Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa liv Konesans lan, si kongregasyon an genyen l. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Kontinye veye ! a.
◼ Piske mwa desanm gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Paj mitan Ministè Wayòm nan se “ Pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2007 ” la. Nou dwe konsève l pou nou sèvi avè l pandan tout ane 2007 la.
◼ Y ap egzamine enfòmasyon ki nan kasèt videyo Pas de sang : la médecine relève le défi a nan yon reyinyon sèvis nan mwa janvye a. Si sa nesesè, kongregasyon an dwe fè kòmann DVD a oswa kasèt videyo a osito sa posib.
◼ Nou kontan fè nou konnen 24 elèv 7yèm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl la te resevwa diplòm yo dimanch ki te 25 jen 2006 la nan Sal asanble Santo a. N ap pwofite ankouraje tout ansyen ak asistan ministeryèl selibatè ki pa fiyanse e ki ranpli lòt kondisyon yo pou yo anvizaje pase nan lekòl sa a. Kontrèman ak sa nou te anonse nan Ministè Wayòm mas 2005 lan, 8yèm klas la pap kòmanse 30 novanm ankò, men l ap kòmanse pito 7 desanm 2006.
◼ Men kongregasyon ki fèk fòme : Fèmat (Kenskòf).
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2007 la dimanch 15 avril. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 15 avril.