BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/06 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 10/06 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 30 oktòb 2006, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 4 septanm pou rive nan semèn 30 oktòb 2006. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Poukisa li enpòtan pou nou gen asirans lè n ap pale e ki jan nou kapab diminye strès ? [be p. 135 § 5–p. 137 § 2, kare yo]

2. Lè yo poze nou kesyon sou kwayans nou, poukisa nou ta dwe itilize Bib la pou nou reponn ? [be p. 143 § 1-3]

3. Ki jan nou kapab vin pi efikas nan sèvi ak Bib la ? [be p. 144, kare]

4. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi anpil ak Bib la lè n ap anseye nan ministè a, e ki jan nou ka ankouraje moun ki nan oditwa a pou yo sèvi avè l nan reyinyon kongregasyon an ? [be p. 145-6, kare yo]

5. Ki de objektif nou dwe vize lè n ap entwodui yon vèsè ? [be p. 147 § 2]

EKSPOZE No 1

6. Ki mesaj enpòtan nou jwenn nan liv Sòm yo ? [si-F p. 105 § 23]

7. Ki lè yo te ekri liv Pwovèb la e ki lè yo te konpile l ? [si-F p. 107 § 5]

8. Ki sa yon pwovèb ye, e poukisa tit yo bay liv Pwovèb la ann Ebre apwopriye ? [si-F p. 107-8 § 6]

9. Ki sa ankourajman nou jwenn nan Pwovèb 2:1-5 lan, ankourajman ki di pou nou kontinye chèche konesans, bon konprann ak disènman “ tankou ajan ” e “ tankou trezò kache ” a, vle montre nou ? [be p. 38 § 4]

10. Ki jan liv Pwovèb la montre li se yon liv ki itil ? [si-F p. 110 § 19]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki jan David ‘ te apeze nanm li e li te kalme l tankou yon timoun ki sevre ki sou manman l ’, e ki jan nou ka imite l ? (Sòm 131:1-3)

12. Ki rekonfò nou ka jwenn nan pawòl enspire ki nan Sòm 139:7-12 la ?

13. Site kèk egzanp yo mansyone nan Sòm 145 anrapò ak grandè Jewova ki fè nou kapab louwe l nan priyè nou ak nan ministè a ? (Sòm 145:3)

14. Nan ki sans lakrentif pou Jewova se “ kòmansman konesans ” e se “ kòmansman sajès ” ? (Pwo. 1:7 ; 9:10)

15. Nan Pwovèb 7:1, 2, ki sa ki anglobe nan ekspresyon “ pawòl mwen yo ” ak “ kòmandman m yo ” ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje