BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/04 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 10/04 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 oktòb 2004, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 6 septanm pou rive nan semèn 25 oktòb 2004. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki jan nou ka toujou rete pozitif nan sa n ap di lè n ap bay yon diskou sou nenpòt ki aspè nan aktivite nou antanke kretyen ? [be p. 203 § 3-4]

2. Ki sa repetisyon ye, e poukisa li enpòtan ? [be p. 206 § 1-4]

3. Lè n ap bay yon diskou, ki jan nou ka mete aksan sou tèm diskou a ? [be p. 210 § 1-5, kare]

4. Ki jan nou ka detèmine pwen prensipal yon diskou nou gen pou n fè ? [be p. 212 § 1-4]

5. Poukisa nou dwe fè atansyon pou nou pa gen twòp pwen prensipal ? [be p. 213 § 3-5]

EKSPOZE No 1

6. Ki pwogrè ki te reyalize anvan delij la ki te ka rann li difisil pou moun yo kwè tout bagay ki gen toutotou yo t apral fini ? [w02-F 1/3 p. 5-6]

7. Poukisa se yon bagay ki remakab lefètke moun nan epòk Jezi yo te konn rele l “ Anseyan ” olye yo te rele l “ Gerisè ” ? (Lik 3:12 ; 7:40) [w02-F 1/5 p. 4 § 3 ; p. 6 § 5]

8. Ki jan Pwovèb 11:24, 25 souliye enpòtans sa genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou nou patisipe nan tout fasèt ministè a ? [w02-F 15/7 p. 30 § 3-5]

9. Ki kesyon moral ki te soulve lè rebelyon an te fèt ann Edenn, e ki konsekans rebelyon sa a genyen ? (Jen. 3:1-6) [w02-CR 1/10 p. 6 § 1, 3-4]

10. Ki jan yo detèmine dat vrè adorasyon an te retabli nan Jerizalèm ? [si-F p. 285 § 5]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Piske se Jewova ki te di Balaram pou l ale ak mesye Balak yo, poukisa Li te fache lè Balaram te ale avèk yo ? (Nonb 22:20-22)

12. Èske mari yon kretyèn kapab anile ve madanm li fè ? (Nonb 30:6-8)

13. Ki sa “ vil refij ” yo reprezante jodi a ? (Nonb 35:6) [w95-F 15/11 p. 17 § 8]

14. Kòmandman ki nan Detewonòm 6:6-9 la, ki di pou Izrayelit yo ‘ mare lwa Bondye a sou men yo e pou yo mare l nan tèt yo tankou yon bando ’, èske se yon kòmandman pou yon moun pran nan sans literal ?

15. Èske pawòl ki di “ manto w pa t ize ” a te tou senpleman vle di yo te toujou ap ranplase stòk rad Izrayelit yo ? (Det. 8:4)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje