Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 avril 2009, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 2 mas pou rive nan semèn 27 avril 2009.
1. Ki sa Jozèf te fè pou l reziste anba tantasyon li te jwenn nan antouraj li chak jou ? (Jen. 39:7-12) [lv-CR p. 105 § 18–p. 106 § 20]
2. Ki sa Labib montre anrapò ak anivèsè nesans ? (Jen. 40:20-22) [lv-CR p. 147 § 9–p. 151 § 11, sof ankadre yo]
3. Nan ki sans Jozèf se yon bèl egzanp pou nou nan kesyon padone moun ki peche kont nou yo ? (Jen. 45:4, 5) [wF 99 1/1 p. 31 § 2-3]
4. Lè Jozèf te di : “ Pote zosman m yo monte ak nou ”, ki efè pawòl sa a te genyen sou Izrayelit yo ? (Jen. 50:25) [wCR 07 1/6 p. 30 § 10]
5. Ki sa ki ka fè nou gen asirans lè nou resevwa yon asiyasyon ki difisil ? (Egz. 4:10, 13) [wCR 04 1/4 p. 30 § 4]
6. Ki rezilta fason Jewova te aji avèk Farawon an te bay, e ki efè evènman sa yo ta dwe gen sou nou ? (Egz. 9:13-16) [wCR 05 1/6 p. 7 § 8]
7. Ki siyifikasyon Egzòd 14:30, 31 genyen pou nou jodi a ? [wCR 04 1/4 p. 31 § 5]
8. Jan nou ka wè sa nan Egzòd 16:1-3, ki danje konsa ki genyen nan plenyen ? [wF 93 15/3 p. 21 § 1-3]
9. Ann amoni ak sa ki te ekri nan Alyans Lalwa a nou jwenn nan Egzòd 19:5, 6, jis nan ki pwen nou kapab di Izrayèl se te yon “ wayòm prèt ak yon nasyon ki sen ” ? [wF 95 1/7 p. 16 § 8]
10. Nan ki sans dizyèm kòmandman an, konsènan konvwatiz, depase lwa lèzòm yo ? (Egz. 20:17) [wCR 06 1/7 p. 15-16 § 16]