BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/04 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 10/04 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri 1ye- 17 oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Kote gen moun ki enterese, nou kapab ofri bwochi Bondye vle a e nou kapab fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun nan. 18 oktòb-14 novanm : Kanpay espesyal pou distribye bwochi Kontinye veye ! a. 15-30 novanm : Écoute le grand Enseignant. Si moun nan di li pa gen pitit, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè w ap sèvi ak bwochi a, fè efò pou w kòmanse etid biblik. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen yon kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv L’humanité à la recherche de Dieu.

◼ Paj mitan Ministè Wayòm nan se “ Pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2005 ”. Nou dwe konsève l pou nou sèvi avè l pandan tout ane 2005 lan.

◼ Si orè reyinyon kongregasyon nou an ap chanje 1ye janvye, sekretè kongregasyon an dwe fè biwo filyal la konn sa etan l ap voye fòmilè “ Réunions de la congrégation/Demande de feuilles d’invitation ” ​(S-5). Si sa nesesè, nou kapab mande lòt fich envitasyon sou menm fòmilè S-5 lan. Nou dwe mande fich envitasyon yo omwen uit semèn anvan lè nou ta renmen resevwa yo a.

◼ Filyal la pap egzekite demann pèsonèl pwoklamatè fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an fè pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki ta bezwen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.

◼ Nan mwa desanm k ap vini an pral gen Lekòl pyonye nan tout sikonskripsyon nan peyi a. Pyonye yo pral envite se pyonye ki gen pou pi piti yon ane nan sèvis la. Avèk letan tout pyonye, menm sila yo ki te deja pase nan Lekòl la, pral gen privilèj pou yo asiste l. Rezon an se paske, jan yo te anonse sa nan kongrè distri ane pase a, gen yon nouvo liv ki fèk parèt pou pyonye yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje