Ki sa Watch Tower Bible and Tract Society a ye?
Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a se yon asosyasyon ki pap chèche fè lajan. Yo te anrejistre l nan ane 1884 anba lwa Commonwealth nan Pennsilvani, Ozetazini. Temwen Jewova yo sèvi avè l pou yo soutni travay predikasyon y ap fè nan lemonnantye a, sa ki gen ladan l pibliye Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la.
Ann amoni ak lwa asosyasyon an, objektif asosyasyon an gen rapò ak aktivite “relijyon, ansèyman ak èd”, sitou pou “preche epi anseye Levanjil Wayòm Bondye a Kris Jezi ap dirije”. Se sou envitasyon yon moun vin fè pati asosyasyon an, se pa sou kantite ofrann li bay yo gade. Manm asosyasyon an ansanm ak moun ki alatèt li yo ede Kolèj santral Temwen Jewova yo.
Lòt asosyasyon legal
Anplis de Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a, Temwen Jewova yo itilize plizyè asosyasyon legal nan plizyè peyi. Pami asosyasyon sa yo, genyen ki gen “Watch Tower” oswa “Watchtower”, oubyen yon tradiksyon non sa yo.
Asosyasyon legal sa yo pèmèt nou akonpli anpil bagay depi lè yo te etabli yo. Yo pèmèt nou fè travay tankou:
Redaksyon ak edisyon. Nou pibliye anviwon 253 milyon Bib. Piblikasyon nou yo disponib nan plis pase 1050 lang. Sit Entènèt jw.org la pèmèt moun li Bib la sou Entènèt nan plis pase 300 lang san yo pa peye pou sa, e li pèmèt yo jwenn repons kesyon moun poze sou Bib la tankou: “Ki sa Wayòm Bondye a ye?
Ansèyman. Nou òganize plizyè lekòl pou bay fòmasyon ki baze sou Bib la. Pa egzanp, depi 1943, gen plis pase 10 mil Temwen Jewova ki benefisye bonjan fòmasyon nan Lekòl Galaad, sa ki pèmèt yo kapab sèvi kòm misyonè oswa pou yo patisipe nan fè travay n ap fè nan lemonnantye a vin stab epi vin djanm. Anplis de sa, chak semèn gen plizyè milyon moun, sa ki gen ladan l moun ki pa Temwen, ki jwenn fòmasyon nan reyinyon ki fèt nan chak kongregasyon nou yo. Nou fè plizyè klas alfabetizasyon tou e nou fè yon liv ki ekri nan 136 lang pou ede moun aprann li ak ekri.
Èd. Nou ede moun k ap soufri akoz yon katastwòf, kit se sa moun lakòz tankou masak ki te fèt nan peyi Wannda nan ane 1994, kit se katastwòf natirèl tankou tranblemanntè ki te pase ann Ayiti nan ane 2010 la.
Byenke anpil nan travay sa yo te rive fèt grasa asosyasyon legal nou itilize yo, men travay nou an pa depann de okenn nan yo. Se chak kretyen ki gen responsablite pou yo akonpli misyon Bondye ba yo pou preche epi anseye bon nouvèl la (Matye 24:14; 28:19, 20). Nou kwè se Bondye k ap soutni travay n ap fè a, e l ap kontinye “fè l grandi”. — 1 Korentyen 3:6, 7.