj dèyè Temwen Jewova yo.” Se sèlman kat Temwen ki te gen nan vil la, Victor ak Velda Norberg, mwen menm ak Linda. Donk, nou te byen konnen se avè n yo t ap pale.
Mwen pap janm bliye premye vizit siveyan sikonskripsyon nou te genyen an. Apre l te fin pase yon semèn avè n, li te di: “Petèt sèl bagay nou ka fè pandan nou la a se ede moun yo chanje fason yo wè Temwen Jewova yo.” Depi lè sa a, se te objektif nou, e sa te mache! Tikras pa tikras, moun yo te kòmanse wè diferans ki genyen ant Temwen Jewova yo ak moun ki alatèt nan Legliz katolik yo. Yo te ka wè Temwen yo gen imilite, men moun ki alatèt nan Legliz katolik yo gen ògèy. Kounye a, gen yon ti kongregasyon nan vil sa a.
Apre nou te fin pase anviwon ennan nan zòn sa a ki izole, yo te envite n al ede yon gwo kongregasyon nan vil Kebèk. Anvan yo te voye n nan travay sikonskripsyon an, nou te pase sis bèl mwa ansanm ak frè ak sè nan zòn sa a ki te renmen akeyi moun.
Nou te fè 14 an ap sèvi nan sikonskripsyon nan pwovens Kebèk. Se te vrèman yon bèl eksperyans! Travay predikasyon an nan Kebèk te bay bon rezilta. E nan kongregasyon nou te vizite yo, byen souvan nou te rankontre plizyè fanmi ki t ap fè pwogrè pou yo batize!
NOU SONJE FRÈ N AK SÈ N YO KI TE KONN TRAVAY DI ANPIL
Li fasil pou moun renmen frè ak sè k ap viv nan pati peyi Kanada kote yo pale fransè. Lè yo gen yon bagay pou yo di w, yo annik di w li kareman, e yo gen anpil kè kontan. Sepandan, li pa t toujou fasil pou yo te aksepte laverite, e yo te ka jwenn gwo opozisyon nan fanmi yo. Gen plizyè jèn paran yo ki pap sèvi Jewova te di yo: “Se swa w sispann etidye ak Temwen Jewova yo oswa w ban m kay la!” Se kèk nan yo sèlman ki te pran nan presyon sa a. Jewova dwe te fyè anpil lè l t ap gade yo!
Mwen t ap fè erè si m pa t pale konsènan pyonye pèmanan ak pyonye espesyal estrawòdinè ki t ap sèvi nan Kebèk nan ane sa yo. Pifò nan yo te soti nan lòt zòn nan peyi Kanada. Nonsèlman yo te bezwen aprann pale fransè, men tou, yo te bezwen aprann kilti moun nan zòn nan e yo te bezwen aprann fason yo panse paske relijyon katolik te gen gwo enfliyans sou moun yo.
Souvan yo te konn voye pyonye espesyal yo al sèvi nan tèritwa izole ki pa t gen pwoklamatè. Lefètke te gen prejije nan zòn sa yo, li te difisil pou yo te jwenn kay pou yo lwe e l te menm pi difisil pou yo te jwenn yon travay ki pa t ap pran tout tan yo. Menm moun ki te fèk marye te oblije viv nan menm kay ak gwoup kat, sis oswa uit lòt Temwen pou yo te ka kouvri depans yo. Yo pa t ka kouvri depans yo poukont yo. Pyonye sa yo te konn travay di. Lè yo te jwenn yon etid, yo te met tout yo menm ladan l. Jodi a, lefètke gen anpil pwoklamatè nan Kebèk, anpil nan pyonye sa yo al nan tèritwa ki gen plis bezwen.
Lè nou te konn vizite kongregasyon yo nan travay sikonskripsyon an, an jeneral, nou te fè efò pou n preche ak adolesan yo samdi maten. Sa te pèmèt nou konn ki difikilte yo genyen. Gen nan adolesan nou te konn preche ansanm avè yo k ap sèvi kòm misyonè nan lòt peyi kounye a oswa ki gen lòt responsablite nan òganizasyon an.
Nan epòk sa a, te gen kèk kongregasyon ki pa t ka kouvri depans nou yo lè n t ap vizite yo. Donk, pafwa nou konn pa t gen ase kòb nan fen mwa a. Nan moman sa yo, nou te oblije konte nèt sou Jewova piske se li menm sèl ki te konn sitiyasyon nou. Li pa t janm abandone nou. Nou te toujou rive vizite kongregasyon yo youn apre lòt.
LESON MWEN APRANN NAN MEN KÈK FRÈ FIDÈL
Jan m sot di sa, kou m te suiv nan Lekòl Galaad sou relasyon piblik te ede m anpil. Lè m t ap viv Kebèk, te gen anpil okazyon pou bay temwayaj nan radyo, nan estasyon televizyon ak nan jounal. Souvan yo te konn mete m travay ak Léonce Crépeault, yon frè ki te siveyan sikonskripsyon tou ki te konn kòman pou l kominike ak jounalis yo. Lè Léonce te konn al pale ak yon responsab nan medya yo, li pa t konn chèche montre l tout sa l konnen. Okontrè, li te konn di: “Mesye, mwen menm ak zanmi m nan pa konn anpil bagay nan kesyon piblisite. Men, òganizasyon nou an mande nou pou n fè moun yo konnen Temwen Jewova yo pral fè yon gwo kongrè. N ap vrèman kontan si w ka ede n.” Lefètke Léonce te montre l gen imilite, anpil moun nan medya yo te dispoze ede nou.
Annapre, filyal la te mande pou n travay ak frè Glen How, youn nan avoka nou yo, sou yon seri dosye ki te difisil ki te ka atire atansyon medya yo. Fòmasyon mwen te pran lè m te nan Lekòl Galaad la ak lè m t ap travay ak Léonce lan te ede m anpil. Se te vrèman yon privilèj pou m te travay ak frè How. Lè l t ap defann òganizasyon an, anyen pa t konn fè l pè. Men, sa k te pi enpòtan an, li te renmen Jewova anpil.
An 1985, yo te voye n al sèvi nan yon sikonskripsyon ki te toupre kote papa m te abite a, nan lwès Kanada, e sa te pèmèt nou ede l. Li te mouri twa mwa annapre. Nou te kontinye vizite frè ak sè nan sikonskripsyon ki nan lwès Kanada yo rive jis nan ane 1989. E nou te sezi lè n te jwenn envitasyon pou n ta l fè pati fanmi Betèl Etazini an. Nou te oblije kite travay sikonskripsyon an apre n te fin fè prèske 19 an ladan l. Pandan ane sa yo, nou te konn desann lakay plizyè santèn frè ak sè, e gen anpil frè ak sè ki te fè manje pou nou. Nou gen tout frè ak sè sa yo anpil rekonesans dèske yo te resevwa nou lakay yo e yo te pataje manje yo ansanm avèk nou!
NOU T AL SÈVI NAN BETÈL ETAZINI
Lè n te rive Bwouklin, yo te mete m travay nan Depatman sèvis. M ap toujou gen rekonesans pou fòmasyon m te resevwa nan depatman sa a. Youn nan leson m te aprann se pa panse m konn yon bagay anvan m gen tout ti detay sou li. An 1998, yo te mete m travay nan Sèvis redaksyon kote m toujou ap aprann. Pandan plizyè ane, mwen te gen privilèj travay ak frè John Barr ki te kowòdonatè Komite redaksyon. Fòmasyon li te ban mwen ak tan mwen te fè ap travay ansanm avè l ap toujou gen anpil valè pou mwen. Li te gen yon bèl pèsonalite.
Se vrèman yon plezi pou m travay ansanm ak frè ak sè ki nan Sèvis redaksyon yo ki gen imilite. Yo toujou mande Jewova pou ede yo anvan yo kòmanse travay, e yo byen konnen, kèlkeswa sa yo reyalize, se grasa lespri Jewova, men, se pa grasa pwòp talan pa yo.
Epitou, se te yon privilèj pou Linda avè m vizite frè n ak sè n yo k ap sèvi Jewova fidèlman nan 110 peyi. Nou te kapab wè lanmou misyonè yo, frè ki nan Komite filyal yo ak lòt frè ak sè ki nan sèvis aplentan gen pou Jewova. E se te yon benediksyon pou n wè jan frè ak sè k ap viv nan peyi sa yo chofe nan travay predikasyon an ak jan yo kenbe tennfas. Yo kontinye bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo, malgre lagè, pwoblèm ekonomik ak pèsekisyon. Jewova dwe renmen yo anpil!
Tank ane yo ap pase, Linda ede m anpil pandan m ap fè tout sa m kapab pou m rive fè travay mwen. Li renmen moun anpil, li toujou ap chèche fason pou l ede lòt moun. Epitou, li fò nan bay temwayaj enfòmèl. Li te ede anpil moun aprann konnen Jewova, e l te ede kèk moun ki te sispann sèvi Jewova retounen vin jwenn li. Linda se yon gwo kado Jewova ban mwen! Tank n ap pran laj, nou gen anpil rekonesans dèske gen jèn frè ak sè ki ede nou lè n ap vwayaje ak nan lòt domèn ankò. — Mak 10:29, 30.
Lè m ap panse ak 80 ane ki pase yo, mwen gen anpil rekonesans. Mwen dakò ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo ki te di: “O Bondye, w ap anseye m depi lè m te jèn, e jis kounye a mwen kontinye fè konnen gwo aksyon w fè yo.” (Sòm 71:17). Mwen vle kontinye fè sa toutotan m ap viv.
a Jodi a yo bay fòmasyon sa a nan reyinyon lasemèn nan.