Pwogram pou semèn 27 avril
SEMÈN 27 AVRIL
Kantik 1 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 23 § 19-23, kare p. 287 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Samyèl 26-31 (8 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
Reyinyon sèvis:
Tèm pou mwa a: Mache tankou moun ki saj lè “nou byen sèvi ak tan nou.” — Efe. 5:15, 16.
7 min: “Yon envitasyon dirèk.” Kesyon ak repons. Lè n ap egzamine paragraf 3 a, fè yon demonstrasyon tou kout kote n ap montre fason pou n prezante fich envitasyon an.
10 min: “Rapèl pou kongrè a.” Konvèsasyon. Se sekretè a ki pou fè l. Atire atansyon moun yo sou prensip biblik yo site yo epi montre fason moun yo ka aplike yo pandan kongrè rejyonal 2015 lan. Anplis de sa, pale sou pwen kle ki nan lèt 3 out 2013 yo te voye bay tout kongregasyon yo, ki pale sou prekosyon pwoklamatè yo dwe pran nan domèn sekirite lè y ap asiste yon pwogram espirityèl.
13 min: “Kite pisans ki nan Pawòl Bondye a aji lè w nan ministè a.” Konvèsasyon. Apre w fin egzamine atik la, fè yon demonstrasyon tou kout ki gen de pati. Nan premye pati a, pwoklamatè a ap prezante moun li rankontre a bwochi Bon nouvèl la, l ap resite yon pati nan 2 Timote 3:16, 17, san li pa ouvri Bib la. Nan dezyèm pati a, pwoklamatè a refè prezantasyon an, men fwa sa a, li li vèsè a dirèkteman nan Bib la. Mande moun yo poukisa dezyèm prezantasyon an ka bay pi bon rezilta.
Kantik 124 ak priyè