Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 14 jiyè
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad Jiyè-septanm ak Réveillez-vous ! Jiyè.
15 min : Èske w “ pale ak franchiz ” ? Yon diskou ki baze sou Toudegad 15 me 2006, paj 13-16 (fransè). Mete aksan sou enpòtans pou nou preche avèk kran.
20 min : “ Koute gran Anseyan an. ”a Atire atansyon sou karakteristik remakab liv la genyen. Fè yon ti pale sou pwogram pou etid liv la nou jwenn nan paj 3 Ministè Wayòm sa a. Ankouraje tout moun pou yo asiste etid liv la regilyèman e pou yo fè anpil kòmantè. Fè yon entèvyou tou kout ak youn ou de pwoklamatè yo konnen kòm moun ki toujou byen prepare reyinyon yo, epi mande yo sa k pouse yo fè sa.
Semèn 21 jiyè
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm sa a. Fè pwoklamatè yo sonje vini ak La Tour de Garde 1ye out ak Réveillez-vous ! Out pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan e pou yo prepare yo pou patisipasyon k ap fèt sou fason pou nou prezante peryodik sa yo nan tèritwa kongregasyon an.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Preparasyon se kle pou nou fè nouvèl vizit ki efikas. ”b Yon pwoklamatè ap fè yon monològ pandan kat minit, kote l ap fè preparasyon pou l al fè nouvèl vizit. L ap regade nòt li te pran, li remake gen de moun li bezwen al vizite nan wikenn nan. Ansuit, pou chak moun, li egzamine konvèsasyon li te genyen ak yo, li fikse yon objektif e li fè preparasyon pou l atenn objektif sa a. Pou youn nan vizit yo, li prepare l pou l ofri yon etid biblik. Pou lòt vizit la, li prepare l pou l sèvi ak sijesyon yo bay nan paragraf 5 lan pou l kiltive enterè lakay moun nan.
Semèn 28 jiyè
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jiyè. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Di ki piblikasyon n ap ofri nan mwa out la, epi fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante piblikasyon an.
15 min : Nou dwe toujou sonje gen ijans. Yon diskou ankourajan ki baze sou Toudegad 1ye janvye 2007, paj 10-11, paragraf 17-21.
20 min : Prepare nou pou nou ofri dènye peryodik yo. Konvèsasyon ak oditwa a. Apre ou fin fè yon rezime tou kout sou Réveillez-vous ! Out ak La Tour de Garde 1ye out, mande moun ki nan oditwa a ki atik yo panse k ap pi enterese moun nan tèritwa a, e poukisa. Mande yo sou ki pwen byen presi nan atik sa yo yo konte atire atansyon moun yo. Ki kesyon yo ka poze pou kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè nan atik la yo ka li ? Sèvi ak youn nan modèl prezantasyon ki nan Ministè Wayòm sa a oswa ak youn nan prezantasyon oditwa a sijere pou w fè demonstrasyon sou fason nou ka prezante chak peryodik sa yo.
Semèn 4 out
10 min : Anons lokal.
15 min : Èske pitit ou prepare pou tèritwa espesyal yo genyen an ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Atire atansyon sou kèk sitiyasyon difisil jèn kretyen yo rankontre nan lekòl. Esplike ki jan paran ak pitit ka sèvi ak Index des publications de la Société Watch Tower pou yo jwenn enfòmasyon ki ka itil yo. Bay kèk egzanp. (Gade ribrik “ École ”, soutit “ rapports ”.) Envite moun ki nan oditwa a ki leve nan fanmi ki kretyen pou yo fè kòmantè sou fason paran yo te prepare yo pou yo fè fas ak sitiyasyon difisil yo te rankontre nan lekòl yo e sou fason pou yo aplike prensip biblik yo. Yo ka mansyone jan yo te sèvi ak Réveillez-vous ! pou yo prepare ekspoze yo te gen pou yo prezante nan klas yo. Mande yo esplike ki jan temwayaj yo te bay nan tèritwa espesyal sa a te pwoteje yo.
20 min : “ N ap ranvèse bagay ki anrasinen solidman nan kè moun yo. ”c Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason moun ki te etidye Labib ak yo a te demontre pasyans lè li t ap ede yo abandone kwayans relijye ki fo e ki te anrasinen solidman nan kè yo.
[Nòt anba paj]
a Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
b Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
c Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.