Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 avril 2015, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo tou bay dat yo egzamine chak sijè dekwa pou nou ka fè rechèch sou yo lè n ap prepare lekòl la chak semèn.
Ki kalite lanmou lanmou fidèl la ye, e nan ki domèn nan lavi a lanmou sa a sitou nesesè? (Rit 1:16, 17) [2 mas, w12 1/10 p. 30 § 5]
Ki jan Rit te fè vin gen repitasyon “yon trè bon fi”? (Rit 3:11) [2 mas, w12-F 1/10 p. 23 § 1]
Lè n ap fè fas ak pwoblèm, ki jan egzanp Ana ka pwofitab pou nou? (1 Sam. 1:16-18) [9 mas, w07-F 15/3 p. 16 § 4-5]
Lè Samyèl te yon ti gason k ap “grandi devan Jewova”, ki sa k te pwoteje l pou l pa t suiv move egzanp pitit gason Eli yo? (1 Sam. 2:21) [9 mas, w10-F 1/10 p. 16 § 2-3]
Lefètke Sayil te refize aji san reflechi lè kèk “mesye voryen” te rejte l antanke wa, nan ki sans sa ka pwofitab pou nou? (1 Sam. 10:22, 27) [23 mas, w05 1/4 p. 30 § 3]
Ki leson enpòtan nou aprann nan move pwennvi Sayil te genyen lè l te panse sakrifis li fè te ka ranplase obeyisans li dwe Jewova? (1 Sam. 15:22, 23) [30 mas, w07 1/7 p. 16 § 3-4]
Poukisa sa rekonfòtan lefètke n konnen Jewova “wè sa kè a ye”? (1 Sam. 16:7) [6 avril, w10-F 1/3 p. 23 § 7]
Selon Pwovèb 1:4, ki sa nou posede Jewova atann pou n sèvi ak yo lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil? (1 Sam. 21:12, 13) [13 avril, w05 1/4 p. 31 § 4]
Poukisa nou ka di Abigayil pa t rebele kont otorite mari l lè l te bay David ak mesye l yo kèk pwovizyon? (1 Sam. 25:10, 11, 18, 19) [20 avril, w09-F 1/7 p. 20 § 4]
Abigayil te mande eskiz pou yon bagay li pa t fè, ki jan egzanp li ka pwofitab pou nou? (1 Sam. 25:24) [20 avril, w02 1/11 p. 5 § 1, 4]