Pwogram pou semèn 4 me
SEMÈN 4 ME
□ Etid biblik kongregasyon an :
lv-CR chap. 4 p. 46-49, kare yo
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Egzòd 23-26
No 1 : Egzòd 24:1-18
No 2 : Sa ki vrèman enpòtan (lr-CR chap. 16)
No 3 : Ki jan nou ka idantifye vrè kretyen yo jodi a ? (rs p. 178 § 4–p. 179 § 2)
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons.
5 min : “ Nou ka sèvi ak feyè nan okazyon sa yo : ” Ankouraje frè ak sè yo pou yo prepare yo pou yo ofri feyè yo chak fwa yo jwenn okazyon pou yo fè sa.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
15 min : Enpòtans sa genyen pou nou montre nou enterese ak lòt moun. Konvèsasyon ak oditwa a, li baze sou Matye 8:2, 3 ak Lik 7:11-15. Poukisa moun yo plis dispoze koute nou lè nou demontre nou enterese ak yo ? Ki jan pou nou fè konnen ki sa ki enterese moun n ap preche a ak sa ki preyokipe l ? Lè nou rankontre yon moun aje, yon adolesan, yon etidyan nan inivèsite, yon paran oswa yon moun ki gen moun mouri, ki jan nou ka montre nou enterese ak yo ?