Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vin nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen : Ki sa Labib anseye toutbonvre ?. Fè efò pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Toupatou sou tè a nou pral fè efò pou nou envite moun nan kongrè distri 2009 la ak nan kongrè entènasyonal y ap òganize nan lemonnantye. Pwoklamatè yo ap gen okazyon distribye yon fich envitasyon espesyal nan tèritwa yo. Kanpay la dwe fèt pandan twa semèn anvan kongrè yo envite kongregasyon an.
◼ Y ap voye ensiy nan kongregasyon yo pou tout pwoklamatè yo. Delege ki pral nan kongrè entènasyonal ap sèvi ak menm ensiy yo.
◼ Filyal la toujou bezwen gen adrès ak nimewo telefòn tout kowòdonatè ak sekretè yo. Enfòmasyon sa yo dwe ajou. Nenpòt lè gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn, sekretè a dwe ranpli yon fich Changement d’adresse du coordinateur/secrétaire (S-29) voye bay filyal la san pèdi tan.
◼ Vandredi 24 avril nan aprèmidi ak samdi 25 avril 2009, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa yo, li pap posib ni pou moun vizite filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon. Pou Etazini, se nan vandredi 8 me ak nan samdi 9 me Biwo filyal ki nan Bwouklin, Patèson ak Wòlkil ap fèmen pou netwayaj prentan.
◼ N ap fè tout siveyan Lekòl ministè teyokratik yo sonje pou yo voye rapò sou sant alfabetizasyon yo nan filyal la chak mwa.