N ap ranvèse bagay ki anrasinen solidman nan kè moun yo
1 Pandan plizyè syèk, Satan sèvi ak fo ansèyman ansanm ak riz pou l mete yon blokaj nan kè anpil moun e pou l avegle entèlijans yo. Li gaye yon seri doktrin tankou Trinite, nanm imòtèl ak dife lanfè. Li fè moun yo gen dout sou egzistans kreyatè a e li fè yo pa kwè sa ki nan Bib la se laverite. Li mete lòt gwo obstak tankou diskriminasyon rasyal ak nasyonalis pou anpeche moun yo wè limyè verite a (2 Kor. 4:4). Ki jan nou ka ranvèse kwayans sa yo ki anrasinen solidman nan kè moun yo ? — 2 Kor. 10:4, 5.
2 Santiman moun yo enplike : Souvan, moun yo atache anpil ak kwayans yo genyen depi lontan. Gen moun ki kwè nan yon seri fo ansèyman depi yo te toupiti. Pou ede moun sa yo, nou dwe pale avèk yo yon fason ki montre nou respekte opinyon yo. — 1 Pyè 3:15.
3 Nou ka montre respè pou moun sa yo lè nou kite yo esplike kwayans yo e nou kite yo di poukisa yo kwè sa (Jak 1:19). Petèt yo kwè nan doktrin nanm imòtèl la paske yo gen moun pa yo ki mouri e yo ta renmen wè yo ankò. Oubyen, lè gen jou ferye, yo gendwa konn reyini pou yo selebre fèt sa yo paske sa ba yo opòtinite pou yo ansanm ak fanmi yo, e yo renmen sa. Lè nou koute sa y ap di, sa ede nou konprann santiman yo e sa ede nou reponn yo yon fason efikas. — Pwo. 16:23.
4 Ann imite Jezi : Jezi ban nou yon bèl egzanp lè li te reponn yon mesye ki te konnen Lalwa byen. Jezi pa t bay yon repons dirèk, repons mesye a ta ka rejte paske li te atache ak kwayans li yo. Olye de sa, Jezi te sèvi ak Ekriti yo, li te envite mesye a eksprime pwennvi l e li te sèvi ak yon egzanp pou ede mesye a rezone. — Lik 10:25-37.
5 Pa gen okenn konparezon ant verite ki nan Pawòl Bondye a ak fo kwayans moun yo genyen ki anrasinen solidman nan kè yo (Ebre 4:12). Avèk pasyans, si nou rive touche kè moun yo, n ap anmezi pou nou ede yo rejte fo ansèyman e n ap ede yo jwenn laverite ki ka libere yo a. — Jan 8:32.