BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/09 p. 4
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Watch Tower Bible and Tract Society a ye?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Lokal kote nou adore Bondye
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Ministè Wayòm nan — 2009
km 4/09 p. 4

Repons kesyon w yo

◼ Èske kongregasyon yo oswa frè ak sè yo ka sèvi ak logo asosyasyon legal Temwen Jewova yo itilize ?

Yon logo kapab yon non, yon senbòl oswa yon mak fabrik ki pèmèt moun idantifye bagay ki gen logo a sou li a byen fasil. Asosyasyon Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania ansanm ak lòt asosyasyon òganizayon an gen ladan l itilize ti desen ki parèt nan tèt paj kouvèti Toudegad la kòm logo. Asosyasyon The Christian Congregation of Jehovah’s Witnesses la ak Association chrétienne “ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ” itilize papye ak antèt ki gen kòm logo yon bib ki ouvè. Lòt asosyasyon ki genyen nan òganizasyon Temwen Jewova yo sèvi ak lòt kalite logo.

Ni kongregasyon yo, ni frè ak sè yo pa dwe itilize logo òganizasyon an oswa non asosyasyon legal ki gen nan òganizasyon an, ni nonplis yo pa dwe sèvi ak logo ki sanble ak logo asosyasyon sa yo nan Sal Wayòm, nan ansèy Sal Wayòm, nan papye ak antèt, ni nan bagay pèsonèl yo, eksetera. Lè yo sèvi ak logo òganizasyon an konsa, sa ka lakòz yon seri de moun, tankou fonksyonè Leta yo, pwoklamatè yo ak lòt moun ankò tonbe nan konfizyon konsènan afilyasyon ki genyen ant kongregasyon yo ak asosyasyon legal yo. Epitou, lè kongregasyon yo oswa frè ak sè yo itilize logo òganizasyon an oswa logo asosyasyon ki gen nan òganizasyon an pou yo voye korespondans, moun ki resevwa korespondans sa yo ka konprann Kolèj santral la oswa filyal la apwouve sa ki ekri nan korespondans sa yo oswa yo ka konprann se Kolèj santral la oswa filyal la ki voye yo.

Yo pa dwe sèvi ak logo ki parèt nan tèt paj kouvèti Toudegad la pou Sal Wayòm yo planifye pou yo konstwi alavni, ni yo pa dwe sèvi ak logo ki sanble avè l pou Sal sa yo, menmsi se asosyasyon Watch Tower ki se pwopriyetè Sal yo. Kongregasyon ki gen Sal Wayòm ki deja gen senbòl sa yo, swa nan fason yo konstwi oswa nan ansèy yo, pa oblije chanje yo tousuit, piske sa ka mande anpil efò, anpil tan ak anpil depans pou yo fè chanjman nan pati kote ki gen senbòl sa yo. Sepandan, yo ka fè chanjman sa yo si sa pa mande gwo modifikasyon ak anpil travay. Sinon, yo ka fè chanjman sa yo lè y ap fè renovasyon nan Sal la oswa nan ansèy la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje