BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/08 p. 1
  • Koute gran Anseyan an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Koute gran Anseyan an
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 7/08 p. 1

Koute gran Anseyan an

1 Èske nou sonje lè liv Koute gran Anseyan an te parèt nan kongrè distri 2003 epi apre sa nou te vin genyen l an kreyòl nan ane 2006 ? Liv sa a te bay ni timoun ni paran kè kontan. Men sa yon manman ki gen yon pitit gason ki gen nevan te ekri pou l pale konsènan moman sa a : “ Liv la te fè dlo koule nan je m. Se te yon veritab benediksyon paske semèn pase mwen te enkyè poutèt mwen pa t konnen ki sa egzakteman pou m etidye ak pitit gason m nan. Mwen te priye Jewova pou l ede m anseye pitit mwen an verite biblik ki pi solid e pou m fè sa yon fason ki senp e ki atiran. Anfèt, mwen pa t konnen ki kote pou m kòmanse. Jewova te reponn priyè m lè m te resevwa bèl liv sa a ki chaje ak foto. ”

2 Anpil moun, jèn kou granmoun, deja li liv sa a. Gen paran ki pran plezi pou yo etidye l ak pitit yo. Èske ou menm ak fanmi w te tire pwofi nan 48 leson byen prepare ki gen nan liv sa a ? Nou pran plezi pou nou fè nou konnen nou tout pral gen okazyon pou nou tire anpil pwofi nan liv sa a piske nou pral etidye l nan etid liv apati semèn 21 jiyè 2008.

3 Petèt ou di “ liv sa a se pou timoun. Mwen twò gran pou m tire pwofi nan yon piblikasyon konsa ”. Sepandan, gade ki remak yon frè te fè. Li di : “ Liv Koute gran Anseyan an konvenkan toutpandan li senp e li motive moun tout laj, menm mwen menm ki gen 76 an. Se yon moun k ap sèvi Jewova depi l toupiti ki di nou yon gwo mèsi. ”

4 Piblikasyon sa a gen anpil bon prensip tout kretyen ta dwe konnen e yo ta dwe aplike. Nou ankouraje w pou w fè aplikasyon pratik prensip sa yo pou w ka edifye jèn k ap asiste etid liv la. Anmenmtan, ou ka fè aplikasyon yo nan divès domèn tankou nan lavi fanmi, nan relasyon nou genyen ak lòt kwayan parèy nou, nan chwa divètisman e nan patisipasyon nou nan ministè a. Tout moun ap pran plezi pou yo fè kòmantè sou 230 foto ki gen nan liv la.

5 Men sa yon ti gason ki gen 12 an te ekri konsènan liv sa a : “ Liv Koute gran Anseyan an aprann mwen pou m toujou renmen Bondye, e li aprann mwen pou m pale de Bondye ak lòt moun, e pou m pale avèk li nan lapriyè. Anplis, li aprann mwen mande Bondye èd ak pwoteksyon. Mwen aprann moun ki renmen Bondye e ki fè sa l mande ap nan Paradi a. Grasa liv sa a, mwen pa menm moun nan ankò. Mwen te konn bay manti tout tan, men lè mwen kòmanse li liv la, mwen sispann fè sa. Bagay mwen aprann nan liv sa a fè m vin anvi li lòt liv tankou liv sa a. Mwen t ap kontan aprann plis bagay sou Bondye. ” Nan menm sans lan, nou sèten nou tout ap tire pwofi nan liv “ Koute gran Anseyan an ”, yon bonjan zouti k ap ede nou etidye Bib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje